Diaspora ayisyen jwèt la pou nou tout!


[ Kesyon Moun Mande Anpil ]

Mr C afiche mesaj sa, jou 01 Fevriye 2000 a 13:56:21:

Nou? Diaspora ayisyen nou pa ayisyen si nou te ayisyen mwen kwè ke nou ta akonpli travay kòm se ayisyen. Peyi d'ayiti manke anpil pwen si nou pa mete fwen Ayiti, yon jou noumenm kap viv you lòt peyi nou pap ka pran pye nan peyi sa a, fòk lnou pa abandonnen l.

Men, noumenm ti zye nou pa tro piti, poun pa ka wè sak kap fet, ak yon gouvènman ki mete de men nou tèt ap gade ki chimè yo ap tchimen. Pèp la se tankou yon ti bebe e tankou you klou. kote nou te konn tande pale a diz è diswa you moun pa gen dwa manche. A tanke Ayiti se peyi pa nou pou nou ale ladann se sere pou n'ap sere, kache, lè l la nwi nap mande ki la jou e lè li jou nou pa kapab pran pye vre nan laria. Men yon lòt bagay ankò lari a plen ak fatra, salte près pou dekonpose w. Eske nou pa wè fiti sa a nwa pou peyi nou, tout bagay ki pou ta fè peyi avanse pa gennyen yo tankou: Manke sekirite, Violans toupatou, Fatra ak salte nan tout kote, si Ayiti tout moun ladan pat sou+fou=(volè-100%sòt)=chanpan, Ayiti tap you bèl ti Ile bijou.

Bon! mezanmi nan you ti kras tan ankò, si yon mo enpòtan pa devwale nan bagay kap fèt an Ayiti, noumenm diaspora nou pap ka pran pye nan Ayiti, pou mwen menm mkapon kon chat mpè mouri se pa fòt mwen. Si nou fè sa, se pou pitit peyi a demen ak noumenm pou nou pa gen move relonmen se noumenm ki grandè peyi.

One respe




Repons sou sijè sa: