Makiyaj ayiti mete a pa fè sans ak li


[ Kesyon Moun Mande Anpil ]

Asha pierre afiche mesaj sa, jou 06 Janvye 2000 a 15:34:24:

Onè tout moun!

Se anpe kesyon mwen vin mete la a m tap gade si gen moun kite ka reponn anpe ladann. Poukisa ayiti fin konsa a pa gen yon rechange ki kapab fèt la dann? Pouki nou chita de bra kwase bouch mare pa gen moun ki ka fè annyen pou retire peyi a nan move sitiasyon sa a? Poukisa nou tout diaspora ayisyen kap viv nan lòt peyi pa ka mete tèt ansanm pou de anchennen ayiti? Gen de moun san pitye kap viv nan ayiti monchè anfen. Poukisa yon sèl bagay yon malere yo dechèpiye l? Eske nou manke moun ki ta ede nou ou byen gen moun se tan ki pa gennyena? lè yon ti malere gen yon rèv kite rive rayisan fèl disparèt. Mwen ta vle mande presidan ayisyen ki kòmande tout moun nan ayiti an sil pa ka fè yon kolè sou sak kap fèt nan peyi dayiti. Mwen santi m pa ka tande de violans kap fèt nan ayiti ankò tròp moun mouri inosan. M wè tout bagay ki nan ayiti chavire tèt anba. Eske pa gen yon moun ki ka fè yon jan ak sa? Chante, danse, kriye, pale, fache, boude kilè sa ap change? Kilè inosan yo a sispann viktim? Kilè bal ap sispann tire? Kilè na di nou gen peyi pwòp e respè? Gen anpil ayisyen ki nan ayiti ki egoyis mpa fache yo gen rezon. Sant fatra sa yo ki ayiti a mete nou moun ki ayiti yo fou sou.


Repons sou sijè sa: