Pou lanmou peyi-wen, peyi Dayiti


[ Kesyon Moun Mande Anpil ]

An repons a: Pou lanmou peyi-wen, peyi Dayiti Gifrants te ekri a,

jafrikayiti afiche mesaj sa, jou 13 Jwen 2000 a 16:16:18:

Gifrants ekri:

«… Jenn ti moun-sa … te mouri kòm kominis, lè chak swa Emile Auguste t-ap pase ranmase-yo, brote yo lòt bò
pon Ipolit, fè yo fouye pwòp trou-yo, tire-yo ak 38-ti, koupe tèt-yo, pote ba François Duvalier, prouve ke li t'ap fè bon travay. Tò ti moun-sa yo--yo kap etidye anba poto lanmp nan lari paske lakay pa gen elèktrisite oubyen tèt gridap te bay tèt fè mal, je koule nan dlo.»

Nou di Ayibobo pou rapèl enpòtan sa a kanmarad Gifrants. Memwa viktim yo dwe rete vivan nan lespri nou pou enspire lit anfavè lajistis nan peyi nou.

Gifrants ekri:

« Kout plim-sa se pou Gérard d'Estaing...Mwen pa konnen si li vivan, si li mouri. Yon aprèmidi, nou te rantre nan klas pou kou Matematik a 1:30, d'Estaing pa te parèt. Bwi te kouri ke yo te arete-li kòm kominis……..Kout plim-sa se pou tout Jenn lòt gason ak fanm ki te kwè nan Kominis, ki fè voum tan jemi nan prizon Lasnal Okap, oubyen Fò Dimanch, ki malerèzman trepase andan prizon sa-yo anba tòti ak tribilasyon, oubyen siviv peripeti sa-yo.… pou tout Fanmm Ayisyen ak manman pitit ka sibi kadejak sovaj depi ane 86…»

Ayibobo ! fòk lenjistis kaba!

Nou salye kouraj kouzen Gifrants ki leve kanpe ak ekzanp konkrè sa yo ki fè wè aklè valè zak maspinay Duvalier ak lòt bouwo parèy li yo te fè pou make listwa nou ak san wouj, inosan tout laj, nan tout rakwen nan peyi nou.

Nou pa konprann poukisa, malgresa, Gifrants ekri: "Divalye pat pi chyen pa se sa". Men gendwa se yon erè nan jan li tape mesaj la ki lakòz.

Antouka, pi devan mwen te sezi li kòmantè sa ki sòti nan lespri menm kanmarad la toujou: « Kout plim-sa se pou milat-yo, Milat Ayisyen, ki gen dwa tankou tout Ayisyen, ke vorasite, fristasyon enbesil nèg nwè, e enkonsyans nèg nwè kontinye rann-yo lavi enposib, e lakòz ke se blan-an ki ka garanti-yo sekirite lavi nan pwòp peyi kote yo fèt, e deyò fèmen pòt pouvwa sou yo, kòm si yo tou pa ta gen dwa paske yo se milat.»

La a, mwen sezi tande gen yon gwoup moun k ap sibi lenjitis sou latè ki rele: "Milat". Mwen konnen gen anpil nèg ki pa konnen se nèg yo ye ki kontinye ap itilize mo "milat" pou idantifye tèt yo, men nan kontèks mondyal modèn nan, mo sa a pa vle di anyen. Ojis, nan peyi nou, se moun ki enkonsyans ak moun ki pa konsyan sèlman ki pou kontinye ap pale de "milat". Leplisouvan moun sila yo ki pa konsyan sou zafè istorik yo ap kategorize kòm milat yo pa menm milat vre. Imigran Palestinyen, Siryen, Izrayelyen, nèg ki gen konfizyon sou idantite yo - tout anpile nan yon kategori yo rele milat - boujwa - ti wouj - blan… Tout sa se rezilta inyorans nou sou listwa pèp nou, idantite kolektif nou.

Men, menmsi ta gen moun ki vle fè kwè gen yon kategori moun ki se "milat" Ayisyen jiskaprezan, kote kouzen Gifrants sòti ak lide moun sa yo VIKTIM diskriminasyon rasyal nan peyi a?

Mezanmi, nou sitèlman dekonstonbre mantalman, gen moun nan peyi a ki ap lwe apatman jouk jounen jodia, yo ekri nan piblisite a "préférence aux étrangers"; Gen moun ki ap achte "TOPICLEAR" ak lòt pomad pwazon pou retire melanin nan po yo, pou yo kapab vin pi "blan"; gen madan Pastè k ap rle Alelouya daprèzavwa lè Jezi tounen yo pral resi gen cheve long lage sou do tankou "Bondye Blan an"….Gen retoran nan Petyonville kote ou rantre epi tout moun nwa ou wè nan restoran an se sèvi yo ap sèvi oudimwens yo gen yon "granmoun ki pap idantifye tèt li kòm nwa" ki akonpaye yo…Blan Ewopeyen, Etazinyen, Kanadyen, Franse… Panyòl toupatou, menm Azyatik ap fè biznis san danje, san pèsikisyon nan peyi nou…nan mitan tout mizè pèp la ap sibi depi dikdantan an, ou pa janm tande okenn vye zak vyolans rasis rive nan peyi a. Okontrè, sòlda Loni sot kote yo sòti yo fè kadejak sou yon jenn gason Ayisyen, san konte yon latriye lòt zak yo sispèk ki fèt sou jenn fanm tankou tilezanj epi pèp Ayisyen pa janm leve mande anraje tankou sa ta fèt nan lòt peyi…epi se Ayisyen kouzen Gifrants vle idantifye kòm zenofòb, rasis anti "milat".

Wi, kapab gen dezoutwa enbesil nan peyi a ki kontinye ap itilize vye lojik ensanse "nèg kont milat" la, men sa pa vle di se yon pratik popilè nan sosyete a. Ojis, lojik retwograd sa yo depase. Se nan sistèm kolonyal esklavajis blan franse a distenksyon "nwa-milat" la valab. Kounye a, se de kategori moun ki abitan Ayiti "Ayisyen" ak "Imigran". Tout lòt moun se vizitè.


An pasan mwen ta renmen fè vizitè fowòm kreyòl la remake, gen anpil Ayisyen konsekan ki non sèlman gen memwa pou sonje zak maspinay Duvalier ak Tonton Makout li yo te fè sou pèp Ayisyen, yo deside aji pou lajistis pote laviktwa. Ayisyen sa yo ap mennen kanpay pou trennen kriminèl yo devan tribinal menmsi yo rekonèt Duvalier gen anpil bonjan pwotektè nan peyi rich ipokrit ki toujou di nan bouch yo se zanmi Ayiti - Lafrans parekzanp.

Alewè plis detay sou sa nan dokiman Komite pou Jije Duvalier nan http://www.chrd.org/conv.html

Fòk mwen fè de kout kiyè tou sou mo "kominis" la. Paske sanble noumenm nèg k ap lite pou lajistis, se nan linèt ewopeyen kanmenm pou zòt gade nou. Se oswa ou kapitalis, oswa ou kominis. Poutan, mwen pa kwè se Carl Markx ki di jenn fanm ak jenn gason Kafoufèy, Bèlè, Site Katon ak tout lòt kote ki gen Ayisyen total kapital - pou yo leve kanpe kont lenjistis ak frekansite dyab krabinay ki vle dechalbore lavni pitit Bondye.

Mwenmenm mwen pa t jan te kominis, mwen konn kisa yon kominis sanble. Mwen se yon AYISYEN e depi se nèg k ap fè koudeta, touye Ayisyen parèy mwen, vòlè tè nou, fè kadejak sou nou, vòlè vòt popilè nou, brake Uzi/ Ak 47 sou trepye sou nou; envante vye teyori rasis ewosantrik ak listwakont mistifikasyon sipèstisyon/relijyon reziyasyon pou dekonstonbre lòlòj nou….tout zagribay sa yo mwen konsidere yo kòm lenmi pèp mwen, lenmi lavni mwen. Mwen pa bezwen okenn blan ki te fèt nan Linyon Sovyetik pou di mwen ki lè marengwen ap souse san san mwen, ni ki kalite sapata pou mwen flank karanklou Giyon kolon dyòl bòkyè.

Sètansi mwen remake gen anpil jenn ki pat la lè Duvalier t ap manje moun, paran yo mete yon dividal fantezi nan tèt yo osijè "lebonvyetan"…Si laverite listwa chalvire tèt anba pou manti tounen laverite levanjil se noumenm wi bann espektatè silansye yo ki lakòz. Noumenm menm!

M ale,

Jafrikayiti



Repons sou sijè sa: