An repons a: Yon lòt kesyon sou Kreyòl Guy Antoine te ekri a,
Gifrants afiche mesaj sa, jou 07 Jwen 2000 a 16:16:34:
Mon chè frè-we,Mwen li, mwen reli, mwen mete sou papye, non sèlman kòmantè-w yo, men kòmantè diferan konsitoyen ke mwen gen pou-mwen bay yon repons.
Antre "mwe" ak "mwen", diferans-lan se yonn gen yon son louvri "mwe", lòt-la gen yon son fèmen "mwen". Antre "we" ak "mwe" e "mwen" ak "wen" diferans-lan se eliminasyon yon lèt "m" ki pa pèmèt yon moun fè mwens jèfò pou pale. W-jwenn sa tou nan anglè kote Nwa Ameriken di "YO", olye yo di "YOU".
Yon nan bagay ke mwen pa konnen pouki li tèlman envrèsanblab, byenke nou tout konnen se pa, ni de ni twa tribi nèg Dafrik ke blan te trennen vi jete nan lèsklavaj an Ayiti, pou ke son "we" ou son "wen" ka sanble se yon son Gifrants ka envante pou fè pedan. Grangrann-an we mouri a 108 an, Ton De ki te yon vye granmoun lanmò gen lè pa't vle, ki te konn kajole-wen avèk bèl mang doudous ak janmari ke li keyi nan chan-li, pale jan-wè m-ape pale ake-w la. Petèt,w-tou, si-w wè kote m-ap danse, w-a repete tankou sèten Ayisyen frè-an we, ke m-ap danse tankou granpapa-we.
Se pou mwen di-w tou, mwenn se yon mizisyen, e mwen fè tout sa mwen konnen ke-m kapab pou mwen kenbe kilti ayisyen non sèlman entak, men fè li pwogrese. An 75, mwen monte Pòtoprens pou egzamen Reto, yon kouzen-we, Boulo Valcourt, te entrodwi-wen ba staff Radio Haiti Inter, ikonpri Jean Dominique, Richard Brisson, Konpè Filo, Lilianne. Sa te lakòz, kòm yon konpozitè, mwen te vinn chita sou mizik ayisyen sèlman. Mwen fè 7 an, ap aprann mizik vodou, mizik troubadou peyizan, e mizik troubadou peyizan ki vinn viv lavil tankou Altieri Dorival, anplis de Boulo ki te palen-we de Ti Paris ak Dòdòf Legros. Yonn nan bagay ke mwen tande byen se son. Son "we" e son "wen" pa yon envansyon Gifrants.
Sezi si-w vle ke-w aprann mwen se nèg Okap. Men kite-m byen di-w ankò, mwen, Marcien Guy-Frantz Toussaint, se nèg Okap mwen-we, e yonn nan bon nèg Okap-yo. Pou nèg ki konnen-we, ya di-w ke mwen pa janm plezante ak afè serye, e sa depi mwen toupiti. Fowòm-lan la,(sèvòtresyè e s'on gwo travay yon moun dwe non sèlman kore, men fè lareverans devan-w) pou nou boukante lide, yon boukante lide ki mande tout seryozite ki pliske enpotan e nesesè nan sitiasyon sòvkipe ke nou, Ayisyen, ap viv non sèlman an Ayiti, men nan Diaspora tou, paske antan ke kominote, ayisyen si se vre, an gwo nou travay di pou chèche lavi, èkspètiz-nou jiskaprezan se plede move tankou lyon pou revandike, san reyèlman nou reyalize bèl mèvey pou fè kominote ayisyen kanpe san fo fyète, san vye ògèy ki baze sou lepase.
Pal'an-we ka montre kote-m soti. Men, tanpri souple, pa kèstyone entegrit'an-we. Se granmoun mwen ye, e mwen fè rèspè-m pou sa. Yon moun gen dwa pa dakò ak opinyon-we. Se yon bagay ki pliske nòmal. Mwen pa janm pale pou fè pedan, ou pou mande mativi. Mwen konnen tou ke opinyon-wen paske yo dirèk ka mete nèg malalèz, sitou si nèg pa pataje menm enterè aken-we--dayè mwen pa gen enterè pou ki deranje konviksyon-wen, e ka genyen aspirasyon ki pa dwe montre yo dakò ake kèk bagay mwen ka di. Se dwa tout nèg pou yo proteje tèt-yo, men mwen, sa pap fèt amèdepan. Kòm mwen di deja, si-m pa konnen yon bagay, m-ap senpleman di ke mwen pa konnen, e mwen gen sajès pou-m pa pale tan pou mwen di sotiz.
Son "we" ak "wen" soti nan bouch moun ke mwen konnen. M-ap ekri sa-la, mwen sonje papa-we, se li anpremye ki te fè-m tande son-sa. Li te toujou renmen di "wen". Pa fè-wen sa.
- Yon lòt kesyon sou Kreyòl Guy Antoine 07/6/2000