jafrikayiti afiche mesaj sa, jou 07 Jwen 2000 a 12:13:22:
Mezanmi sa fè plizyè mwa depi pèp Ayisyen ap viv yon sitirasyon politiko-sosyal inakseptab. Nou tout konnen eleman esansyèl ki lakòz sitirasyon sa a sèke pèp Ayisyen gen yon sèl grenn lidè li mete tout lespwa li ladan l - "Titid". Pandanstan, blan Etazinyen ak tout makònn kominote entènasyonal la ki pa t janm te vle fè "ti pè komilis" sa a konfyans - ap demele yo jan yo kapab depi 1990 pou yo anpeche yon gouvènman Aristide monte epi gouvène peyi a. Nou konnen wòl enpòtan "lidè" politik Ayisyen ak biznisman imigran Palestinyen-Izrayelyen yo jwe nan kanpay "bare Aristide" sa a. Ni ekip makout tradisyonèl yo, ni pitit zantray Mouvman Lavalas la jwe patisyon pa yo nan konbit anti-Aristide la.
Jounen jodi a, nou nan kafou eleksyon 2000. Anvan 4 rekòlt kafe ankò Ayiti ap fete 200 zan kòm repiblik endepandan. Èske li fè sans pou nou kontinye chire peyi a myèt moso paske pèp Ayisyen vle yon lidè blan pa vle pou li?
Epitou, kouman fè depi plis pase 10 zan se yon sèl grenn moun pèp Ayisyen vle rekonèt kòm lidè li? Anverite, sa pa nòmal, ni non plis sa pa ankourajan pou lavni peyi a lè tout ze nou nan yon sèl panye. Men, se sa ki sa.
Kidonk, nou pa bezwen reponn dènye kesyon sa a paske repons li klè nan lespri nou. Sa nou plante se li nou rekòlte.
Kidonk, devan reyalite frajil sa a, mwenmenm men kisa mwen di:
Mezanmi, tonnè fout, bay pèp Ayisyen chans li pou li viv eksperyans 5 an sou direksyon gouvènman Aristide la. Apresa se va kou pa yon lòt lidè pou li wè sa li ka bay.
Men, menm la ankò sa pa p sifi. Paske li klè yon grenn moun pa kapab sove yon peyi ki fin pase 500 zan mati. Kidonk, anvan bagay yo vin pi grav gen jefò ki merite fèt pou Aristide aksepte kole zepòl ak lòt lidè ki plizoumwen valab jiskaprezan pou 5 ane li yo pa tounen 5 ane goumen kont atanta, 5 ane veye adwat veye agòch, 5 ane bòykotaj.
Nan sans sa, men…
Konsèy Pou Lafanmi Lavalas:Konsèy pou Pati Louvri Baryè ak lòt pati politik pwogresis yo:
Pa lage preyokipasyon sosyal ak ekonomik majorite pèp la nan tyouboum. Rete makònnen ak pèp la;
Kontinye fè selil òganize toupatou anndan teritwa nasyonal la;
Kontinye travay plis pase nou pale, men pale epi pale pou konbit nan lapè, lè sa ka itil;
Pa fè lenmi pou granmesi ak moun ki pa pataje menm ideyoloji ak nou. Sa vle di pa mete makout sanginè ki sipoze nan prizon nan menm sak ak ansyen kanmarad lavalas ki mare fache ak Lafanmi sou baz ideyoloji osnon akòz anbisyon politik pèsonèl yo - Se dwa yon kanmarad lavalas pou li pa dakò ak lafanmi sou tèl ou tèl dosye;
Asire lòd nan mitan nou. Pa janm sitire vye chirepit rasis-retrogad tankou sa ki te pete ant kèk manm Lafanmi nan kòmansman ane a. Lè sa ta vle rive fòk lidè a mete yon ola la pou la anvan lòbèy pete pran granri pou li;
Sonje laboratwa a ap veye tout jès nou, depi gen derapaj nan mitan Lafanmi, etranje ap toujou pwofite atake. Lè sa a, se tout peyi a k ap peye po kase;
Kòmanse prepare baz lidèchip pou apre 2005 - Mete lidèchip fanm yo kòm priyorite #1;
Depi kounye a rive nan epòk eleksyon prezidansyèl yo - METE SEKIRITE SERE-SERE POU KWAPE PLAN ZAK VYOLANS SOU TITID AK ANTOURAJ LI. (Pa bliye lenmi #1 nou abitye touye pwòp prezidan lakay li - moun sa yo pa gen limit - VEYE YO !)
Konsèy pou OPL, RDNP, elatriye
Kontinye monte baz pati politik la
Kenbe endepandans nou
Pa neglije jwe wòl enpòtan nan gouvènman peyi a (depi se gouvènman lejitim ki monte ak volonte popilè)
Si nou pa nan gouvènman bay ekzanp yon opozisyon responsab
Konsèy pou pati Divalyeris-Nadalis- Jesse Helmsis yo:
Aksepte rezilta eleksyon 21 me 2000 yo;
Ranmase karaktè nou epi mete baz ki pi solid pou pati politik nou yo;
Kòmanse travay pou prepare eleksyon 2005 yo;
Sispann al chita nan fant janm anbasadè etranje pou yo di nou sa pou nou fè. Itilize pwòp sèvo nou;
Pran distans nou ak pati Divalyeris-Nadalis-JesseHelmsis yo pou pèp Ayisyen ka ESEYE pran nou oserye ankò;
Sispann mete tout estrateji politik nou sou baz anti-Aristide. Okontrè travay, fè konpetisyon nòmal ak lafanmi.
Konsèy pou Depatman Deta Etazinyen, Anbasad Kanada, Lafrans, Vatican, OEA, LONI elatriye…
Ranmase bon jan lajan nan men Jesse Helms, men envesti lajan sa a nan biznis pito, olye nou rantre nan sabotaj politik, paske PÈP AYISYEN PAP JANM AKSEPTE MAKOUT tounen sou moun ankò. Retire sa nan lespri nou ogranjamè!
Apa tout konsèy sa yo ke mwen konnen laplipa nan mazanza yo pap menm okipe, gen yon konsèy fondalnatal mwen ta vle pataje ak tout aktè sou sèn politik toupatou sou latè, sitou Ayiti.
Apre 500 zan ap toupizi pèp ki pa desandan blan ewopeyen sou latè, pran yon ti repo. Si nou poko janm ka pran konsyans pou nou eseye repare tout malsite nou lakòz toupatou sou latè, omwens fè yon kanpo. Kite pitit Bondye respire pou yon ti kadè!
Aksepte laviktwa pati ki pi popilè a, nan eleksyon yo, epi gade ki rezilta sa ap bay. Pa eseye fè moun ki pa konnen konfonn Ayiti ak Pewou (Aristide ak Fujimori) pou nou ka fè dekabès nan sabotaj elektoral 2000.
Etazini: sispann finanse gwoup para-militè nan peyi a. Deremete Leta Ayisyen tout dokiman FRAPH yo. Sispann voye kriminèl fè nou kado kòm konsiltan alatèt swadizan "Refòm Jidisyè" (Emisyon 60 Minutes mete kakachat la deyò). Ni Etazini, ni Kanada: sispann fè nou kado jenn kriminèl nwa nou fòme lakay nou, sou pretèks se "illegal alien" (ekstraterès ilegal?) yo ye.
Lafrans : deremete Ayiti 150 milyon fran lò ou vòlè nan men li depi 1825 la (ak enterè + domaj). Tout konpayèl Lafrans ki te patisipe nan komès esklavajis la: fè yon jan pou reparasyon fèt anvan finisman 2 zyèm milenè a. Nou bezwen lajan pou nou rebati eskanp mantal ak fizik pèp nou yo, toupatou sou latè.
Olye nou chita ap bòykote Ayiti, al ede pèp Zimbabwe (elatriye…) rekipire tè kolon blan ewopeyen te vòlò nan men yo - demannyè pou evite sa fèt ak fòs manchèt Mugabe ak lòt pwofitè woulibè.
RESPEKTE LAVI !
Nou youn pa konn fè moun. Se wè nou wè moun ap fèt, moun ap mouri depi nou ti katakat. Kidonk, pa tante detui sa ou paka ranplase. RESPEKTE LAVI TOUT MOUN !
Viv Ayiti pou Ayisyen ! Viv planèt latè pou tout MOUN !
Jafrikayiti
"Lanmou pi fò pase lanmò!"
Repons sou sijè sa:
- Pou Ayiti Fini ak Kriz Politik la claudette werleigh 09/6/2000
- Pou Ayiti Fni ak Kriz Politik la Gifrants 08/6/2000
- Pou Ayiti Fni ak Kriz Politik la Gifrants 09/6/2000
- Pou Ayiti Fni ak Kriz Politik la jafrikayiti 11/6/2000
- Yon ti nòt pou Gifrants Guy S. Antoine 09/6/2000
- Pou Ayiti Fni ak Kriz Politik la Gifrants 09/6/2000
- Pou Ayiti Fni ak Kriz Politik la Gifrants 09/6/2000
- Pou Ayiti Fni ak Kriz Politik la Mozart Saintvil 09/6/2000
- Pou Ayiti Fni ak Kriz Politik la douma lafontan 12/6/2000
- Pou Ayiti Fni ak Kriz Politik la Gifrants 08/6/2000