Re: Pratik Restavek an Ayiti ak Responsabilite Endividyèl


[ Kesyon Moun Mande Anpil ]



An repons a: Pratik Restavek an Ayiti ak Responsabilite Endividyèl Guy S. Antoine te ekri a,

charlot lucien afiche mesaj sa, jou 20 Jwen 2000 a 17:34:18:

Mwen sispèk ke pwoblèm sa a chita anpil sou estrikti ekonomik peyi a, e li vinn jwenn kosyonman, "lettres de créances", gras a yon seri enstitisyon ofisyèl oubyen kredib, ki pafwa panse ke yap aji de bòn fwa, alòske se pwolonje, pwopaje yap pwopaje pratik la. Pwoblèm sa a pap rezoud nan kad aksyon bòn volonte oumenm avèk mwen, si pa gen yon apwòch "makwo" ki fèt pou li. Pou mwen eksplike mwen:

-Estrikti peyi a òganize otou "La Republique de Port-au-Prince". Sa souzantann konsantrasyon (pi bon) lekòl chita nan Pòtoprens. Mwen pa gen estatistik, men sou baz enfòmèl, mwen konnen ke majorite fanmiy andeyò ki voye pitit yo an domestisite nan Pòtoprens panse ke se yon chans pou timoun nan al lekòl an echany "ti travay" timoun nan ka fè nan kay. Fanmiy sa yo pa voye timoun nan pou rad ak manje nesesèman. Bagay sa yo pa priyorite pa rapò bezwen pou timoun nan rantre nan yon lekòl nan kapital la. Pa lekòl mwen vle di enstistisyon primè, sekondè, vokasyonèl oubyen inivèsitè. Donk, konsantrasyon (pi bon) lekòl, chans travay, chans pwomosyon sosyal, (ki se yon rezilta konsantrasyon resous ekonomik, ak prensipal mwayen enfrastrikti nan kapital la mande pou mouvman transfè orizontal sa a fèt: kite yon zòn pou yon lòt.

Anba faktè sa yo, ou jwenn yon seri enstitisyon etabli ke pral kosyone pratik la: lafanmi (nan Pòtoprens ak nan sant ibèn yo), legliz ak leta. Antite sa yo itilize agiman moral pou kosyone pratik la, pandan ke yap pran avantaj sou li. Mwen pap menm pale de fanmi ki pa bay tèt yo okenn ekskiz pou yo fè yon timoun rantre kòm esklav nan yon kay. Map pale de fanmiy ki mete devan ke yo ap "fè yon timoun rantre" pou ka fè "ti travay" nan kay la, men, yap voye li lekòl, yap "biye" li, pran swen li eksetera. Map pale de agiman "kretyen" ki itilize tou pou wete timoun "nan fè nwa ak la mizè andeyò", pou jistifye fè yo rantre nan kapital la oubyen nan yon sant iben (Cayes, Cap...). E moun ki konn fenomèn nan ka konnen ke yon fwa nan Pòtoprens, agiman ki te ko nn itilize nan sosyete esklavajis yo, repete ak otan fòs ak sovajri nan Pòtoprens: ti moun yo pran kout bwa bale, kout sapat pou "sivilize" yo osirapidman ke posib. Sivilize vle di, bliye mès ak koutim peyizan, bliye pale rejyonal, sispann pale de vodou "ouvertement" devan moun ki se kwayan (kretyen) elatriye.

Sepandan ke de fanmiy ak de enstitisyon relijye ap nouri pratik la, leta, pa omisyon, neglijans, vin tounen yon konplis aktif nan anomali sosyal sa a:
-Pat gen lwa pou etabli a pati li laj yon timoun ka travay
-Sèvis sosyal pa kontwole ki kalite travay ti moun ap fè nan yon kay
-Absans sèvis pou timoun sa yo fè ke leta aksepte kòm yon pratik ke gen sektè prive a, a travè fanmiy sa yo, ap pote yon apò a pwoblèm timoun sa yo.

Wòl endividyèl nou chak, wòl ak silans legliz (mwen pa vle di katolik sèlman), inyorans fanmiy timoun yo kap voye pitit yo "à la boucherie", ak pasivite konplis leta se faktè ki merite analize nan kozman sa a. Mwen manke done kote mwen ye a pou mwen konnen ki dispozitif legal, ki estati jiridik ti moun sa yo nan kad la lwa an Ayiti. Men mwen konnen, akote la lwa, si pa gen yon volonte politik pou abòde pwoblèm nan nan rasin li, pwoblèm nan la pou lontan toujou. Volonte politik sa a ka eksprime li nan desantralizasyon, reyoriyantasyon resous, aplikasyon yon seri mezi penal pou moun ki abize timoun, elatriye. Mwen pap pouse pou yon transfòmasyon radikal pwoblèm nan: li pa posib. Mwen konnen gen fanmi ki pran timoun lakay yo ak tout bòn volonte. Ki byen trete yo. Men li ta bèl si sitiyasyon an ta vin yon jan, kote menm si te te ak "bòn volonte", de moun pa ta oblije kwè ke yo ka "adopte" yon ti peyizan oubyen yon timoun pwovens pou ba li yon "chans" nan kapital la.

... Mwen vle rete la, men nan suit entèvansyon mwen, mwen espere pote plis presizyon ak kòmantè sou kesyon yo... Mwen mande tou 'endiljans' zanmi yo ki ka note ke nan prese mwen, mwen manke revize tèks sa a totalman pou ti glisad òtografik.






Repons sou sijè sa: