Guy S. Antoine afiche mesaj sa, jou 10 Jwen 2000 a 07:48:46:
Mezanmi, mwen soti resevwa yon lèt de yon sè mwen, e mwen vle pataje li avèk nou tout. Toudabò fò mwen avèti nou lèt la se an angle li ekri. Poukisa? Men rezon an: Nan jenerasyon mwen an, lò nou t ap grandi, pyès nan nou pa t aprann li ni ekri Kreyòl. Nou te pale ant nou an Kreyòl, men tout frè mwen ak sè mwen yo depi nou ekri se an franse nou toujou fè sa. Sa mwen di la, mwen konnen se ka pi gran majorite Ayisyen ki edike an Ayiti anvan 1980 (si se pa lan 2000 lan menm). Lè nou vini Ozetazini, dinamis langaj nou vin chanje. Nou kontinye toujou pale Kreyòl ant nou, men piti piti nou vin abandone lang franse a nan ekri pou nou ranplase li pa angle. Sa se yon kokennchenn chanjman ki fèt nan vi nou. Nou vin idantifye totalman avèk lang milye n ap evolye ladann lan. An nou tire de opsèvasyon:
1) Lò frè mwen ak sè mwen yo te an Ayiti, nou te bileng san grate tèt paske nonsèlman se franse nou te oblije pale lekòl, men lakay pa nou, se franse nou te oblije pale avèk granmoun nan fanmi nou tou (papa, manmman, tonton, tant, gran kouzen, gran kouzin, elatriye). Mwen reyalize se pa yon ka ki tèlman tipik, paske lamajorite Ayisyen se kreyòl yo pale lò yo pa lekòl. Men nou menm nou te pale kreyòl sitou lò granmoun pa t prezan. Menm ant nou se franse nou te toujou pale devan granmoun yo. Men sa ki vin pase, e ki leson mwen tire nan bagay sa:
a) Premye leson an, sè ke Kreyòl la se lang fondamantal tout Ayisyen kèlkeswa nan ki milye sosyal yo te evolye. Paske tout pale nou te konn pale franse lò nou te an Ayiti, lò nou vin isit, nou fout mete franse a akote, nou kenbe Kreyòl la, e nou tou foure angle a kòm dezyèm lang nan plas franse a. Franse vin pase kòm twazyèm lang, li vin yon lang ki pito akademik sèlman lò nou kontinye li tout liv yo ki toujou ekri an franse. Se vre nou pa ka fin mete franse a kote, paske gen twòp literati, menm literati Ayisyen se an franse yo ekri. Men dinamis lan vin chanje. Nan vi pa nou ekwasyon vini: 1-Kreyòl; 2-Angle; 3-Franse.
b) Men malerezman, stati Kreyòl la pa t tèlman evolye paske se pale nou pale li sèlman, depi nou gen pou nou ekri, nou toujou derape nan yon lòt lang. Kounyè a nou itilize angle sitou, franse an dezyèm plas.
c) Men tout sa kòmanse chanje, paske zafè Kreyòl la ap bouje. Nou kòmanse peye atansyon. Nou kòmanse wè nesesite pou nou rive li kreyòl la, epi ekri kreyòl la, pou zafè pèp Ayisyen an mache pi byen, paske nou enterese nan zafè peyi nou pi rèd. Nou reyalize ke pou zafè peyi a mache, fòk gen yon dyalog nasyonal. DYALOG NASYONAL SA, SE NAN YON SÈL LANG LI KAPAB FÈT, SE AN KREYÒL. SE LANG SA SÈLMAN TOUT AYISYEN PALE. Kidonk, lò nou pran konsyans verite sa a, lò nou vin konsyantize pi plis, nou kòmanse enterese pou nou aprann LI kreyòl tou, pou nou EKRI li tou.
2) Kidonk, anpil moun nan fanmi mwen ap fè efò pou entegre Kreyòl la pi plis nan kominikasyon nou gen ant nou. Men se pa nou tout ki nan menm nivo. Aprann li kreyòl la, mande ti efò avèk anpil bòn volonte lò ou pa t abitye fè sa. Paske lò ou fin granmoun deja, byensouvan ou pa santi yon bezwen pou w konplike lavi ou ale aprann yon bagay ki nouvo. Men nou wè nesesite pou nou fè sa. Donk, mwenmenm mwen fè tout sa m kapab pou mwen ankouraje tout fanmi mwen yo aprann LI an kreyòl (eksepte yon sè mwen ki te pran devan mwen lontan nan zafè edikasyon popilè a. Li te remèt yon bon pati nan vi li deja, sou pwoblèm lojistik e striktirèl mouvman alfabetizasyon an Ayiti. Mwen toujou met chapo ba pou ekzanp li te trase non sèlman pou fanmi mwen, men pou tout Ayisyen).
3) E ekri kreyòl la? Mwen pa gen lontan mwen kòmanse fè sa, petèt dezan pou piplis. Men mwen kòmanse santi m pi alèz ladann. Se nan ekri ou vin aprann ekri. Men majorite moun nan fanmi mwen pakò alèz ditou sou teren sa. Men sa ap vini. Paske yo kòmanse vin plis alèz nan lèkti enfòmasyon ki redije an Kreyòl. Kokenn enfòmasyon tankou liv Jafrikayiti a. Plis liv konsa ki parèt, se plis moun k ap pran bourad pou yo rive LI e EKRI Kreyòl la. Sa se yonn nan pi bèl bagay noumenm minorite Ayisyen ki alèz nèt nan ekri Kreyòl la, si nou ta kòmanse ekri liv an Kreyòl sou tout sijè nou konn diskite sou latè beni. Se pa koze lengwistik sèlman, se roman, se liv lakonesans nan tout domèn. Sou pwensa, Jafrikayiti ban nou yon bèl ekzanp toutbonvre. Kounyè a, mwen kapab pataje avèk nou lèt youn nan sè mwen yo sot ekri mwen an angle se vre, men sou yon liv li sot li an kreyòl:
June 10, 2000
I just finished reading the book today. I enjoyed every page, every sentence, every word. In two weeks, I have learned so much about religion, astronomy, biology, philosophy, geography, history, sociology, archeology... And all of this in Haitian Creole.
I did go to the referenced web sites a couple of times to read more about the subject. He must be a tremendous and wonderful teacher. I learned a lot from that book.
I will go back and read it again, slowly, comparing his notes with the Bible, so I can understand better all the passages he wrote about. Jafrikayiti has put me back to school. I am so glad I am retired, now I have time to learn.
I will recommend this book to my friends. I will surely get this book for my children and grandchildren once it is translated in English.
Please tell Jafrikayiti that I admire him and that I consider him a Hero.
I wish you good luck in selling the book. You need a few generous sponsors to help in the distribution of this book. (Oprah's style)
Honor and Respect
THERESE
Repons sou sijè sa:
- Dinamis langaj nan yon fanmi Ayisyen: Eksperians pa mwen Jafrikayiti 10/6/2000