Kilè "letranje" ap sispann "lanpòt sou layisyen"?


[ Kesyon Moun Mande Anpil ]

jafrikayiti afiche mesaj sa, jou 01 Mas 2000 a 15:15:27:

Kanmarad,


Men ti moso koze mwen ranmase apati rapòtay SICRAD fè sou konferans ki fenk sot fèt Ayiti a.

Tankou yo te aprann nou depi nou tikakat sou ban lekòl "Lemaskilen lanpòt sou lefeminen". Sa se leson ki te ekri. Men, pami leson souzantandi, nou te aprann tou:"letranje lanpòt sou layisyen". Règ sa a pa janm chanje!

Annou li rapòtay SICRAD:

"Entèlektyèl ayisyen an trayi abitan an"

Ekriven Jean Claude Martineau, ki gen ti non Koralen, remake n ap viv yon sou devlopman Kreyòl la an Ayiti, kote se Franse a yo bay plis enpòtans. "Chak fwa yo bezwen di yon bagay enpòtan, yo chwazi pale Franse".

Nan chwa ki fèt la, JC Martineau panse "entèlektyèl ayisyen an trayi abitan an. Li flanke yo sou kote."

JC Martineau pa kwè Ayiti se yon peyi kote yo pale 2 lang. Pou li "an Ayiti, nou gen 2 lang. Tout moun pale Kreyòl epi yon ti pwèlyèm kapab degaje yo nan Franse".

Martineau panse se pa fè lwa ki pi nesesè. Gen yon seri dispozisyon yo ta fèt pou pran, tankou:

- Tout anplwaye Leta dwe pale Kreyòl ak moun ki adrese l an Kreyòl epi Franse ak moun ki adrese l an Franse.
- Kreye yon Pri pou liv an Kreyòl ak chante an Kreyòl.
- Ekriven dwe sispann fè melanj Franse ak Kreyòl. (17/02/00)

"Ranfòse prezans Kreyòl nan medya yo"

Philippe Montas, pwofesè nan FLA a, voye yon kout je sou sektè laprès la kote li souliye anpil feblès nan itilizasyon lang yo. Li wè Kreyòl la viktim diskriminasyon, alòske pi fò mwayen kominikasyon yo konsantre nan Pòtoprens.

Pami pwopozisyon Philippe Montas fè, li mande pou:
- Kreyòl figire nan paj jounal egalego ak Franse, oubyen plis pase Franse;
- Tabli yon politik alfabetizasyon, pou gen plis moun ki li;
- Jounal al fè repòtaj, vann ak tabli nan zòn pwovens yo;
- Ranfòse izaj Kreyòl nan prezantasyon nouvèl;
- Tradui depèch yo an Kreyòl;
- Konvenk ajans piblisite yo nan sèvi ak Kreyòl. (17/02/00)


"Se franse ki te taye banda nan kolòk sa a tou - ou va sezi tande pouki. Oudimwens, ou pap sezi. Se kòmalòdinè! "


Gen lè se sèlman nan lang franse Fakilte a bay enfòmasyon yo. Si se ta vre, nou
kwè se yon michan souflèt lang kreyòl Ayisyen an ta pran yon lòtfwa anko.

Pierre BAIN / Komite Inisyativ pou Kore Alfabetizasyon an Ayiti (KIPKAA)

Eske mesyedam ki alatèt braselide sou "politik lengwistik pou
Ayiti" yo pibliye enfòmasyon sou aktivite sa a nan lang franse senpleman?

Jafrikayiti / Rezo Entènèt Kreyolis Ayisyen (REKA)

Sou enkyetid sa yo, SICRAD te kontakte Pierre Vernet ki fe konnen yon bon pati nan deba yo dewoule an Kreyòl. Men, akòz prezans etranje k ap patisipe nan woumble a, konferans yo fèt an Franse.

Alewè: http://rehred-haiti.net/membres/crad/sicrad/reperes/poling.html

"Etranje ki Ayiti pa tande kreyòl, ni andirèk ni nan bouch tradiktè. Epitou, tout moun konnen se lizay lakay: etranje toujou gen priyorite!"

Et les nègres chantèrent: "Vive nos ancêtres les Gaulois!"


Jafrikayiti
"Ayisyen yo pito pale franse olye yo pale kreyòl!"



Repons sou sijè sa: