An repons a: Yon lòt kesyon sou Kreyòl jafrikayiti te ekri a,
Guy Antoine afiche mesaj sa, jou 07 Jwen 2000 a 16:38:27:
Jan ou di:
"Antouka, mwen kwè se yon konvansyon ki alorijin eliminasyon "U" a paske nou pa gen son U "tèt bouch tou won an" vrèman nan kreyòl la."Mwen konprann byen sa ou di la, men an nou fè yon ti rete sou lojik sa. Menm si son U "tèt bouch tou won an" pa ekziste tout bon nan kreyòl la, se pa ta yon rezon pou yo elimine senbòl sa (SITOU LÒ YO KENBE LI A MWATYE NAN "UI"). Te mwen eksplike sa mwen vle di sou sa:
1) Menm si lengis-lenguis-lengwis yo di "ui" se yon reprezantasyon senbolik yon son patikilye, si ou kapab di li devan yon glas epi ou gade rapidman ki mouvman bouch ou fè (koute zòrey ou tou), ou gen dwa wè ke son "ui" a dekonpoze an de vwayèl "u" ak "i" ki prononse si vit yo vin bay enpresyon yon sèl vwayèl. Kidonk nou ta ka di "u" a avèk "i" se de demi-vwayèl ki vin fòme yon grenn lan. Olye ou di "lannuit", chache di "lannu - it", epi di li deplizanpli rapid pou ou wè si li pa vin fè "lannuit". Kidonk mwen kwè lò ou aksepte son "ui" la, ou te deja lejitimize son "U" an tou.
2) Answit (ansuit), kòm ou DAKÒ anpil anpil Ayisyen pa di "JezI", men yo di kichòy ki rapwoche "JezU", anpil Ayisyen pa di "diri", men yo do kichòy ki rapwoche "dUri", kidonk ou di KLÈMAN GEN YON DIFERANS NAN SON YO. Kesyon mwen te mande a se pouki sa nou te chwazi konfizyon vin mete pye lò nou NEGLIJE FÈ KA DIFERANS SA? Pito nou te aksepte EKRI son diferan kòm U, paske sa pa ta vle di ditou ke se son franse a nou adopte. Sonje:
- R nan franse pa menm avèk R nan angle ki pa menm avèk R nan panyòl.
- Kidonk, si nou te adopte senbòl òtografik U a nan Kreyòl, sa pa ta vle di ke "U" Kreyòl la li menm ak "U" franse a.
- Dayè senbòl E nan Kreyòl la pa gen menm pwononsyasyon ak senbol E nan franse, kidonk si yo te aksepte senbòl U a nan kreyòl sa pa ta vle di ke li ta fòseman bezwen prononse menm jan tankou menm senbòl yo gen nan franse a. Li pa ta nesesè pou nou envante yon lòt senbòl ankò.Kòm ou di lò anpil Ayisyen di "JezI" yo remèt yon son ki ant "dan tou griyen" ak "bouch tou won", li ta pi jis pou nou ta chache reprezante son sa nan yon mannyè ki montre li pa menm avèk "I". Lò nou fè tou de son sa yo reprezante menm jan nan òtograf la, mwen twouve se yon konfizyon ki toutafè initil. Si son ou tande a tonbe ant "U" avèk "I", kòm tout bagay sa yo se apwoksimasyon yo ye, pito nou te chavire sou "U" ke nou al konfonn li avèk "I".
Mezanmi, mwen vle nou konprann yon bagay byen. Se yon diskisyon granmoun m ap mennen la. Men sa pa vle di mwen pa aksepte Òtograf ofisyèl la. Mwen ta mande nou pou nou pa kritike mwen sou baz sa. MWEN AKSEPTE SÈVI AK ÒTOGRAF OFISYÈL LA. Se pa pwoblèm lan sa. Men jan nou konnen, se pa premye òtograf ki te genyen, e mwen sèten, li pap dènye a tou. M ap debat pou fè lang lan evolye. Lò Manman mwen te konn di m rantre lakay mwen, mwen te toujou fè sa, menmsi mwen pa te wè pou ki sa mwen pa te kapab rete jwe nan vwazinaj la toujou. Men mwen te konn di li sa tou, san mwen pa janm manke l respè. Kidonk, pa panse m ape goumen kont èstanda yo. Se yon rale m ap fè pou sa ki pi konnen vin ban nou limyè sou sa.
- Yon lòt kesyon sou Kreyòl Gifrants 08/6/2000
- Yon lòt kesyon sou Kreyòl Gifrants 08/6/2000