Lang Kreyòl la andanje!


[ Kesyon Moun Mande Anpil ]

An repons a: Lang Kreyòl la andanje! Lionel Hogu te ekri a,

Pwofèt Jozèf afiche mesaj sa, jou 17 Mas 2000 a 19:45:28:

Lang kreyòl-la andanje! ..<> <>…Men << Nou p ap rive nan yon pwen pou nou ta swete pou sitiyasyon an rete jan l ye a vitametènam pou nou ka sove Kreyòl la. Toutokontrè nou fèt pou nou vini ak solisyon ki ka bay tout moun satisfaksyon>>

Mesye Hogu, mèsi anpil. Atik ou-a ale nan nannan pwoblèm lengwistik k ap brase bil peyi nou-an. Men gen yon pingga yon politik lengwistik a toutboulin ki pa ta vize dabò konsolidasyon lang kreyòl-la ak inite nasyonal peyi Dayiti. Lang kreyòl-la andanje.Wi se vre. Jodi-a se Depatman franse-yo (Matinik, Lagiyàn, Lagwadloup,..) ki nanse touche. Demen se Ayiti.

Ta sanble genyen yon politik lengwistik k ap marinen pou ta kreye, wè pa wè, yon sitiyasyon bilengwizab ann Ayiti ki pral pita debouche yon gwo danmijann ki gen lodè diglosik nan lespri pèp ayisyen. Si yon bagay konsa ta rive fèt ann Ayiti, lang franse-a ap flanke lang kreyòl yon sèl so kabrit, l ap kase ren-n e l ap voye bwachat.

Teyori ki nan planifikasyon ak amenajman lengwistik ki mache ak bilengwizasyon-an fini toujou pa kreye yon sitiyasyon diglosik (chwa lang dominan pou kominike swa aloral ou alekri). Lang ki gen plis prestij-la, akòz inivè kiltirèl ak istorik-li esprime, toujou rive vale osnon touye lang enferye-a ki mwen atiran e ki sou menm tèritwa-a, sitou si lang sila-a poko toutafè detache tèt-li de lang ki ba-l jarèt pou-l ka kanpe.

Sitiyasyon sila-a sanble kou de gout dlo ak sa ki konsène lang franse epi lang kreyòl-la. Kokennchenn teyori so kabrit lengwistik sa-yo, gwochabrak ki nan domèn sosyolengwistik, nan dyalektoloji ak psikolengwistik-yo pa janm twonpe sou rezilta remèd chwal pòt sila-a lè yo vle kase kou yon lang ki knpe sou beki yon lòt lang pou-l evolye e pran jarèt anvan li detache kò-li pou-l vin pran koulè ak plim grandèt-li.

Jounen jodi-a Ayiti gen prè 5 pou san moun eskolarize ki nan kontèks benlengwis ak kontèks diglosik ke-m trete nan tèks sila-a. Avèk prestij e dominasyon lang franse sou lang kreyòl-la, patikilyèman ann Ayiti, w ap bezwen sèlman 25 pou san bilengwize avèk fòseman sitiyasyon diglosik pou voye lang kreyòl-la aloryan etènèl. Se konsa anpil lang ki pa ekri-yo fini pa disparèt kou lafimen ak tout listwa, kilti epi idantite pèp ki te kreye e itilize lang sa-yo kòm espresyon.

M ape lanse yon apèl pou tout ekspè Ayisyen. Pa kite zòt vin fè pou nou. Annou eseye fè pou tèt-nou. Pita ka pi tris. Lang kreyòl-la andanje! Kijan nou k ap delivre-l? Yon lang ki pa genyen yon literati dyanm e ki pa antre nan tout nivo eskolè yon peyi gen pou-l ale nan peyi san chapo trapde. Sa yo rele nasyon ayisyen-an toutbon vre-a chita nan gwo koray lang kreyòl-la. Sa tout gran nasyon ap chache kanpe ann Ayiti: yon senbòl d inite nasyonal. Yon sèl pèp fondatè yon peyi ak yon sèl lang ki mare trip tout pitit li-yo ansanm. Sa ke dirijan nou-yo pako fin konprann, Ayiti se sèl peyi Leta ka deside pran chemen YON SÈL PÈP, YON SÈL LANG SAN BRIME DWA YON GRENN MOUN.PASKE TOUT MOUN K AP FONKSYONE ANKREYÒL. Frè ak sè-m yo kijan nou wè ti lide sila-a k ap fè chemen-ni nan lakou lakay? Annou boukante



Repons sou sijè sa: