Metamòfoz : «La Famille La Vallasse» ?


[ Kesyon Moun Mande Anpil ]

An repons a: Metamòfoz : «La Famille La Vallasse» ? Klod Bena te ekri a,

Ymoise@mail.com afiche mesaj sa, jou 29 Mas 2000 a 10:17:26:

Klod mon chè jan ou pale a fèm sonje liyn datak advèsè ANC(Afrik di Sid)kont pati a.
Yo te di gen dis fwa plis krim(insekirite)sou gouvènman ANC a ke sou gouvènman apatèd la.
Yo di mizè pèp sidafriken pi rèd sou ANC ke sou apatèd.Yo di pèp sidafriken sòt li pa ka swazi bon gouvènman pou dirije li.
Sak pase an fen di kont?Pèp sidafriken ret kè pòpòz li bay ANC yon kokenn viktwa,prèske 2/3 nan chamm lan.Poukisa sa rive?Paske pep la wè ke malgre mizè ak tribilasyon lab sibi gouvènman ANC ap fè tout sak posib pou li retire li ladan e pi li wè ke pati opozan yo pa ka fè mye ,okontrè yo ta fè pi mal.
Mwen pa di se exacteman sitiyasyon sa nou gen an ayiti,men gen anpil similarite.
Anfas Fanmi an ou gen pati ansyen roulibè yo ki pa anbisyon bloke peyi a.Alòs pèp la pral vote pou nèg sa yo?
Ou gen tou pati "Pwofesè" a.noiris de son eta,ki pandan kou deta a,lè yap mitraye pitit pèp la pa jam di yon mo;okontrè.
ETC ETC
Pèp Ayisyen an memm jan ak pèp sidafriken konnen kote enterè li ye.Lap vote pou sa


Repons sou sijè sa: