Dinamis langaj nan yon fanmi Ayisyen: Eksperians pa mwen


[ Kesyon Moun Mande Anpil ]

An repons a: Dinamis langaj nan yon fanmi Ayisyen: Eksperians pa mwen Guy S. Antoine te ekri a,

Jafrikayiti afiche mesaj sa, jou 10 Jwen 2000 a 13:34:36:

Onè ak anpil respè pou ou Therese,

Se ak anpil emosyon mwen li tèks ou ekri a. Konsa tou mwen kontinye etone wè kijan Guy se yon nèg ki sitèlman ap viv yon kominyon ak pèp li, li pa janm ezite pataje menm reyalite pèsonèl li ak nou pou nou kapab aprann epi grandi ansanm.

Therese, mwen kontan anpil daprèzavwa ou renmen liv la epi ou tanmen fouye nan fèy papye ak paj entènèt pou pouse dekouvèt yo pi lwen. Sitou, ou desidepataje limyè ou va dekouvri yo ak jenn yo.

Mèsi anpil epi kenbe djanm!


Jafrikayiti

"Depi nan Ginen bon nèg ap ede nèg!"



Repons sou sijè sa: