Guy S. Antoine afiche mesaj sa, jou 06 Jiyè 2000 a 22:15:21:
Mezanmi, zafè "L'ENQUÊTE SE POURSUIT" sa se yon wont jeneral pou peyi d Ayiti. SI POU PEYI A FÈ YON PA ANNAVAN, FÒK LI METE YON FEN NAN ZAFÈ ZENGLENDO K AP TIYE BRAV NAN PEYI A, EPI OU PA JANM RIVE KONNEN AK PRESIZYON KILÈS KI FÈ ZAK LA, E MENM SI OU TA RIVE KONNEN, SAN MANMAN YO PA JANM PEYE ZAK LACHTE, ZAK SANGINÈ, ZAK TRÈT YO KOMÈT AK ENPINITE DEPI NOU TE NAN VANT MANMAN NOU JISKA DAT. Kouman pou nou sipòte yon peyi ki pa janm kapab trase yon ekzanp klè pou dekouraje moun tiye moun, dekouraje moun fè zak vyolans sou lòt moun??? Nou fèt pou nou mete tout mwayen ki disponib, ke se fòs envestigasyon nou, ke se yon lo kòb pou moun ki kapab denonse kriminèl yo, ke se nenpòt ki lòt taktik, men fòk nou fè kichoy pou nou mete yon fen nan enpinite kriminèl yo toujou jwi nan peyi d Ayiti. Alaverite, mwen pa konnen ki lòt peyi apa Ayiti ki rete chita alèzkòmblèz nan zafè enpinite sa. Tout kote sou la tè ap sekwe tèt yo, men an Ayiti se yon sèl refren nou konnen: L'ENQUÊTE SE POURSUIT. FÒK TOUT AYISYEN KONSEKAN L EVE KANPE POU YO DI: ASE! "Devant Dieu et devant les hommes", nou pa fèt pou nou kontinye mete moun nan prizon pou nenpòt ki kòz lò yo pa te touye moun, epi nou pa janm jije yo, epi nou kite yo drive nan prizon pandan DÈZANE, tandis ke gwo kriminèl an Ayiti yo kontinye tou senpman ap jwi la vi yo. LAJISTIS PA VLE DI FOUL PRIZON AVÈK MALERE. LAJISTIS VLE DI MOUN KI FÈ PI GWO KRIM YO, SE NAN DÈYÈ YO POU ALE AN PREMYE.Youn nan pi bèl ekzanp nou kapab trase se trouve asasen Jean Léopold Dominique yo, arete yo, jije yo. Gen anpil lòt ka ki mande jistis tou. Masak peyizan Janrabèl yo an premye plan. Nou tout konnen gen lòt ka toujou. Men sa pa vle di paske gen anpil anpil travay ki pou fèt, nou ka rete ap kontanple yo, san nou pa fè yon jès pou nou derape sistèm jidisyè a sou bon wout ki va fè pèp Ayisyen kòmanse santi yon jou lajistis la se yon dwa sakre yo genyen, lajistis la se pou tout moun li ye.
Pandan mwa jiyè a an patikilye, an nou fè presyon sou responsab peyi a pou yo ban nou asasen Jean Domi nique yo. Se wòl yon gouvènman pou li aplike pouvwa li kòmsadwa pou fè fas a malfètè yo. Tout moun bouke ak lankètsepouswi, nou mande pou alafendèfen nou wè yon rezilta pozitif tou.
Ekri, rele, kontakte repsonsab peyi a:
Prezidan, Rene Preval, Tel: 223-7223;
Minis Jistis ak Sekirite Piblik, Camille Leblanc, Tel: 245-0474; 245-5658;
Premye Minis, Jacques Edouard Alexis, Tel: 298-3901
Palè Nasyonal, Faks : 223-7223;
Kabinè Patikilye: 223-8441
- ABA Enpinite - An nou mande JISTIS pou frè nou yo! jafrikayiti 11/7/2000