An repons a: Yon lòt kesyon sou Kreyòl Guy S. Antoine te ekri a,
Lunine Pierre-Jerome afiche mesaj sa, jou 09 Jwen 2000 a 11:43:39:
M ap reponn kesyon yo paske m wè pyès nan lengwis yo pa vle bay yon kout kiyè sou aspè sosyo-lengwistik ak epsiko-lengwistik lang kreyòl.Kesyon
- Eske gen yon diferans nan dyalek rejyonal yo ki ta pòte yon pati moun ekri "manje kuit" e
yon lòt pati moun ekri "manje kwit"? Eske "ui" ak "wi" gen diferans nan yo ousnon yo
egal-ego?Gen yon diferans ant "ui" ak "wi" e se yon diferans ki chita sou fason mo a pwonse e ki mouvman bouch, machwa, gòg, sistèm ki responsab vwa ak lapawòl la fè lè yon moun ap pale. Fè yon ti eksperyans, di "ui" epi di "wi", gade mouvman bouch ou. Si w byen obsève, w ap wè mouvman sa a se yon mouvman won, kote lè w ap pwononse son an, li kòmanse ouvè pou l vin fèmen lè ou fin pwononse son an. Tandiske, lè w ap pwononse "wi", son an kòmanse fèmen anvan pou l fini ouvè. M panse lengwis yo a gen plis pou yo ajoute sou sa.
- Si gen yon bon valè moun ki lò y ap pale, yo di "duri" e yo pa di "diri", eske sa vyole òtograf ofisyel la lò yo ta va ekri "duri" nan plas "diri"? Mwen vle kwè sa, paske son "u" nan franse aWi, yo vyole òtograf la. Pa gen son "u" nan kreyòl men pito son "ui", son "ou". Jeneralman moun ki gen tandans di "duri" se sou enfliyans franse yo ye. Piske "diri" ak "du riz" yon ti jan rapwoche. E majorite nan nou te gen fòmasyon franse, pwononsyasyon nou apwoche sou franse. Sepandan, sa pa vle di lè n ap ekri, nou oblije ekri fòm franse a piske gen yon òtograf pou nou respekte. Dayè, gen diferans ant fòm pale ak ekri nan tout lang. Li klè gen yon estanda ki dwe respekte lè moun ap ekri, menm si ou pale jan ou vle.
- Banm yon ti degi: nan Òtograf Ofisyèl lang kreyòl la ki nan achiv REKA a, yo ekri konsa:
"Wo, Wò, Won, Wou kapab ekri konsa tou : Ro, Rò, Ron, Rou".
Sonje kreyòl se yon lang fonolojik, jan li pwononse a se konsa li ekri. Si ou tande son "wo" ou ekri "wo" si ou tande son "ro" ou ekri "ro." Men, pwoblèm ki egziste sou kesyon kreyòl, tout moun pran yon atitid voye monte. Yo ekri jan yo vle san yo pa respekte sa ki te tabli e ki te dakò sou refòm Bernard a. "Piske se kreyòl, nou mèt voye monte", se atitid sa a tout moun adopte, "kreyòl pa gen gramè", "kreyòl pap menmen nou okenn kote", donk nou pa bezwen fè okenn efò pou nou respekte règleman ki egziste nan lang lan menm jan ak tout lòt lang yo.
- Yon lòt kesyon sou Kreyòl Guy S. Antoine 09/6/2000
- Yon lòt kesyon sou Kreyòl Lunine Pierre-Jerome 13/6/2000
- Yon lòt kesyon sou Kreyòl Lunine Pierre-Jerome 13/6/2000
- Esperans Dezire Guy S. Antoine 13/6/2000
- Esperans Dezire Lunine Pierre-Jerome 13/6/2000
- Esperans Dezire Michel-Ange Hyppolite 16/6/2000