Yon lòt kesyon sou Kreyòl


[ Kesyon Moun Mande Anpil ]

An repons a: Yon lòt kesyon sou Kreyòl Guy S. Antoine te ekri a,

Lunine Pierre-Jerome afiche mesaj sa, jou 13 Jwen 2000 a 09:20:05:

Guy,

M li enkyetid ou sou konsistans ki pa genyen nan lang kreyòl la. Mwen menm tou m gen menm enkyetid sa a, sitou lang lan poko fè chemen l jan l ta dwe fè l. Sepandan, li nesesè pou tout moun k ap ekri kenbe konsistans yon mannyè pou ede lang lan vin otonòm. Lè m byen gade, se pa lang kreyòl sèlman ki gen pwoblèm sa yo alapapòt. Lang angle te pase nan yon moul tou, lè Webster te bezwen amerikanize l, pwòpte l, pou meriken te ka gen yon angle meriken. Nou ka pran kòm egzanp "labor, labour", "honor, honour" "center, centre", elatriye ki pou jous kounye kapab ekri nan youn ou lòt fason, depann de rejyon/vil ou eta kote moun nan soti a. Pa gen gwo diskisyon sou òtograf mo sa yo, yo vin fè akonpli, angle kenbe "our" e meriken kenbe "or" men, ou pap janm tande youn ap repwoche lòt pou òtograf, pase toulede òtograf yo valab.

Kidonk, m pa kwè ap gen gwo pwoblèm pou alfabetize Ayisyen, menm lè gen varyasyon nan kèk òtograf. E, sanble esplikasyon m te bay anvan an pa tèlman valab. M fèk ap reli alfabè a sou fowòm nan, li klè edikasyon nasyonal te rekonèt nou kapab itilize "won" oubyen "ron". M pa lengwis, m pa kapab diskite rezon ki fè yo chwazi toulede fòm yo valab. M tap plis apiye esplikasyon pa m nan ki chita sou yon fenonèm lengwistik. Men, gendwa gen de lòt rezon lengwistik m pa konnen ki fè komite rechèch la te pran desizyon sa a.

Pou reponn ou a lòt kesyon konsiderasyon ofisyèl yo sou "ui" ak "wi", gen yon echap ki fèt. M dakò ak ou gen yon bagay ki pa klè oubyen yo pa di nou. M ap ajoute, pèp pale lang, kreye mo nouvo selon bezwen yo, itilize mo nan lang lan ki fè sans pou yo, men yo pa janm pran desizyon ki sa k ap itilize kilè. Sonje komite rechèch la, ofisyèl yo ki ap pran desizyon sou itilizasyon lang kreyòl la e jan l ta dwe ekri se moun save, lengwis ki te fè etid yo nan lang franse ou angle, ki anpatan gen yon atitid byeze. Natirèlman, y ap toujou chache satisfè klas dominant la, sitou, ke nou vle ke nou pa vle, nou bezwen yo pou ede nou pwopaje lang lan, nan distribisyon materyèl, devlòpman materyèl, elatriye. Li t ap toujou pibon si alatèt yo ta vin ak yon fason senp jan ou di l la pou konsistans ak senplifikasyon.

An pasan, gen yon woman ki ekri an kreyòl, m konsidere yon klasik, li rele "Esperans Dezire", se Mercedès Guignard ki ekri l, non plim li se Deyita. Woman sa a itilize yon langag kapwa pou l dekri imaj yo. Se yon trè bon liv e ladan l, ou ka twouve diferans dyalèk rejyonal la. Se yon liv ki chaje ak koulè, otè a manyen kreyòl la fen ebyen pou l dekri lavi politik, ekonomik, ak sosyal peyi dayiti, e sitou abi seksyèl restavèk yo ap sibi nan men pitit mèt kay. Li l w a banm nouvèl.

Lunine



Repons sou sijè sa: