Yon kesyon sou Kreyòl pou Gifrants ak lòt moun


[ Kesyon Moun Mande Anpil ]

An repons a: Yon kesyon sou Kreyòl pou Gifrants ak lòt moun Gifrants te ekri a,

Pwofèt Jozèf afiche mesaj sa, jou 30 Me 2000 a 18:26:47:

Kanmarad Gifrants, kòm mwen te mande ou li, mwen t ap tann ou fin jistifye plis aklè toujou lide ke Lang Kreyòl la pa Fouti yon Lang pou Devlopman Dayiti anvan mwen bay pwen pa m nan. Mèsi pou eklèsisman ou sot bay sou pozisyon pa w la.

M ap reponn franchman, bò kote pa m, mwen kwè ak tout kè mwen, ak tout tèt mwen e ak tout zantray mwen ke lang kreyòl la se premye zouti pou Devlopman chak grenn Ayisyen ak tout Ayiti.

Gen deja anpil nan konpatriyòt nou yo ki fini pa konstate gwo manman echèk ensèyman an lang franse a koze ann Ayiti apre 196 lane d edikasyon. Yo kòmanse ap panse ak yon lòt altènativ. Pami kèk nan altènativ yo anvizaje, ou jwenn yon digdal agiman anfavè lekòl bileng (kreyòl-franse). Genyen yon lòt gwoup ki ta privilejye yon lekòl bileng (kreyòl-angle). Men tandans lan panche plis vè lang angle. Sa pa rete la, ou jwenn yon twazyèm gwoup militan pou yon sistèm eskolè an kreyòl kòm lang d ansèyman nan tout nivo san zoubliye angle ak franse kòm lang segond oubyen etranjè. Ou kapab sitiye mwen nan dènye gwoup la.

Si yon moun panse kreyòl la paka yon lang pou devlopman Ayiti ak tout Ayisyen, moun sa twonpe. Kreyòl la deja fè prèv li. Se kreyòl la ki kòmanse demokratize sistèm politik peyi Dayiti. Nou ka panse a 7 fevrye 1986, 16 desanm 1990, 21 me 2000. Kounye a pagen yon politisyen ki gen nen nan figi l ki pral riske tèt li nan fè kanpay politik an franse, sèl si li vle bay manti. Se yon premye pa pou patisipasyon chak sitwayen nan zafè politik ak devlopman.

Genyen plizyè konpatriyòt kòm oumenm ki chita sou agiman ekonomik pou rejte lang kreyòl la kòm zouti devlopman. Moun sa yo panse ke yon sistèm eskolè an kreyòl paka fòme kad, enjenyè, teknisyen elatriye. Tout sa se bobin. Gwoup konpatriyòt sa yo ta vle sote a pye jwen sou lang angle ki bay plis posibilite pou yon echay ekonomik ak konesans onivo entènasyonal.

Fò m di kanmarad sa yo, lang angle a vin kounye a lang entènasyonal, men genyen yon tan se te franse. Yon lòt jou se petèt lang kreyòl ayisyen an ki k ap vin yon lang entènasyonal. Onivo lokal, nou gen deja 8 milyon abitan palan kreyòl. Aktyèlman, gen syantifik k ap travay sou lojisyèl k ap penmèt nou tradwi tout syans ak tout sa ki ta genyen nan lòt lang yo an kreyòl ayisyen. Paske sistèm fonolojik lang kreyòl la penmèt sa.

Pa bliye, chak lang se espresyon yon kilti ak yon idantite nasyonal byen defini. Si tout peyi ak jenn sosyete k ap boujonnen te panse adopte angle kòm lang pou sèl rezon ekonomik, nou t ap genyen yon sèl lang, yon sèl modèl ekonomik, yon sèl modèl sosyal, yon sèl modèl kiltirèl e politik pou tout planèt la. Ala plat sa t ap plat.

Analiz ou a baze sitou sou yon aspè ekonomik, men monchè zanmi nanm, kilti, idantite ak orijinalite yon pèp pa monnenyab. Se avèk kout sakrifis konsanti pa chak grenn sitwayen ou ka rive fonde yon nasyon e se avèk kout sakrifis chak grenn patriyòt ou ka rive fè e gade fyète ak souverènte yon nasyon. Fò n al chèche sa ki te fè fòs nou nan lepase pou n ka bati ansanm yon avni ki p ap lese pèsonn dèyè kabrèt. Paske chak Ayisyen se yon fòs ak richès pou Ayiti. Reyalizasyon rèv sa a p ap janm posib si nou pa sèvi ak lang kreyòl la kòm zouti pou transmèt konesans, enfòmasyon ak savwa fè nesesè pou devlopman Dayiti.

Mèsi anpil.
Pwofèt
Monreyal





Repons sou sijè sa: