An repons a: Kout kiyè kinan m pou fè komès kinan nou an mache! Dahoud Andre te ekri a,
Guy Antoine afiche mesaj sa, jou 10 Me 2000 a 16:37:13:
Mwen remèsye Dahoud pou bèl eksplikasyon li pataje avèk nou sou zafè "Paypal" la. Sa ki enpòtan anpil, Dahoud fè nou konnen eksperyans pèsonèl li. Vòt konfidans Dahoud se bagay ki gen anpil valè, paske nou tout konnen si te gen yon bagay ladann ki pat drèt, nou deja konnen kouman Dahoud ta va dezabiye yo.Dahoud se pa "Mikey"... Ou pap janm ka di, "let's ask Dahoud, he likes everything". Okontrè! Se pi gwo rekòmandasyon "Paypal" ta janm trouve depi li kòmanse ekzistans li.
Pi gwo pwoblèm ki gen petèt ak zafè Paypal la, men li: li tèlman senp nan konsepsyon li, nou gen pou nou mande tèt nou: men kote twòkèt la? Bagay yo pa janm senp konsa. Kote fikilte a?
"Paypal" pèmèt "e-commerce" fèt san ou pa bezwen louvri yon "merchant account". Nenpòt ki de moun ki louvri yon akont ak Paypal gen dwa fè biznis antre yo sa grate tèt. Li pi bon pase resevwa chèk pou de rezon: 1) ou gen dwa itilize lajan an imediatman, san ou pa bezwen yon bank di ou fòk ou tann de jou, twa jou, ou senk jou; 2) nan pwen danje tankou lè yon chèk pèdi valè li, paske moun ki ekri li a pa fè atansyon pou li kenbe ase kòb nan kont bankè li pou kouvri chèk la. Danje ki genyen nan Paypal, se lè moun ki resevwa lajan an bliye retire li nan men "Paypal". Paypal di ou lè li gen yon lajan pou ou. Si ou pa reklame li, si ou bliye sa, se apre si mwa sèlman (e menm la se petèt), la va di ou sa ankò. Men mwen konnen, mwen te mèt fè "Alzeimer", mwen pa gen dwa bliye koze sa yo.
Kidonk mapiye apèl Dahoud la, men mwen pap lage Amazon, si se li nou ta pito sèvi avè l. Yo pa vòle twòp non, se yon ti monnen tou piti yo pran sou chak tranzaksyon. Fòk nou pa bliye, si nou tèjivèse twòp sou fason nou vle peye pou liv la, li gen dwa disparèt delasikilasyon. Lò sa, se nou ka pèdi. Gade bèl rapò Lunine Pierre-Jerome sòt fè sou liv la, epi leve pye ou.
Si nou vle voye yon chèk $15.00, nou gen dwa voye li ba: GAJMA, 35 Fairview Avenue, South Orange, NJ 07079. Si nou vle sèvi ak Paypal, jis itilize sèvis yo sou Entènèt la, e mande yo pou yo remèt $15.00 ba Paypal@windowsonhaiti.com .
M ale, oumenm ki fin li nòt sa, voye kòmann pa ou non, nan pwen okenn rezon pou fè ti aktivite sa ap drive toujou.