Chita-pale Fakilte Lengwistik Aplike a


[ Kesyon Moun Mande Anpil ]

Lionel Hogu afiche mesaj sa, jou 28 Fevriye 2000 a 18:07:17:

Colloque International de Politique Linguistique 14-19 fevrier 2000. Poukisa?

Konstitisyon 1987 la pale an twa fwa de lang peyi Dayiti yo epi tout travay pou fè volonte sa a tounen aksyon an ret pou fèt. Se pou pouse aksyon sa a Fakilte Lengwistik Aplike te òganize yon chita-pale (Colloque) ak kèk save peyi etranje (International) ak pitit kay (tout ministè yo, ONG, Inivèsite leta tankou prive) sou politik ki pou ta tabli sou sèvis ki ta ka fèt ak lang yo. Jou chita-pale a t ap kòmanse a, te gen, san manti, plis pase mil moun nan Rex Theatre. Ou te jwenn Premye Minis la ak pifò manm kabinè l la. Diplomat, Direktè Ministè ak Direktè Pwojè e yon latriye pwofesè ak elèv lekòl te la tou. Tout moun te dakò pou yo di li lè, li tan pou nou sèvi ak de bon zouti nou genyen yo: lang franse ak lang kreyòl la. Politik andaki, woulemdebò k ap fèt la domaje ni kreyòl la ni franse a tou.

Etranje ki te envite yo, pa pi etranje pase sa sou koze politik ak pwoblèm lang paske yo pase maladi ki esplike yo konn renmèd. Matinik, Giyann, Sentlisi, Dominik, Trinidad ap kontrekare ak bilengwism lakay yo. Peyi afriken yo ap debat toujou anba yon latriye lang ki pa ka defann tèt yo devan lang ansyen kolon yo. Kebèk ak Beljik ap dangoye anba chirepit gwo lang ti lang kote gwo lang nan soti pou li vale ti lang nan anvan lontan. Lafrans, wi Lafrans wi, te oblije pou premye fwa an 1992 deklare lang franse lang ofisyèl peyi Lafrans pou li te ka ekri yon dibita lwa ak regleman pou defann lang franse an Frans menm. Lafrans te monte yon dal komisyon ki la pou tradui prese-prese tout mo nèf ki parèt pou anpeche moun pran abitid sèvi ak mo angle ki donminen teknoloji a.

Ayiti gen twa referans nan konstitisyon an senpman sou lang peyi a. Poko gen regleman sou kijan pou moun sèvi ak lang yo e nan ki kondisyon. Colloque chita-pale a te fèt pou poze pwoblèm sa yo ak tout sektè leta ak prive anmenmtan ak inivèsite nan peyi a nan braselide ak etranje ki kòmanse deja nan batay sa yo. Nou konnen travay Office de la Langue Francaise fè nan Kanada pou lang sa a pa disparèt nan bouch timoun k ap grandi yo, responsab sèvis "terminologie" a te la pou li di kisa l ap fè nan biwo sa a tankou yon anplwaye leta. Yon lide nou aprann e ki ka ede nou pou nou fòse leta ayisyen peye teknisyen pou fè travay sa yo. Diksyonè kreyòl la, ki pran ventan pou li monte, pare pou sòti nan lari; men tout moun ki te travay ladann yo se te volontè e se petèt pou sa li pran tout tan sa a. Kounyeya rete pou nou fè l pran wout enprimri. Si nou bezwen yon bèl chelèn, fòk nou met lajan deyò.

Konsèy Elektoral Pwovizwa a (KEP) la te pwofite Colloque la pou l te mete deyò lwa elektoral la an Kreyòl, travay Dr Mirville rekonèt ki te fèt gras a presyon ki te fèt aletranje menmsi lide a te toujou la nan lis okipasyon KEP la. Nou aprann menm lè sa a tou li te pi fasil pou lwa an franse a te ekri pi vit paske te gen lwa an franse anvan ki te ede yo. Avèk lwa an Kreyòl sa a, se yon baryè ki louvri pou sa kontinye fèt tout tan.

Travay nou menm ki nan REKA se veye pou tout sektè respekte angajman yo pran pandan chita-pale a. Se konsa nou ka fè lang nou an vanse. Te gen chak jou, ant 250 ak 300 moun ki te patisipe nan atelye travay yo ak konferans leswa yo e ki te fè pwopozisyon solid sou sa ki dwe fèt. Responsab leta yo pran angajman pou yo bay Kreyòl la jarèt nan ministè yo e pou yo sèvi ak de lang yo nòmalman.

Degi: gen kritik ki di poukisa se an franse dokiman envitasyon yo ak kominikasyon yo te fèt. Gen moun ki te chwazi, san demagoji, pou yo pale Kreyòl. Tèks mwen an te ekri an Kreyòl men mwen te fè yon ranmase an Franse lè m t ap prezante a. Nan lavi fòk yon moun konn kouri, konn kache, konn degaje. Chita-pale a te òganize pou montre moun ki opouvwa yo nesesite pou yo bay Kreyòl la plas li merite a. Lè sa va fèt pap gen demagoji e tout bagay ap fèt jansadwa danlarègdwatèt. Nou tout konnen se Franse yo pale, se Franse yo li e se li yo renmen. Nan politik ban m m a ba ou, nou te sèvi ak Franse pou kreye espas pou Kreyòl la antre.


Repons sou sijè sa: