Yo Kidnape Léon Manus pou l rann ofisyèl pozisyon l'OEA, pagen sipriz


[ Kesyon Moun Mande Anpil ]

An repons a: Yo Kidnape Léon Manus pou l rann ofisyèl pozisyon l'OEA, pagen sipriz Legba te ekri a,

jafrikayiti afiche mesaj sa, jou 21 Jwen 2000 a 19:03:18:

Legba monfrè,

Pozisyon etranje yo pa dwe etone pèsonn. Yo gen enterè yo y ap defann epi yo konsistan nan apwòch yo. Mesyedam sa yo pa bezwen yon gouvènman ki gen tout pouvwa nan men li (lè yo pa kapab sèten se "ti nèg" pa yo 100% ki nan palè pou ekzekite lòd yo).


Men, noumenm tou nou gen pou nou sispann fè politik nan peyi nou nan optik, m ap fè blan plezi pou mwen ka jwen sipò li, osnon m ap fè manipilasyon pou mwen pran blan nan pa konprann.

Peyi a pa peyi blan. Ki te mele blan nou pase tout vi nou ap goumen youn ak lòt. Peyi moun yo deja gen tout estrikti epi yo chaje ak pwodui pou yo lage nan kòtòf ou.

Kidonk, AYISYEN dwe kòmanse reflechi politik nan yon lòt sans.


Keseswa jan ou gade koze a, depa Leon Manus se yon defèt pou noumenm Ayisyen. Nou fèt pou nou te kapab anpeche sa rive jiskela.


Olye nou pèsonalize dosye a, pou ki nou pa gade ki fo pa ki lage nou nan kafou nou ye la a epi kijan pou nou travèse move pas la.

Pa bliye, nou deja gaspiye eleksyon 1997 yo, fòk menm betiz la pa rive ak eleksyon 2000 yo.

Epi se pa etranje ki pou fè refleksyon sa a pou nou, se noumenm ki pou fè li, selon reyalite peyi a, selon kapasite ekonomik peyi a.




Repons sou sijè sa: