Yon kesyon sou Kreyòl pou Gifrants ak lòt moun


[ Kesyon Moun Mande Anpil ]

An repons a: Yon kesyon sou Kreyòl pou Gifrants ak lòt moun Guy Antoine te ekri a,

Gifrants afiche mesaj sa, jou 26 Me 2000 a 07:40:15:

Mon chè frè-we,

Kesyon-sa se yon bèl ti kesyon. Ban-m kòmanse pa di-w mwen se Nèg Okap. Mwen fèt Okap, mwen grandi Okap, mwen ale lekòl tou Okap. Apa de sa, depi mwen toupiti, mwen konn ale pase vakans Menyak, yon ti lokalite tou pre Limonad, ki pre Wèsh, izin kann-nan, ak Chavanno ak Bòdmè Limonad.

Mwen pa yon lengwis, men mwen se yon Ayisyen, yon atis, e yon "Konbatan" ki depi laj de 14 zan lè mwen nan klas Senkièm Kolèj Notredam te pran detèminasyon ak tout konviksyon-li, kit li pedi lavi-li, pou li viv pou yon kòz. Kòz-sa te voye aprann ki moun ki Ayisyen, kote nanm-nou ye, kòman nou wè lavi, e kisa nou vle ak lavi-nou, e sitou avèk peyi Dayiti. Ebyen, vye frè an-we, se abitan-an, ou ankò peyizan ki bay plis MOUN e KI MOUN DEBYEN nan peyi Dayiti. Jan-w wè m-ap pale-la, m-ap pale tankou peyizan Nèg Nò.

Kreyòl peyizan Nèg Nò chita sou defòmasyon franse anpil. Frè an-we, an franse tradwi "mon frère à moi" demenm ke "An mwe" se "A moi" an franse. "A moi! Au secours!" tounen "Anmwe sekou!" an kreyòl.

Mwen pa gen pwoblèm pou orijinalite, nou kapab ekri "mwe" olye de "moue". Otograf "mwe"-an ka sijere rasin-nou Lafrik. Anplis tou, mwen trouve li ba kreyòl-la plis gangans. Paske peyi Dayiti pa avanse, kreyòl-la genyen yon sèl mwayen pou li anrichi tèt-li. Se nou nèg letre, avèk ayisyen kap vwayaje k-ap pote mo ka sibi defòmasyon ni nan pwononsyasyon, ni nan òtograf pou kore lang kreyòl. Mwen mwen pa kwè sepandan ke, menm si lang kreyòl ofisyèl, li pa DWE DUTOU, E LI PA KAPAB DUTOU LANG DE DEVELOPMAN POU PEYI DAYITI. Rwa Anri Kristòf te wè lwen--nou bèdè òf ak anglè.




Repons sou sijè sa: