Woumble REKA


[ Kesyon Moun Mande Anpil ]

An repons a: Woumble REKA Michel-Ange Hyppolite te ekri a,

Lunine Pierre-Jerome afiche mesaj sa, jou 26 Avril 2000 a 20:32:09:

Se premye fwa m ap ekri nan fowòm nan. E m santi m gen yon kontantman san mezi pou m fè sa. Apre m fin li kòmantè Michel Ange la, m pat ka ret bèbè san m pa ajoute kout kiyè pa m.

Se te yon plezi pou m mwen pou m te patisipe nan wounble REKA ki te fèt nan Miyami soti Jedi 20 Avril rive pou Dimanch 24 Avril. Malgre depi apreprè de ane n ap diskite, fè kòmantè, elatriye sou kozman lavni kreyòl, sanble potko gen anyen ki te reyèlman mare nou youn a lòt jan sa te rive fèt nan sant kiltirèl Mapou. Anfèt, rankont sa a te rive fèt nan tèt ansanm, respè, ak disiplin jan manman lwa REKA mande l la. M ap di JafrikAyiti, Bouli, Amewu, Lionel, Renote, Laude, Kiki, Kolo, Garidan, Kaptenn, Jan Mapou, ak Fequière mèsi anpil.

Anndan rankont sa a, m te santi lespri kominotè a. Chak manm REKA ki te la yo te gen yon mesaj espesyal pou byenèt gwoup la e tout mesaj sa yo te vin debouche sou rezolizyon final ki te pran nan REKA a. Sa k te fè m plis plezi, se paske Jean Mapou te louvri kòtòf sant la bannou ak tout senserite l. M pat ka konprann kijan fè Mapou gen tout enèji sa yo pou l te sipòte e satisfè tout egzijans nou yo, kit se te nan zafè manje ou nan zafè lwazi. Kanta pou konsèy menm, Mapou te fè sa agran lijyèn. Li pat janm ezite itilize eksperyans dantan l, pou l te mete nou sou chimen ki dwat la, nan jefò nou pou REKA ta reprezante fòs chanjman tout bon vre nan lavni itilizasyon lang Kreyòl Ayisyen. Kominote Ayisyen an bezwen grandèt tankou Jean Mapou ki kapab ba nou direksyon ki djanm pou n vanse. Popilasyon Ayisyen nan Miyami gen anpil chans, e m ta swete yo pwofite kenbe Mapou kout pou l pase tout sa l gen nan dyakout li ba yo.

M regrèt anpil pat gen anpil fanm ki patisipe nan rankont sa a. Sa demontre yon lòt fwa ankò lit la gen yon fòs kote. M ap mande eske Msye Kolo nan pozisyon l kòm jeran relasyon piblik la pata degaje l kou mèt Janjak pou l enterese plis fanm patisipe nan REKA e sitou pou yo ta prezan lè rankont yo ap fèt. M sèten prezans fanm nan, nan rankont sa yo, pote yon lòt dimansyon nan dezisyon k ap pran sou lavni lang Kreyòl la, sitou sou kesyon estandadizasyon lang lan. Pa egzanp, gen yon seri langag seksis anpil moun toujou itilize lè y ap p ale, yon fwa fanm nan prezan e ap patisipe nan desizyon k ap pran yo, ap toujou gen yon efò ki fèt pou elimine langag vilgè sa yo. Anplis tou, fanm nan tankou gason itilize lang kreyòl la, kidonk, li ta enpòtan pou fanm nan tou gen yon dizon sou desizyon k ap pran an favè lang lan. Antouka, m sèten nou menm fanm ki te patisipe yo te pote apò pa nou e tout manm REKA te respekte yo san grate tèt.

Lengwis Jean Robert Cadeli, nan prezantasyon l nan, te klarifye anpil pwen pou nou. Li ta enpòtan pou gen plis lengwis Ayisyen ki patisipe nan REKA. Konsa, ya pote yon lòt dimansyon nan diskisyon k ap fèt yo e ya ouvè zye nou sou plizyè aspè lang lan. Fòk nou klè, menm si gen lengwis etranje ki enterese nan lang Kreyòl la, men pou nou rive a estandadizasyon lang lan, fòk lengwis Ayisyen yo pran demach sa a an men e fòk yo serye sou sa. Se yon gwo konbit ki mande pou chak grenn Ayisyen ki konsène bay kout men pa yo.

Li parèt klè, travay nou nan REKA fèk kòmanse. Li parèt klè tou nou, gen yon vizyon ki laj e ki mande detèminasyon, volonte, ak motivasyon pou vizyon sa a vin yon reyalite. Se yon militans manch long ki mande anpil bra. M swete tout natif-natal ki konsekan e ki konprann enpòtans itilizasyon lang Kreyòl la a rantre nan batay sa a pou byen èt tout yon pèp.

Lunine Pierre-Jerome




Repons sou sijè sa: