Pou Ayiti Fni ak Kriz Politik la


[ Kesyon Moun Mande Anpil ]

An repons a: Pou Ayiti Fni ak Kriz Politik la jafrikayiti te ekri a,

Gifrants afiche mesaj sa, jou 08 Jwen 2000 a 11:49:16:

Frè an-we,

Mwen pa politsyen, mwen se yon mizisyen. Mwen tou se te yon jenn ti etidyan ke nèg ki te pwofesè-wen te pran gwo rèsponsabilite pou entrodwi-wen nan Kominis sou Divalye. Kòm-w konnen se pa de, ni twa inosan ki mouri nan Zafè kominis. Mwen konnen tou anpil koupab tou ke se pwòp makout-menm ki fè-yo kite peyi Dayiti sen e sòf.

Opinyon-wen pa opinyon yon politisyen, se pa rèv-wen, ni aspirasyon-wen. Mwen son Ayisyen konsène, paske malkemal sa ye, men se Ayisyen, mwen ka renmen wè peyi Dayiti, ke blan pa't fè nou kado, se san grangranpapa nou tout ki te koule pou nou jwenn bout tè-sa. Dayè, se pou-m di-w, mwen sòt fè twa vayaj an Ayiti nan ane 99-la. E pa genyen yon tonnè pou ki fè-m tounen an Ayiti--mwen gen ti kè, e gen anpil bagay mwen pa gen dwa fè. Men mwen te prevwa tout sa-yo k-ap pase ya. E m-ap di-w tou, sa zòt konnen, lè Arisitid poze kandidati-li, mwen te pran kabann, pa paske mwen makout--mwen pa te janm makout, ni chèche favè nan men mankout ke anpil engra ke mwen konnnen te konn fè--, pa paske mwen pa-t vle chanjman pou Ayiti, men tou senpleman paske mwen konnen mouvman ki t-ap fòme Pè-a. Nèg-yo pa't prevwa zafè pouvwa ak prezidan, se sa-k fè mo dòd mouvman-yo se te: "La chance qui passe, la chance à prendre." Pa gen kòz-la. Lè yon nèg ap goumen pou chanjman, w-goumen pou chanjman ak fòs kouraj-w e san-w. Yon moun ka konprann pouki sa yo t'ap mache pwonmennen ak Pè-a, mande pwòp blan-sa ke w-ap joure-a, tanpri souple "Se demokrasi, nou vle", fè Pè-a tounen. Sa pa pawòl konbatan. Rapò de fos ke pwòp kominis-sa yo k-ap pale-a, yo pa fè-li jis jodi-a. Nèg k-ap eple pouvwa, men Nèg pa gen pouvwa. Nèg ka asasinen, men nèg pa ka goumen.

Pè-a, ak tout nèg ki fòme Pè-a, kòmanse nan "teoloji de la liberasyon" ki pou mwen se "Teoloji de la libibo". Pa te janm gen kòz pou pèp. Li klè pou wen, paske mwen konn mouvman-an, mwen te kèssyonnen-li depi mwen lekòl Kolèj NotreDam a yon tel pwen ke mwen te mande Dirèktè Lekòl-la, ki te pwofesè kou filozofi:"Est-ce que vous pouvez me dire la différence entre la vocation et la profession?" Repons-li te ban-wen te:"J'ai l'impression que vous connaissez la réponse, mais vous me posez la question." Filozòf li te ye, men mwen, mwen di se malen ke li ye, osonpwòp du mo.

Jodi-a se fanm Ayisyen ki gen chans jwenn yon bon lekòl ak edikasyon nan peyi Dayiti, paske Mè-yo pa kouri kite kouvan pou yo ale pran gason. Kòm-w konnen tou, Pè-yo pa menm bezwen retire soutann-yo pou yo chèche fanm pi mal pase gason k-ap di fanm "Se pa vin-an-w pou ki sove-w." E paske depi Konkòda Damyen, se Vatikan ki edike Ayisyen anjeneral atravè lekol Frè ak Mè. Depi anvan-m kite Ayiti, an 82, se bòlèt ak lekòl bokyè ki t'ap pouse an Ayiti pi mal pase djondjon.

Jodi-a "fòk-se-li" Jean-Bertrand Aristide pi frajil ke "Apre nou, se nou" makout te deklare. San inosan ap koule adwat, agòch, men pou Pè-a w-a va di se yon vè diven rouj ki senpleman chape nan men-li. Sou Divalye, lè yon moun pran yon je makak, ou ale bwachat, se te pi gwo Zak diabolik ki egziste, jodi-a, san inosan koule, kadav-li blaye nan mitan kalfou ou nan rigòl kòmsideriennetè;e sa-k pi grav-la, se libera-li arive chante, li chante san kirye.

Pou-wen Franswa Divalye se te yon gasson ki k-ap chèche mete granmoun sou-li. Li pa't kache pèsonn ke li se te yon vodouizan. Lè-li anvi fè ti entèpelasyon-li, li rale chapo panama-li nan ti chanm-li, li fè sa li kwè e sa li konnen. Zòt te di se Djab li ye. Men mwen konnen triloji divin-nan genyen : DyelePè, Dyelefis, DyeleSentèspri. Triloji diabolik genyen: Satan, Lisifè e lapolitik. Si Pè-a t'a dwat, jodi-a li kote li ye-a, menm lèzòm pa sen, Pè-a mwen kwè ka yon Djab, ki pa menm bezwen fè entèpelasyon.

Politik-sa ke yon moun wè jodi-a, dapre-wen, ka mande pou yon moun gade plis sa k-ap pase pami nou, konsèpsyon ayisyen de politik, anbisyon pèsonèl ki makonnen malerezman ak enterè yon pèp. Pa-ale chèche CIA twò lwen, moun pèsonn pa janm eseye kèsyonnen, ka pi move CIA ke-w kwè. E m-ap di-w byen, m-ap viv Ozetani pandan lontan. Bagay-yo pa pafè, se vre, men bagay-yo pa "one-way" jan-w panse-a. Brèf, li pa deranje blan-an si li wè yon nèg ap manje yon moso pen.

Sa-ke mwen di-la ka gen danje pi mal pase sou Divalye. Mwen konnen, paske lè-m rive Okap, m-ap di janm pa kontan sa-m wè, Loupenn ki tounen "Chimè", ki bon jan zouti pou zòt jodi-a, te ale la kay-mwen di ki sa yo te ka fè-wen. Lè m-ap pale de ki sa mwen prevwa, moun kouri devan-wen pi mal pase se lèp mwen genyen. Mwen sonje, avan-m rantre, mwen k-ap pale avèk yon Lavalasyen sou enpresyon-wen, li te senpleman di-wen "pa rantre". Mwente reponn-li, sou Divalye, lè m-ap rantre, moun di-m "Ti gason, fè atansyon", jodi-a w-ap di-m pa rantre, donk bagay-yo pi grav. E se vre bagay-yo pigrav pou de rezon--Pa gen kòz, pa gen brav. Pwoblèm politik Ayiti pa blan-an, se ki sa nou vle pou Ayiti. Nou vle sove Ayiti, goumen pou li, mouri pou li. Men li pap janm fèt, w-konn pouki sa? pandan ke nèg-yo k-ap fòme-wen nan kominis, yo ka repete tou-- "Platon a dit qu'il y au cimetière des gens qui se croyaient indispensables"; "Les Zhéros (héros) sont au cimetière", "La charité bien ordonnée commence par soi-même".

Dènye bagay ke-mwen te tande nan bouch yon kominis ayisyen se an 86, nan yon reinyon yo k-ap fè sou sa k-ap pase an Ayiti, se yon pawòl mwen pap janm blye. Nèg-yo te kontan anpil, e yo kap jibile sou do pèp Ayisyen ki mande chanjman. Mwen te kanpe pou poze kesyon:

Gifrants: Pèp-la mande chanjman?

Nikòl: Wi, pèp-la mande chanjman.

Gifrants: San antrènman?

Nikòl:Wi

Gifrants: San zam?

Nikòl: Wi.

Gifrants: Kòm yo pa't rele Kapwalamò, Kapwalamò pou laglwadiponpon, paske li te brave lanmò vrèman, e kòm nou se lidè, mouri devan pèp-la.

Nikòl: Nou ka itil yon revolisyon pi vivan ke mò.

Frè an-we, pa blan-an repo. Sòt ki bay, enbesil ki pa pran.





Repons sou sijè sa: