Pou Ayiti Fni ak Kriz Politik la


[ Kesyon Moun Mande Anpil ]

An repons a: Pou Ayiti Fni ak Kriz Politik la Gifrants te ekri a,

Mozart Saintvil afiche mesaj sa, jou 09 Jwen 2000 a 09:30:17:

Kouzen gifrants,

Mwen abitye li mesaj ou e mwen renmen jan ou te rekonEt se Ayisyen nan pwovens k ap pote peyi-a sou do yo, se yo ki travayE onEt elt. men sanble ou gen pwoblEm lE menm mounn sa yo chwazi youn lidE pou pale pou yo. Eske ou respecte moun sa yo ki se majorite popilasyon-an? Kote vEsyon demokrasi sa-a sOti?

FE youn ti limyE sou koze sa-a tou: "...nEg ki te pwofesE-wen te pran gwo responsablite pou entrodwi-wen nan kominis sou Divalye." Tout moun ka remake jan ou di li, se te responsablitepwofesE-a, pi devan ou di "...anpil inosan mouri nan zafE kominis. Mwen konnen tou anpil koupab tou se te pwOp makout-menm ki fE yo kite peyi Dayiti sen e sof." Sa koupab sa-a vle di? Chak Ayisyen wE Divalye ak je pa yo, men kijan mwen te wE misye.

1957 premye fwa youn moun rive kite planEt la nan youn fize Linyon Sovietik nan kad pwojE siantifik peyi sa-a. Se te bEl bagay, lezOm ap pwogrese. Divalye youn jenn ti doktE Wachinton fOse vin prezidan Ayiti. Misye te fEt nan peyi Matinik, li te gen 4 an lE li te debake Ayiti ak papa-l. Li rive nan tEt peyi-a, li kOmanse terorize peyi-a. Pigwo ennmi-l se te, entElektyEl, kreyolis, etidyan, jounalis ak sendika yo. Li fEmen laboratwa nan tout lekOl segondE pousizoka youn moun ta panse fabrike youn bonm pou touye-l. Misye te kreye youn milis 'Volontaire de la Securite Nationale' (depi sou non-an ou kapab wE kote lide sa-a sOti.) pou veye sou lame-a ki dabitid konn lage gouvEnman atE. Simen ajan toupatou elEv lekOl, travayE sanitE elr..
Nan zak teroris sa yo ant Papa ak piti Divalye yo touye ant 40 a 60 mil Ayisyen, vrE elit peyi-a. PifO kadav sa yo al lage Titanyen, lE zOt di-l yo obsEve jaden zo sa-a nan avyon li fE boulE fatra sou yo. Divalye fEmen pifO pO peyi ki te konn fE komEs ak lOt peyi (Ayiti te sou anbago). Li gaspiye tout resous peyi a pou pwoteje tEt li, lE fini pran gwo dEt sou do pEp la jan 'FMI/Bank Mondyal' mande-l, yo ede-l sere pal nan Bank Swiss. Kalkil li pat fE, lE-l fin touye entElektyEl peti-a, kilEs ki ta pral edike pwOp pitit li. Ki te vin pi gwo panyen pEsi nan tEt peyi a. Anfen Divalye nan je pa-m te youn doktE anti-pwogrE-teroris. Ayiti debarase-l fizikman ak Divalye men laboratwa ki te bannou li-an ap kreye tokay li. Men Ayisyen detEminine li pap pran lOt ankO.

Si oun peyi ki bay ledikasyon, sante ak lOt sEvis gratis se kominis, enbyen n ap viv nan peyi kominis san nou pa konnen. Se pa Ayiti sElman ki sibi anba preteks kominis sa-a. 'School of Americas' se pou sa li te kreye, edike teroris kijan pou rache gouvEnman sou pouvwa, prije politisyen fizikman e mantalman onon demokrasi. LekOl sa-a ap fonksyone toujou tipapa. Nan youn tirale ti genyen ant youn jounalis ak youn manm Depatamn Leta ki di jounalis la, pito lekOl la (School Of Americas) fonksyone konsa pase li vin prive, lE konsa leta p' ap gen kontwOl ankO sou li. Sa misye di-a fEt deja, geyen youn (lekOl zeglendo) nan 'Main' kote sOlda ki t'ap fE brigandaj, kadejak sou abitan 'East Timor' yo misye tou fE limyE sou sa ki fE Etazini ak Ostrali te ezite rantre al met lOd akOz relasyon yo ak sOlda ki t ap toupizi ti peyi-a.

Mwen kanpe la,
Bouli




Repons sou sijè sa: