Yon kesyon sou Kreyòl pou Gifrants ak lòt moun--Yon ti Korèksyon


[ Kesyon Moun Mande Anpil ]

An repons a: Yon kesyon sou Kreyòl pou Gifrants ak lòt moun--Yon ti Korèksyon Michel-Ange Hyppolite te ekri a,

jafrikayiti afiche mesaj sa, jou 02 Jwen 2000 a 15:38:01:

Kouzen/kouzin yo,

Osijè piramid yo zansèt nou yo te bati epi ki kanpe rèd jouk jounen jodi a, sou teritwa KMT (peyi moun nwa yo), gen tout kalite referans ki montre aklè se pa listwa kont .

Pou kòmanse alewè: http://www.archaeology.org/0005/newsbriefs/pharaoh.html
pou plis detay sou wayom ak reyalizasyon wa Taaka (Taharqa) ki te gouvène ni KMT, ni Lanibi.

Nan plato Giza, 3 gwo piramid yo pote non wa Koufou (Khufu). Menmsi nou pa fasil wè foto Khufu ki se wa KMT ki te kòmande konstriksyon mèvèy reyèl sa yo, gen plizyè ti estati misye nan mize blan ewopeyen bati pou toupizi eritaj sa yo ke yo fè dappiyanp sou yo nan teritwa Lafrik Ginen. Depi ou wè pòtre Koufou ou wè se nèg parèy nou.
Kanta pou Dyosè (Dzoser) Menkaura epi Kafre (Kafhre) depi ou wè Farawon Ansyen Wayom KMT sa yo, li klè se "lakay" k ap gade ou.

http://emuseum.mankato.msus.edu/prehistory/egypt/architecture/gizapyramids.html

Natirèlman, daprèzavwa zòt pap dakò pou anyen ki gran fèt sou latè san li pa ka pran kredi pou li, YO pito envante tout kalite listwakont bèlmèvèy kòmkwa se ekstraterès ki te bati piramid yo, se yon ivilizasyon blan Atlantid ki anfouraye epatati e blablabla. Poutan menm sivilizasyon Òlmèk to nan Amerik la montre aklè, kijan pèp Lafrik Ginen ak pèp premye Nasyon Lamerik yo te kontre epi yo te pataje lakonesans yo. Konsa, ou jwenn gwo tèt kolosal nèg Afriken yo nan peyi Meksik, ou jwenn piramid nan mitan pèp Maya elatriye…

Men, genyen ki menm derefize admèt KMT (ke yo rele Lejip kounye a) se sou kontinan Lafrik li ye. Yo pito envante yon mo "Mwayen Oryan" ki pa vle di anyen, demannye pou konfonn moun. Poutan piramid gaye toupatou sou teritwa KMT ak Lanibi - san konte rès rwayom Zimbabwe, Kush, Mali, Songhay elatriye…

Se konsa tou, genyen radòtè ki menm rive di se kolon blan franse ki te mastèbrenn soulèvman 1791 la pou yo te ka rekipere li annapre, epi se Sonthonax menm ki papa lalibète nou. Kidonk, nèg pat janm fè anyen, nèg pa janm anyen, nèg paka janm anyen!

Wèp!

Ou kwè madanm !

Mwen ta ankouraje tout kanmarad ki jwenn dokiman enetresan sou sit entènèt ki bay plis detay sou dosye sa yo pou yo pataje yon lòsyè ak nou - tankou travay Dr. Ivan Van Sertima (They Came Before Columbus), Molefi Kete Asante (Afrocentricity), Cornell West, Africa.com elatriye... San bliye sit entènèt ki pibliye travay moun ki mete dout osnon bemòl sou travay mesyedam Afwosantrik yo. Konsa nou ka founi je gade epi deside selon bon konprann pèsonèl nou.

Annatandan, men adrès enjenyè ki te fè òdinatè ekstraòdinè ki te pi rapid sou planèt la depi nan ane 1989. Doktè Phillip Emeagwali, ki te aksepte kite mwen mete foto li nan liv mwen an. Siman, yo pral di nou misye pa Afriken tou, se solèy ki boule li. Antouka, si se pa t pou mouche sa a, nou youn pa ta kapab ap itilize entènèt jounen jodi a.

Alewè: www.emeagwali.com


Repo!

Jafrikayiti

"Depi nan Ginen bon nèg ap ede nèg!"



Repons sou sijè sa: