An repons a: Yon lòt kesyon sou Kreyòl Guy Antoine te ekri a,
Gifrants afiche mesaj sa, jou 08 Jwen 2000 a 06:42:35:
Frè-an we, ak sè-an we
ou ankò frè-mwen, Sò-mwen"Frè-mwen", "Sè-mwen"
"Frè-mwen", "Sò-mwen"Premye salitasyon-an anplòye pa anpil moun, e sitou moun lavil, dezyèm-lan anplòye pa abitan-an sitou. Lang abitan diferan de nèg lavil, paske abitan pa tande franse anpil nan fon bwa kote li ye-a, e yon moun pa ta panse jan li tande panyòl anpil.
Se nan aspè-sa mwen ka di, ke "lannwit" se lang peyizan, "lannuit" se lang nèg lavil ki oubyen ankontak anpil avèk nèg lavil parèy-yo, oubyen ki ale lekòl, paske defèt, de son-yo pa finn sonnen menm jan. Peyizan-an pale kreyòl avèk plis ekla ke nèg lavil e son "ò" eklate nan bouch-li nan mo tankou "wòklò",e son "o" tou gen tandans tounen " ò"--yon mo tankou "koze" tounen "kòze"; se sa ki fè pafwa nèg lavil ri dan sou li. Lè peyizan pran antren nan konvèsasyon, kreyòl-la grennen sou lang tankou chaplèt, avèk yon rit e avèk dè mo ki non sèlman sonnen diferan, men yo di tou diferan--"kè" tounen "tchè", "fè yon ti dòmi" tounen "sinngo" oubyen "kabicha", "yon moun ki jennen jennen" toun "yon moun ki mele tankou krekre".
Peyizan pale yon kreyòl ki imaje, ki itilize alegori. Mwen pèsonèlman, mwen te toujou evite antre nan diskisyon sou kreyòl an Ayiti pou yon rezon byen senp--te gen anpil entelèktyel ti pedan, ki te gen nostalgi mouvman "la negritid", pou te vinn tou yon lòt Charles Mars, ki k-ap chèche kredi, fè diskisyon e deside tou pou peyizan-an, san ba-li plas ke li merite nan lasosyete nan tout domenn, avèk gwo diplòm yo jwenn lakay blan--Dieu Merci--. Anplis tou, mwen pa lengwis.
Nèg lavil dwe pran yon sèl kredi nan zafè kreyòl--yo anrichi vokabilè lang-lan avèk lòt lang yo tande. Men apre-sa, pou wen, fè lengwis ka vay chita nan mitan peyizan-an pou pran kreyòl-la nan rasin-li. Mande peyizan nan ki fason li santi-li alèz nan diferan sentaks yo ta vle anploye pou kreyòl-la, e sitou rekonèt ofisyèlman ke se peyizan-an ki kenbe richès kiltirèl-nou, e selebre-sa avèk rèspè e gratitid, olye de bat bravo e konplimante "entelèktyel aristokrat" k-ap mache keyi diplòm lakay blan, fè domèstik e lakay blan, e sitou an Ayiti, manke Ayisyen parèy-yo dega nan fòmil "Nou sanble, nou pa menm". Mwen di-y pou yo tou, paske pa gen moun-la.
"Une tête bien pleine ne vaut pas mieux qu'une tête bien faite". Majorite Grangranpapa-nou pa't konn ni li, ni ekri, yo reyalize pou nou nan tan pa-yo sa nèg jodi-a menm nan rèv-yo, malgre swadizan tout gwo fòmasyon, pa ka reyalize.
- Yon lòt kesyon sou Kreyòl Gifrants 08/6/2000