An repons a: Re: Pratik Restavek an Ayiti ak Responsabilite Endividyèl charlot lucien te ekri a,
Emmanuel VEDRINE afiche mesaj sa, jou 15 Jiyè 2000 a 14:55:16:
[ SOU PWOBLEM RESTAVEK AYITI
Osilontan pa gen lwa k pase pou aboli itilizasyon "Restavèk" [esklav anndan kay], yon lòt fòm esklavay Ayiti, pwoblèm sa a ap toujou ekziste nan sosyete nou an.
Anpil moun Ayiti pwofite de li, kote yo itilize timoun inosan sa yo [ki abandone nan lari, ki sot nan fanmi pòv, ki òfelen...] ki ta dwe anndan lekòl pou laj yo [kèk ladan yo gen sèlman katran]. Epitou, Ayiti bezwen lwa pou pwoteje dwa timoun e mwen panse yo dwe pase yon lwa pou tout timoun anrejistre nan yon lekòl (sot nan laj senkan pou rive nan laj disetan, kote yo ta dwe al lekòl gratis); èske lòt prezidan k ap sou pouvwa a va pran sa an konsiderasyon?. Nou ka pale, kontinye pale sou fason pou ede yo, men m panse san LWA pa gen anyen serye k pral fèt. Koze sa yo enpòtan pou platfòm politik e pou medya a [si vrèman te gen youn ki endepandan Ayiti].
Kèk moun ki konsène kouwè Jean-Robert CADET (yon ansyen restavèk li menm), trè koni kounye a kòm otè liv ki rele RESTAVEK la (yon otobiyografi). Powèt ayisyen Keslèbrezo (Kesler Brezault) pase plis pase 8 mwa ap travay sou roman li an SILFIZ (yon roman kreyòl sou sijè a, yon liv ki gen pou pran lari anvan lontan), jis kèk ekzanp kijan kèk moun montre sousi yo, e kèk ansyen kòmantè ki te parèt nan lis BOB CORBETT (1998), men san vrè LWA pou pwoteje timoun nou yo pa p gen okenn vrè chanjman nan syèk tounèf la.