Yon kesyon sou Kreyòl pou Gifrants ak lòt moun--Yon ti Korèksyon


[ Kesyon Moun Mande Anpil ]

An repons a: Yon kesyon sou Kreyòl pou Gifrants ak lòt moun--Yon ti Korèksyon Gifrants te ekri a,

Jafrikayiti afiche mesaj sa, jou 31 Me 2000 a 21:24:45:

Onè Kanmarad,

Annou klè lapapòt. Mwen dakò 100% ak Michel-Ange ki fè nou remake se pa lang kreyòl ki gen limit, men se itilizatè lang kreyòl la ki limite tèt yo.

Bon, kouzen Gifrants, mwen si ou okouran lè blan Ewopeyen konpile premye Bib « Vilgat » la nan ane 400 Epòk Kounye a (EK), yo te fè sa nan lang laten paske se lang sa a ki te lang popilè (vilgat - vilgarizasyon) pou yo alepòk. Poutan, kisa ki te rive lang laten pi devan? Li fonn tankou bè chalonè lè lanpi women vin pèdi pisans devan devlopman sosyo-kiltirèl ak ekonomik nan mitan pèp Fran, pèp Alman, pèp Sakson elatriye…

Kidonk, paske jodi a se angle ki lang «Seza » (Bill Gates & Clinton), sa pa vle di tout pèp ki sibi enfliyans lanpi Etazinyen, kondane pou yo adopte menm lang ak Seza modèn yo.

Konsa tou, mwen ta renmen reponn kichòy Gifrants ekri nan youn nan mesaj li yo. Misye ekri : ¨Pèsonn poko di kòman Ayisyen ap pral jwenn « konesans blan an » ¨

1) Pa gen kichòy ki rele konesans blan an. Gen lasyans. Pwen ba! Lasyans se lakonesans lèzòm ap akimile depi dikdantan. Konsa yon jenerasyon kite kichòy pou sa ki vini annapre li; yon sivilizasyon kite kichòy pou sa ki vini annapre li. Sa ki fè jounen jodi a, gen moun ki gen tandans bay kouzen « ewopeyen » yo tout kredi lasyans, se paske nou pa konnen listwa nou tout bon vre. Granmesi Bondye gen Fouyapòt Bon Ginen tankouCheik Anta Diop, Molefi Kete Asante ak yon dividal lèzòt ki pa janm sispan feraye pou ede nou redekouvri vrè listwa limanite, depi sou Wayom KMT, Lanibi, Kouch elatriye. Konsa nou konnen si pat gen sivilizasyon KMT (Peyi moun nwa yo - kote nèg Afriken te bati kokenn chenn piramid epi mete tout kalite prensib Matematik kanpe), pa t ap gen ni sivilizasyon Grèk, ni sivilizasyon Women , ni Lamerik, ni Bill Gates, ni tout teknoloji modèn nou konnen jounen jodi a.
2) Se pa itilizasyon lang Angle ki te bay « blan » pasaj pou li souse lakonesans. Sa ki alorijin akimilisyon lakonesans wodpòte nan popilasyon ewopeyen yo, se gabèl yo pwofite pandan peryòd esklavaj la plis plizyè santèn ane annapre kote yo itilize fòs vyolans yo pou vòlè gwo kantite tè ak lòt resous materyèl lakay lòt pèp. Anplisdesa, pandan plizyè syèk, yo pa enkyete nan zafè travay pou siviv paske se noumenm nèg Afriken ak lòt pèp yo kokobe anba lesklavay mantal ak fizik ki fè travay sa yo pou yo pandan yomenm yo ap reyalize « La renaissance, la révolution industrielle, la révolution technologique ».
3) Kidonk, li pa etonan si Jamayik pale angle menm jan Angletè ak Etazini pale angle men Jamayik pòv tankou Jòb, Etazini, Ostrali, Angletè rich tankou Seza. Li pa etonan non plis lè nou wè blan Afrikdisid rich epi nèg Afriken Afrikdisid pòv. Poutan yo tout pale angle.

Nou ta gen dwa kontinye dekonstonbre lojik lang Angle = kle pòt richès ekonomik la. Men, pito nou kanpe la epi kite lòt kanmarad yo pote diskòb limyè pa yo nan konbit la.


Respè,

Jafrikayiti



Repons sou sijè sa: