ou menm, Ayisyen k ap viv Deyò, Jwèt pou ou!


[ Kesyon Moun Mande Anpil ]

Dahoud Andre afiche mesaj sa, jou 12 Janvye 2000 a 01:42:36:

Fanmi yo,

Gen yon koze k ap pale nan mitan yonn nan radyo nan kominote Ayisyen nan New York la (Radyo Solèy D Ayiti), mwen ta renmen pakèt lespri k ap viwonnen nan lakou sila a reflechi sou li tou epi separe reyaksyon yo ak lòt Ayisyen.

Gen yon pwopozisyon ki te fèt pou Ayisyen k ap viv deyò peyi a, tout kote sou latè, sitou sa k ap viv nan peyi blan gran nèg yo, ta aksepte pou voye bay leta Ayisyen yon ti montan lajan (petèt 1% konsa) nan kòb yo fè chak ane. Yon moun ki fè $20,000/ane ta dwe kontribiye $200/ane. Li fasil pou moun ki ranpli taks (enpo) yo t a annik fè fotokopi sa yo voye bay gouvènman kote y ap viv la epi voye l ansanm ak kontribisyon yo. Chak moun ki fè sa t ap jwenn yon resi pou dosye yo. Se yon bagay ki t ap fèt sou yon baz regilye epi san paspouki pou pati politik oswa dirijan ki sou pouvwa a. Sa vle di depi se yon gouvènman ke majorite pèp Ayisyen an anndan peyi a t a vote pou li nan eleksyon lib e libè ki sou pouvwa noumenm ki deyò yo nou t ap bay patisipasyon sa a pou ride peyi a vanse epi pou diminye si se pa sispann nètalkole nan kalite bouzen responsab nou yo blije ap fè pou ti monnen. Jodi a, pandan m ap ekri mesaj sa a, Premye Minis la, Minis Finans la, ak Minis Zafè Etranjè a tou letwa nan peyi Taiwan. Nou pa bezwen mande ki sa y al regle.

Koze sa yo te koumanse pale nan mitan dènye souflèt Ayisyen frè ak sè nou (ki pa t jwenn menm chans ak nou pou yo te teri nan gwo peyi kote yo ta ka ap sèvi ak entènèt) ap ranmase nan men vwazen Dominiken. Tout zile nan karayib yo bouke ak Ayisyen k ap debake nan lakou yo. Meriken menm se koule batiman kanntè epi sa k pa peri mare yo tankou kabrit mennen yo tounen Pòtoprens. Senmenn sa yo pandan yo kenbe yon ti bway Kiben otaj pou kraze moral Fidel Castro ak pèp Kiben an, yo retounen pitit yon fanm Ayisyen Ayiti pandan ke yo kenbe Manmzèl Miami. Moun k ap kouri kite Ayiti yo fè sa pou menm rezon ki fè anpil nan nou te kite peyi a epi nou tout ki deyò deside rete deyò jodi a: yon lavi miyò.

Kesyon an se kouman lavi a ka miyò lakay pou sa k anndan pa sòti epi sa k deyò vle tounen.

Anpil Ayisyen nan zòn New York la toujou pale koze kòb la lè y ap diskite sa n ka fè pou Ayiti. Mwen m panse nou dwe fè anpil lòt bagay ki depase kòb men sa se yon lòt koze pou yon lòt jou. Annatandan jodi a, se yon pawòl peye taks (enpo) k ap pale. Nou ka fè l jodi a. Kidonk m ta renmen tande sa lòt Ayisyen ki konsène di nan sa.

Lide a se pa pou kòb la pase nan men pyès endividi oswa òganizasyon kote chimen kwochi ta ka fèt ak li. Se yon angajman pèsonèl nou chak ta ka pran pou depoze montan an dirèk dirèk nan yon enstitisyon tankou labank nasyonal peyi a. Sa kapab fèt menm jan nou fè transfè pou fanmi nou lakay jodi a. Se yon montan ki t ap rantre dirèk nan bidjè peyi a ke gouvènman an t ap sèvi ak li tankou tout kòb peyi a. Li ta bon pou Prezidan an ak Minis Finans la ta pran responsabilite dirèk pou deplasman kòb nan kont sa a epi pou yo ta mete piblik chak ane rantre ak soti lajan leta epi wòl kontribisyon Ayisyen deyò yo nan bouyon an.

Sa m transmèt la yo, se lide k ap drive nan lakou New York. Yo nan nivo bouyon (enfòmèl) kidonk mete sa k nan djakout ou, retire sa ou wè ki pa bon epi anvan ou bat je ou bagay sa a ka vin yon reyalite.

M ap ankouraje tout moun k ap li mesaj sa a pou sikile l ak tout Ayisyen yo konnen epi nan tout fowòm Ayisyen frekante.


Repons sou sijè sa: