Gifrants afiche mesaj sa, jou 19 Me 2000 a 12:32:18:
Yon ti moun, pa ensten, konnen tete. Yon ti moun tou, pa janm bouke gade manman-li nan jefiks, pou li jwenn afèksyon, sipò, ake gidans, nan volonte-li pou li kenben lavi li, jiskaseke li ka ranpe, mache, e kòmanse mèt tèt-li.Majorite Ayisyen wè Ayiti tankou yon manman. Si mistikeman, se yon verite, anreyalite Ayiti se yon tibebe ki fè pitit byen bonè, e anpil nan pitit-li yo enkatad. Pa gen anpil jeklere. Anpil nan jeklere-yo, se Malis ki profesè-yo. Lè yon bon arive pase, se yon mati li tounen. Li reziye-li pase, men li fè sa li kapab. E tchouboum-lan kontinye.
Dènye fwa, mwen wè yon liv Sivik, se te sou Divalye an 1964. Imnasyonal-la ekri angrannmanchèt--Pour le Pays, Pour les Ancêtres. Ki peyi? Ki zansèt? Deja, a 8 tan, sa te toujou ban-wen problèm--pouki sa nou pa di pito "Pour Haiti, Pour nos ancêtres"?
Sa pwale genyen 2 zan, ke mwen te pran kouray-mwen adebra pou mwen ekri "Chèf kap panse pou tout yon pèp". Mwen pa di yon moun dwe koute sa mwen di. Adje, piti mwen ye. Kwè-wen si-w vle, Mwen pa gen foli Chèf, ni Prezidan, ni Senatè, ni gen djob gouvènman. Men, mwen kwè ke "Pour le Pays, Pour les ancêtres" lakòz gwo entelèktyel-nou yo bouke di "Ce pays a besoin...."; "Ce peuple a besoin...." Tout gwo nèg save-sa yo, gwo politisyen-sa yo pa janm bouke lonje dwèt sou Ayiti. Demonvivan, mwen poko janm tande yon politisyen Ayisyen di: "Mon pays, Haiti, ...", "Mon peuple,..." Mwen te resevwa repons-wi, elavicontini...
Ayiti se manman-we. Depi mwen tou piti, mwen te toujou konprann ke li bezwen-we pliske ke mwen bezwen-li. Mwen dwe-li lavi; se yon dèt, m-ape peye ake vi an-we.