An repons a: Yon kesyon sou Kreyòl pou Gifrants ak lòt moun Guy Antoine te ekri a,
François-Marie Michel afiche mesaj sa, jou 12 Jwen 2000 a 18:49:37:
Bonjou Mesyedam yo, nan gran lakou REKA,Detwa jou m fè, m pa vizite n, m sezi wè ayèwoswa, gwo boulebwa kreyòl, chèf kanbiz la sanble ake bon bwa gayak pou boukan dife a rete klere lèspri n pi lontan l kapab.
On ti kesyon nosan, mennen yon ribanbèl pawòòòòl! Apapito tout Ayisyen te tonbe sou fèt sa a! Ten m voye de kout klèren sou boukan sa a, pou m manyè-wè si etensèl ta pete sot nan kèk ne bwa, mont' anlè. Sa ta avèti plis moun! Konsa, sa k pa te janm konnen ta jwenn chans vin rele Viv Lakilti-Rasin!
Ten m konmanse di Chèf Kanbiz la mèsi pou kesyon sou "we" ak "wen" an, ki limen boukan sa a. M ap tou pwofite di lòt bagay tou ki ka tounen pikliz sou poul.
Men fò m remèsye tout lòt kanmarad k ap soufle dife diskisyon an tou. Pa pito bagay yo te debat konsa anndan peyi a sou tout sijè ki pou ta ride Ministè-di-Plan pran nòt Patisipasyon pa l! E pa pito yon jou, diskisyon politik ta ka fèt konsa anndan peyi a, san pa gen koupe fache! Pito m retounen kote m te soti anvan rèv sa a.
Kanmarad Gifrants gen lontan l vini ake stil Chèf Kanbiz la ap chache konnen plis sou li a. Depi nan lane 80 yo nan "SAKAD" yon gwoup mizik ki te demake fasilite pou te rive ak balon l devan filè kalewès. Jan l di a, se nan mitan abitan yo, fòm "wen" an soti. Ou kwè bèl! Lè w mete chante a ki moute-disann nan fraz la menm, koze a mande chèy.
Bagay sa a ban m lide mande REKA f on panyen menm, pou kanmarad ki soti diferan kote nan peyi a, vin mete ti-èspesyalite zonn pa yo, pou SOLOBA a pa janm manke zagribay. Kòm nèg okap, m ap konmanse ake mo ake a. M pa kache d' on lòt, m fè lagè 14 ake y pandan m te lekòl Pòtoprens. Se vre, apre sèt an, fò m ta pedi plim; men angwo, m derefize pran okenn lòd, ni presyon pou m ta chanje jan m pale. Kite m di tou, jounen jodi, se disiplin, pou lang lan pa pedi tan nan wout, ki fen m pa ekri vre, jan m ap pwofite ekri la a. Pou m ta met presyon pou kreyòl nan Nò a ta rantre antralala tou, nan tout liv ofisyèl. M prete y, m pa bay li. Si se pa mwen, s apway yon lòt. Pou n pa gaye kesyon an, ann tounen sou koze "wen" an.
Egzanp an m, soti nan tit yonn nan chante Gifrants yo limenm. Msye rele chante a "Lanmou-mwe". Li ta ka rele l: "Lanmou mwen". Okap, yo ta ka di w "Lanm' w an m". Nan plenn nan, ta di w "Lanm'w an wen." Kesyon sa a, s on lengwis ki pou ta èsplike l. Yon lengwis ki sot nan Nò. E ki pa tou pare pou bay lagany, paske l pè m-pa-konn-kisa.
Anvan n al rantre nan lòt rantre-soti ki fèt nan deba a, yon deba anverite ki rich pase lajan-kontan, kite m tou pase nan brèch "we" ak "wen" an, pou m tou leve banyè yon lòt mo ki ba moun lòt kote anpil pwoblèm. Sitou lè pwonon yo swiv li.
Ou ka tande moun nan Nò di w:" monchè, pa ranso w aken m." Ranse w tounen ranso. Awogans pete ri. Men pa g anyen non, pou ri la. Lè w pa konnen, se aprann w aprann. Oswa w mande konkou. Nan ka sa a, nou bezwen yon lengwis pou èsplike. Ofon se pa premye fwa lang kreyòl la ranplase vwayèl. Ann pran vèb bay. Ala ri m ta ri! "Bay" tounen "ban" depi l douvan "mwen", ki ka tounen "m" ase, ki tounen "wen" nan langaj Gifrans sèvi ak li a. "Bay" tounen "ba" douvan "wou", ki ka tounen "w" ase tou.. "Bay" s on vèb. Men se pa paske vèb se potanta yon fraz, ki ka fè se li sèl ki gen dwa pase lim pou lòt mo ajiste sou li san lang pa bite. Se sa "ake" fè tanzantan.Moun Nò di w Moun Pòtoprens
Aken m* Avè m, Avè(k) mwen, ak mwen, a mwen
Ako w Avè w, avèk ou, ak ou
Aken nou, ake n Avè n, avèk nou, ak nou
Ake y Avè l, avèk li, ak li, a li
Ake yo Avè yo, avèk yo, ak yo, a yo
* Yo pa di ake mwen, sòf nan pwezi oswa nan chante, lè yo bezwen fè èspre pou
pi byen konprann, oswa pou yo jwenn yon pye anplis.Yon kesyon enteresan nan ka sa a, m ap kite pou lengwis reponn: se kijan, sa lang grèk rele kraz la kraze son "e" a nan ake, fè l tounen "en" pou son "m" lan vin rantre nan li, menmjan lè de satelit ap fè sa yo rele jimlaj anlè a, g on mekanik ajistaj ki fèt pou yonn ka fonksyonnen nan lòt. Menm bagay lè "e" a tounen"o", nan ako w, pou l fè chimen dekoupe nan wout pou l di ake wou (ake ou, nan ansyen òtograf). La pa gen ni pedan, ni pa m pi bon.
Kidonk, se pa premwye fwa m tande de son sa yo: we, ak wen. Wen, plis pase we.
M wè chèf kanbiz la mande koze sou son "U" a tou. Se franse a ki ba bouch Ayisyen k pase lekòl fòm "U" a, tankou nan tchui-tchuin-tchuèt. Kan w kite lavil mo a tounen ti-tin-tyèt, oswa tilititi-talon-pwenti. Se oswa "U" a tounen "I" oswa l "Y", oswa l vin "W". Egzanp: wit mal nèg met' ansanm pou bimen piti-fi a, paske y pran yit ti mang n' on (nan yon) jaden.
Kanta pou duri se Okap sèl yo di sa. K' on w (kan w) janbe Baryè Boutèy, oswa Pon, son "U" a disparèt, i tounen: diri, disèl, dite, diten, diplis elatriye.
Pou son "R" ak "W" a, tout kote ou prèske fè bouch a w menmjan ak si w t apway di yon "OU" ou mete "w". Sonje reklam Raymond Piquion sa a: … lèstonmak a w ap boulo w, w ap WOTE Sirèt, mete sèl "Andrews" n' on (nan yon) vèr djo. "W" paske nou pa woule "R" a pou di WOTE, ni l pa soti nan gòj menmjan lè n ap rakonte kijan Batèm te demake ak on RAPIDITE.
Kote m ap mande Gifrants pran pekosyon, se lè l pale san jeretyen sou koze devlòpman an. Ou kwè Kreyòl la pa ta lang devlòpman an, pou Ayisyen an? Se li l pale. Si se vre, devlòpman an konmanse ak APRANN sa blan an rele konsèp la, pedagoji mande pou bati sou sa w konnen an, pou rive sou sa w pa konnen. M gen anpil istwa m ta ka rakonte sou tèt pa m, lè m t ap aprann franse, epi yo pa te pran tan montre m li. tankou se yon lang nèf m ap aprann.
M konnen sa gen depase twa senmenn boule bwa a limen, s on kout klèren m voye sou li pou m fè dife a vole pi wo.
- Yon kesyon sou Kreyòl pou Gifrants ak lòt moun François-Marie Michel 13/6/2000