Yon kesyon sou Kreyòl pou Gifrants ak lòt moun


[ Kesyon Moun Mande Anpil ]



An repons a: Yon kesyon sou Kreyòl pou Gifrants ak lòt moun Guy Antoine te ekri a,

Lunine Pierre-Jerome afiche mesaj sa, jou 09 Jwen 2000 a 11:01:53:

Guy,

Toutabò m ap di w chapo ba pou kouray ou, detèminasyon w, ak entèlijans ou. Fowòm kreyòl sa a pèmèt mwen aprann anpil, reflechi anpil, e kesyone anpil. Mèsi pase ou te wè nesesite pou louvri deba yo an kreyòl. Mèsi paske ou konprann lang yon pèp fè pati kilti l e san lang lan paka gen vansman reyèl. Mèsi paske ou se yon Ayisyen konsyan ki pa pale pou met la. Mèsi paske ou kwè nan aksyon e ou te pran bonjan aksyon pou met fowòm kreyòl la sou pye. Mèsi, pase ou ba anpil nan nou ki gen baboukèt nan bouch nou, yon kote pou nou bay dizon pa nou. Mèsi anpil pou chanjman sa a pou pote nan lavi nou.

M ap fè yon tantativ reponn kesyon ou te genyen sou "wen" ak "we". M pase kèk jou ap li deba ki ap fèt sou enpòtans kreyòl onivo devlopman ekonomik, sosyal ak politik. Men, pèsonn pa janm atake kesyon ou an e pote yon limyè. Sa pa vle di lòt analiz k ap fèt yo pa enpòtan e menm nesesè sitou lè l fèt nan yon lang gran dizè w yo toujou vle fè nou kwè pa lang. M gen rezèv mwen sou anpil ladann yo. M panse, nou ta dwe anbake nan rechèch pou n viv ak tèz ki apiye youn ou lòt opinion. M ap ajoute yon timo a tout kòmantè k ap fèt sou entèlijans nèg nwè, sou kisa oubyen sou kisa yo paka fè. M sonje m li se yon nèg nwè ki devlope teknik pou moun pran san kifè jounen jodi a lè yon moun malad, li pa oblije mouri poutèt li manke san. Men, menm nèg nwè sa a, ki te yon biyolojis t al lopital e responsab yo pat vle ba li san, malgre li te nan bezwen, paske se te yon nèg nwè.

Donk, deba sa a pi konplike petèt pase jan n ap menmen l nan, li paka chita senpman sou yon kesyon lang pa lang. Nou fèt pou n gade lide rasis ki fè zòt pa janm rekonèt sa nèg nwè fè oubyen konn fè. An menm tan tou, nou dwe gade aspè ekonomik, politik ak sosyal nou nan sosyete a kifè nou menm nèg nwè nou pa gen dizon pa nou nan tout deba k ap fèt sou non nou oubyen sou do nou. M rete kwè nèg nwè ki kapab yo dwe manyen kesyon sa yo, e touche maling nan jouk nan zo. Natirèlman, nenpòt kimoun ki ta lanse tèt li nan yon batay konsa dwe konnen chimen an gen pikan e l riske pase menm jan ak Malcom X, Martin Luther, elatriye. Oubyen l riske pran yon prizon avi paske l pat peye yon tikè l te pran pou limyè wouj. Annatadan, kontradiksyon sa yo ki fè yon lit djanm. "Si w pa gen kè ou pa jwe pokè."

M sonje tou, m te li yon lòt kote, se yon nèg nwè ki fè lè n ap kondui nan lari a nou pa tankou yon banm chen fou paske nou jwenn bonjan limyè kifè nou ka estope lè pou nou estope pou lòt machin, pou anpansan, e kontinye chimen nou lè pou nou kontinye san tèt chaje ni aksidan, e m pi kwè se te yon matematisyen ki te devlope teknik sa a. Li klè nèg nwè kontribye anpil nan sivilizasyon lemonn, men aparèy ekonomik la pat nan men nèg nwè, li kontinye pa nan menm, kidonk, li pat e pa kapab ekri pwòp listwa l. Nou jwenn anpil egzanp ki montre entèlijans pouse nèg lafrik. Liv Jakrikayiti a "Viv bondye aba relijyon" itilize anpil egzanp ki sipòte syantifikman piske li bay referans kote l jwenn enfòmasyon sa yo.

Guy, m gen enpresyon m ap fè menm sa m ap repwoche lèzòt yo nan fowòm nan. Sijè sa a enteresan anpil. Kontradiksyon ki egziste nan tout sa k ap di yo fè diskisyon an pi enteresan. Se yon demach syantifik e yon model Sokratik an kreyòl. "Agimantasyon", jan Josianne Hudicourt Barnes di l nan yon atik li gen l pou pibliye, se yon demach syantifik ki ekziste nan nannan zantray tout Ayisyen. "Nou dakò pou nou pa dakò".

Antouka, kite m di w m se moun plato santral, m soti Bèladè sou fwontyè Repiblik Ayiti ak Dominikani. Grann mwen ak granpapa m bò papa soti nan Nò, nan zòn Grann Rivye. Lè m tap grandi, m te toujou tande de dyalèk rejyonal, e matant mwen ak tonton m yo ki soti nan Nò te toujou itilize "wen" ou "we" lè yap refere a tèt yo, pa egzanp si matant mwen te bezwen yon moun pran yon bagay pou li, li t ap di, "pran l pou wen". M panse nan yon kontèks lengwistik moun nan Nò di "wen" ou "we" suivan sa ki plase avan "we" ou "wen" an. Yon lengwis k a toujou apiye oubyen desapwouve sa m di a, se yon konstatasyon m fè, e m grandi ak moun nan Nò, malgre m pa sot nan Nò. Grann bò manman m te itilize "mwen". E nan menm egzanp m te pran pi wo a, li t ap di, "pran l pou mwen".

M panse repons mwen an plizoumwen eklèsi w sou itilizasyon "we", "wen" ak "mwen" nan kreyòl Ayisyen.

Mèsi,

Lunine






Repons sou sijè sa: