An repons a: Yon lòt kesyon sou Kreyòl Lunine Pierre-Jerome te ekri a,
Guy S. Antoine afiche mesaj sa, jou 09 Jwen 2000 a 13:17:27:
Mèsi pou repons ou an, Lunine. Kritik ou pote sou Ayisyen ki voye monte san yo pa ba òtograf ofisyèl la bon jan konsiderasyon yo poutan ba lòt lang yo, mwen dakò avèk kritik sa 100%. Men sèlman, mwen ta vle fè ou remake ke kesyon mwen poze yo, mwen pa te poze yo pou ankouraje pèsonn pou yo pa suiv òtograf ofisyèl la. Sa ta gen anpil danje ladann, sitou lò nou sonje gen apeprè 80% popilasyon an ki pa konnen ekri, kidonk genyen nesesite pou nou devlope zouti pou pwopaje alfabrtizasyon an san okenn konfizyon vin jennen pye nou. Mwen espere nou klè sou sa.
Mwen te poze kesyon yo sou yon lòt pwendvi, paske tout kesyon merite repons, e si mwen menm m arive fòmile yo, mwen sèten anpil lòt moun gen menm kesyon yo tou. Sijè a pa bezwen tabou, paske lang lan se evolye l ap evolye, e se tout echanj sa yo n ap fè sou kesyon an k a pral bay lenguistik lang Ayisyen an plis bourad toujou.
Pa ekzanp, mwen gen dwa di ou mwen dakò avèk eksplikasyon oumenm ak Jafrikayiti te bay la sou diferans nan izaj "ui" avèk "wi". Mwen li repons nou yo, e mwen dakò avèk yo. Dayè, rezon ki fè mwen te poze kesyon an odepa, se paske nan premye achiv Fowòm Kreyòl la, te gen yon edikatè Ayisyen (mwen bliye non li, men mwen ta gen dwa ale chache li) ki te deklare ke nan mouvman alfabetizasyon li t ap mennen avèk peyizan yo, diferans ant "ui" avèk "wi" li rankontre nan tèks kreyòl yo te kreye konfizyon nan lespri elèv li yo, e li menm menm li te pran desizyon toujou ekri "wi", e li te di ke si li te kapab li te fè zafè "ui" a disparèt. Pèsonn pa t janm reponn kòmantè li a. Men mwenmenm mwen pa te bliye li, e mwen fè èkspre pou mwen tounen sou zafè sa, pou mwen fòse moun fè kòmantè sou li. Edikasyon pa mwen te enfliyanse anpil pa lang franse a. Dayè kòm laplipa nan nou nan jenerasyon mwen, avèk tout jenerasyon ki presede pa m lan, e menm de twa jenerasyon ki suiv pa m lan (paske bab mwen kòmanse blanch), tout etid primè ak sekondè mwen te fèt nan bon jan franse. Mwen toujou di "lannuit, manje kuit", mwen pa di "lannwit, manje kwit". Men si yon jou ofisyèl yo ta deside senpliye doub fason nou ekri non sa yo pou avanse objektif alfabetizasyon pèp Ayisyen an, mwen pap gen okenn pwoblèm avèk sa, se yon ti ajisteman tou piti mwen ta gen pou m fè. Nan pwen pwoblèm di tou.
Men kote mwen gen yon ti pwoblèm sou pwendvi entelektyèl, se lò prensip lengwis yo adopte a pa parèt yo konsistan youn ak lòt. Pa ekzanp ou di: "Sonje kreyòl se yon lang fonolojik, jan li pwononse a se konsa li ekri", pou ou jistifye diferans ant "ui" avèk "wi", ant "wo" avèk "ro", ant "wou" avèk "rou", ant "won" avèk "ron". [Atansyon, aplikasyon prensip sa pa fè zafè moun ki gen pou yo itilize tèks an kreyòl pou yo alfabetize Ayisyen ki fèt ap aprann li e ekri kreyòl, paske deja sa kreye anpil varyasyon jan menm mo a ekri (e sa pratikman pa fèt nan lòt lang yo). Men an nou pase sou sa (men se yon pwen nou fèt pou reflechi sou li)].
Men pouki sa ofisyèl yo te fè tout konsiderasyon sa yo pou moun tankou mwen ki gen tandans di "lannuit", ki gen tandans pwononse "r" yo (tou piti) nan mo tankou "foròm" (se pa "fowòm" nèt ale mwen di), pou ki sa yo fè tout konsiderasyon sa yo pou ti diferans nan pwononsyasyon nou yo ki minim, epi lò ou rive nan "diri" (duri), yo di ou "o non, son sa pa egziste an kreyòl, fòk nou radye li nan òtograf la, fòk tout moun ekri diri". Lunine, mwen pa konnen si ou konprann mwen. Mwen pa gen okenn pwoblèm ditou pou mwen ekri "diri". Konsa tou, mwen pa gen okenn pwoblèm pou mwen ekri "pwoblèm" olyede "problèm", pou mwen ekri "fowòm" olyede "foròm". Plis ekriti lang lan senp, se plis mwen rele Ayibobo, paske ann Ayiti, nou renmen bagay ki konplike twòp. Se sa ki fè demokrasi nou an konplike konsa.
Kesyon mwen te soulve yo, se pou mwen te fè moun reflechi sou zafè evolisyon lang lan, avèk zouti ki pou pwopaje li, e pou pèmèt edikatè nou yo fonksyone pi byen. Se pa rapwòchman avèk franse m ap chache. Men se DE PRENSIP mwen panse ki enpòtan anpil pou nou kenbe: KONSISTANS ak SENPLIFIKASYON.
Repons sou sijè sa:
- Yon lòt kesyon sou Kreyòl Lunine Pierre-Jerome 13/6/2000
- Yon lòt kesyon sou Kreyòl Lunine Pierre-Jerome 13/6/2000
- Esperans Dezire Guy S. Antoine 13/6/2000
- Esperans Dezire Lunine Pierre-Jerome 13/6/2000
- Esperans Dezire Michel-Ange Hyppolite 16/6/2000