Gifrants afiche mesaj sa, jou 09 Jwen 2000 a 07:27:01:
Kout plim-sa se pou Jenn ti gason ak fanm, ki te timoun parèy-mwen, ki pase nan peyi san chapo nan lavil Okap lè Emile Auguste te prefè Okap. Jenn ti moun-sa yo ke Ayiti ak paran-yo pedi te mouri kòm kominis, lè chak swa Emile Auguste t-ap pase ranmase-yo, brote yo lòt bò pon Ipolit, fè yo fouye pwòp trou-yo, tire-yo ak 38-ti, koupe tèt-yo, pote ba François Duvalier, prouve ke li t'ap fè bon travay. Tò ti moun-sa yo--yo kap etidye anba poto lanmp nan lari paske lakay pa gen elèktrisite oubyen tèt gridap te bay tèt fè mal, je koule nan dlo.Kout plim-sa se pou Gérard d'Estaing, premye pwofesè ke mwen te renmen kòm etidyan Kolèj Notre Dame, e se pa sèlman-wen, men tout klas 6ème Jan, pou jan M'sye te afab, e pran tan li pou montre-nou Mathématiques Modernes. Mwen pa konnen si li vivan, si li mouri. Yon aprèmidi, nou te rantre nan klas pou kou Matematik a 1:30, d'Estaing pa te parèt. Bwi te kouri ke yo te arete-li kòm kominis. Si li vivan, fè konnen ke onon de tout kanmarad mwen, nou byen kontan ke li siviv, e nou remèsye ti pati li te ban nou nan sèvo-li. Si li mouri, mwen vle fè fanmi-li konnen ke nou tou nou pa blye, e èspesyalmen, mwen, Gifrants.
Kout plim-sa se pou tout Jenn lòt gason ak fanm ki te kwè nan Kominis, ki fè voum tan jemi nan prizon Lasnal Okap, oubyen Fò Dimanch, ki malerèzman trepase andan prizon sa-yo anba tòti ak tribilasyon, oubyen siviv peripeti sa-yo.
Kout plim-sa se pou tout Fanmm Ayisyen ak manman pitit ka sibi kadejak sovaj depi ane 86, ki fè eksperyans makab pou yo wè jan malveyan san nanm ap dechalbore ti moun toupiti, demwazèl ke lavni-o gate devan pwòp je-o, oubyen anko malveyan fè pwòp pitit gason-yo kouche avèk-yo manman, nan briganday malpouwont lidè lakòz nan anbisyon pouvwa-yo.
Kout plim-sa se pou moun ki pa ka kenbe, ki reziye-yo pran kantè, oubyen ke reken fè festen ak kadav, oubyen kap mwazi nan prizon ou kan konsantrasyon, oubyen k-ap pase mati nan peyi kote yo pa resevwa abrazouvè.
Kout plim-sa se pou peyizan frè-m yo, ak sè-m yo, kap pase yon mati pèson pa vinn soulaje. Divalye pat pi chyen pa se sa.
Kout plim-sa se pou milat-yo, Milat Ayisyen, ki gen dwa tankou tout Ayisyen, ke vorasite, fristasyon enbesil nèg nwè, e enkonsyans nèg nwè kontinye rann-yo lavi enposib, e lakòz ke se blan-an ki ka garanti-yo sekirite lavi nan pwòp peyi kote yo fèt, e deyò fèmen pòt pouvwa sou yo, kòm si yo tou pa ta gen dwa paske yo se milat.
Kout plim-sa se pou moun tout moun ap toupize, imilye, maspinen, twompe, ridikilize, pran pou anyen paske daprè-yo, moun sa-yo pa moun. Moun sa-yo, se moun mwen. E mwen ri paske moun-sa yo ban-mwen tout fòs ke-m genyen, moun-sa yo fè-m gason, yo fè-m non nonm, yo fè-m yon granmoun. Moun sa-yo se nanm-mwen. Nou pa pile latè twò fò. Mwen voye la pligrann reverans ba peyizan, abitan frè-m yo, sè-m yo. Yo di nou lèd se vre, men nou la. Yo mèt di nou pa moun, men yo paka di plis pase sa.
Men peyi Dayiti. Li manman, li pitit. Nèg bouke fè tchans. Men gen granmoun toujou. Aristid fè 1111 jou deyò. Gen egzakteman 1111 Ginen sou latè beni. Afè Aristid-sa sele e anwo, e anba. Dèstine pa dèsten. Fòse dèstine pa detounen dèsten. Pran chans, viv sous chans, mouri sou chans. Moun mouri, moun dwe mouri, fòk moun mouri, men ki moun ka peye san-an? Ki moun-tou ka fè ke san-sa yo ki koule-a pa koule pou granmèsi? Parabòl pa lavi se wòl. Wè-wen tank'on pwen nwa, si nou vle, men ki sa dapre nou, mwen ka anpeche? Mwen pa ka tenyen ou limen chandèl pèsonn, dayè, èske tout moun pa granmoun? "Tout moun granmoun'o, Ibo lele, tout moun granmoun'o". Bouch granmoun ka santi, men pawòl-li pa santi. M-abò, paske yo vle-wen rete abò, e m-ap rete abò. Anwo tankou anba konnen jan mwen konsènen. Mwen poko ka di, mwen pase tès konpasyon-wen, men kè-wen ap senyen. M-ap pote kwa pa wen, pa pou wen sèlman. Men sonje tou mwen se yon pitit ki renmen manman-li anpil. Mwen pa dezobeyi anwo ak anba, men mwen pa ka trayi san-wen tou.
Pa gen kriz, genyen yon pwoblèm pou ki rezoud. Kòm pou Pèletènèl, tan se yon konstan neglijab, sa parèt pou nou, li pran tan. Tan e tan fè tan, gen lontan n-ap pase, pi gwo pwoblèm-nou se Jouda.
- Pou lanmou peyi-wen, peyi Dayiti jafrikayiti 13/6/2000