Metamòfoz : «La Famille La Vallasse» ?


[ Kesyon Moun Mande Anpil ]

jafrikayiti afiche mesaj sa, jou 15 Mas 2000 a 09:50:15:

Anmwey!

Tankou sezisman yon asosye ki wè, yon lòt fwa ankò, konpayèy li lage «las blan» sou tab la pou krisifye «doub sis» nan men li, epi pèmèt lenmi fè dekabès ak «doub blan», mwen rele :

Anmweeeeeeeeeeeeeeeeeeeeeeeeyyyyyyyy!

Tankou rèl Kiki dèyè ti kouzen li Bendo ki kannale kouri tèt bese-tout boulin dèyè yon boulsenkgoud ki kite limit ti lakou a, franchi rigòl dlo, al layite nan mitan lari « Route de dalles » kote « Air France » (Tap-tap Kafoufèy la) ap vòltije 150 milalè tankou yon dyab-a-motè k ap chèche pitit Bondye pou li devore, mwen rele :

Anmweeeeeeeeeeeeeeeeeeeeeeeeeeeeeeeeeeeeeeeeeeeeeeeeeyyyyyyyy!

Bondye fè se pa ka lanmò ki genyen. Kidonk, n ap pale pi klè.

Titid sa k ap pase konsa a ?

Kote «liv mawon» an ?

Wi! Kote liv nan lang manman chak grenn Ayisyen an, ki sipoze ede nou wè klè kote fanmi an prale?

Dekiprevyen, nan kè ane 2000 la, «kòk kalite» ponn yon «liv blan», nan lang blan, pou nèg ak nègès Ayiti?

Tititid souple pale avè m, kote «liv mawon» an. Liv Boukmann, liv Kebinda, liv Janm Koupe, liv Kakapoul, liv Goman an?

Anveritedye mesyedam se vre wi, anpil fwa, se noumenm menm ki lakòz zòt konprann se nòmal pou li krache nan figi nou. Se noumenm ki bay zòt okazyon pou li aji kòm granseyè (giyon kolon dyòl bòkyè) nan baskou nou.

Nan ane 2000 la, se pa atitid frankofolik sa a moun k ap goumen tout bon pou libète peyi nou t ap espere nan men Lafanmi. Gen moun ki di se presyon eksteryè ki lakòz. Genyen ki di se paske yo kouri bri « Lafanmi pa gen gad ki ka pale franse san pran souf». Se sa ki lakòz Lafanmi panike, li tonbe fè lakilbit makak ekzibisyonis. L ap pale-depale nan lang franse, tout kote gen zòrèy pou tande. Tout kote gen je ki pou gade. Yo di : semenn sa a menm «jounal Diyite» gen plis mo «Gaulois» nan kòtòf li pase mo pitit « Tonton Morisso» ak « Tonton Sixto». Mezanmi nan kisa nou pran la a?

Lafanmi èske ou se cheni k ap tounen papiyon?

Ki kalte zèl sa yo k ap pouse nan do ou la?

Titid, jodi a mwen rele amwey paske mwen pa kapab wè espektak sa a ak je mwen ankò. Mwen sonje twòp jenn fanm 14 lane, twòp grandèt 80 lane epik, twòp jwenn gason sou beki, twòp tibebe nan pousèt, twòp…twòp Ayisyen natif-natal, Ayisyen-kreyòl ki kanpe kòt-a-kòt devan Ayewopò 27 septanm 1991 , nan « Litte-Haiti » Miami, devan anbasad Etazinyen Ottawa, nan lari Montreal, devan Nasyonzini nan New-York, sou beton Washington anba fal gwo towo chwal Alman Lapolis Bill Clinton yo - ap chante chante kreyòl pou liberasyon Nègmawon, nan peyi Nègmawon. « Demokrasi wi, Ipokrizi non! » ou sonje sa Titid?

Titid, pa bliye apa pèp Ayisyen - ki simante ak yon sèl lang nan (lang Kreyòl !), ou pa gen pyès bonjan asosye ki ka ede ou regle anyen serye pou Ayiti. Apa noumenm Ayisyen-Nègmawon, se reken nèt ki antoure tab la, ki fofile kò yo nan tout lakou a. Zafè k' gade ou si ou pran pòz sòt ou! Zafè k' gade ou!

Èske ou pran nouvèl sa k ap pase nan peyi kouzen Mandela? Èske ou tande kijan pèp lakay li koumanse lage koukouwouj dèyè misye paske li te asepte twòp tete lang ak dyab krabinay yo?

Èske noumenm nèg Afriken (toupatou sou planèt la) nou kondane atoujamè pou lidè nou yo toujou tonbe nan tete lang ak sila yo k ap souflete nou depi syèk-e-syèk?
Ou pa remake ki rezilta sa bay. Gade kouman semenn pase a, nonm Wòm zòt ap rele Papa a, pèmèt li tabli yon lis pèp ki merite resevwa « ekskiz je chèch » nan men asosiyasyon zenglendo entènasyonal li ap dirije a, epi mouche fè tankou li pa okouran ekzistans pèp Nago, Pèp Dawome, pèp Ibo, pèp Sinika, pèp Wolòf, pèp Pel, pèp Kaplawou, pèp Arada….tout pèp kontinan Lafrik zagribay li yo komèt kadejak (krim kont limanite) sou yo pandan plizyè syèk (1441-1888). Poutan mouche Jean-Paul II sonje pèp Henry Kissinger a.

Se pa pleyen m ap plenyen pou « eskiz je chèch » nan men zenglendo non! Men, lè zòt montre mepri li konsa, se krache li krache nan figi nou tout. Mwenmenm mwen di se lidè nou yo ki responsab si sa rive konsa.

Daprèzavwa nou tout poko janm leve kanpe pou nou di tonnè fout sa sifi, nou pap peye pyès « dèt tètanba » bay moun ki dwe nou. Nou pap tòdyè lang nou pou nou pale pou zòt, nan lang zòt, tandiske nou nan pwòp peyi nou epi se ak moun peyi nou n ap pale, nou pap kontinye viv ak «po nwa mas blan»…

Wi! se noumenm lidè pitit Lafrik yo, noumenm Titid, noumenm Preval, noumenm Mandela. Se noumenm menm ki (eskize-m!) lakòz.

« All educated Negroes suffer from a kind of slavery in many ways far more subversive of the real welfare of the race than the ancient physical fetters. The slavery of the mind is far more destructive than that of the body » (Edward Blyden in Letter to Governor Pope Hennessy in Freetown in 1872, cited by Eric Ashby (1966) ).

Ane 1000 yo fini. 2000 kòmanse. Nou deja anreta, kidonk li lè, li tan pou nou dezonbifye nètalkole.

« De Klerk apologized to Africans of South Africa for the evils of apartheid but was silent about reparation for the wrongdoings of the apartheid system. Strangely enough, the praise-loving Mandela accepted that apology without question, proceeded to share a Nobel Peace Prize with De Klerk and set up a Truth Commission to buy time and divert attention from the sufferings of the many.»
(Dr. Daniel TettehOsabu-Kle, pp. 335-336, Journal of Black Studies, January 2000).

Titid, kijan pati politik pa ou la rele : Lafanmi Lavalas oudimwens « La Famille La Vallasse»?

Mwen pa wè klè ditou asosye. Gen move zo sou tab la.

ak respè (jiskaprezan),

Jafrikayiti
«Depi nan Ginen bon nèg ap ede nèg!»
Ottawa, Canada
15 mas 2000.



Repons sou sijè sa: