"16 pwen pou ede Ayiti bouje"


[ Kesyon Moun Mande Anpil ]

Emmanuel VEDRINE afiche mesaj sa, jou 17 Jiyè 2000 a 14:37:17:

16 PWEN POU TANN KABANN REVANDIKASYON POU EDE AYITI BOUJE

(Emmanuel W. VEDRINE)


1. AGRIKILTI -- Bay agrikilti plas li merite pou ede nan devlopman peyi a [ekz., envestisman nan pwodiksyon agrikòl peyi a
ka pwodui pou diminye to enpòtasyon pwodui k ap antre sot aletranje, kreyasyon endistri agrikòl, ogmantasyon pwodui agrikòl
pou konbat lavichè, bonjan elvay, irigasyon..., tout bon zouti leta ta ka posede dekwa pou ede peyizan travay latè, tabli
kredi agrikòl pou ede peyizan].


2. DIPLOMASI -- Bonjan diplomasi ak peyi ki montre respè pou Ayiti e ak sa k vle ede l fè pwogrè.


3. DYASPORA -- Responsablite dyaspora a dwe pran pou l ede nan devlopman Ayiti, pou l sipòte tout bagay pozitif k ap fèt
Ayiti, pou l sipòte gouvèlman serye ki ta pran rèn pouvwa a e ki ta montre sousi yo nan avni peyi a e pou byennèt chak
Ayisyen, kreyasyon yon fon espesyal pou kore tout pwojè k ap ede nan devlopman Ayiti.


4. EDIKASYON -- Edikasyon gratis pou tout moun (plis yon ediksyon pratik ki ka sèvi endividi a ak sosyete a, bati bonjan
lise ki rive nan tèminal (nan chak komin), lekòl pou aprann tout metye (pa ekz., nan chak lise ka gen yon estansyon lekòl
vokasyonèl), bonjan pwogram alfabetizasyon (nan lang kreyòl dabò), kantin nan lekòl leta yo pou ede timoun paran pa kab bay
manje dekwa pou yo rete lekòl, enpòtans pou ta gen yon sal resous (ti bibliyotèk) nan chak lise pou ede elèv jwenn
dokimantasyon, pou ede elèv ki pa gen liv epi pou ede anseyan nan fè rechèch pou pran plis bèt, nesesite pou kreye kanmpous
inivèsitè Inivèsite Leta Ayisyen nan chak depatman, nesesite ak estrateji pou ogmante nivo edikasyon Ayiti (nan tout nivo),
program pedagojik pou prepare anseyan (nan tout nivo), yon lwa k pou ekzije ke tout timoun al lekòl / anrejistre nan yon
lekòl kèlkonk (sot nan laj senkan pou rive nan laj disetan), patisipasyon elèv tèminal nan ede leta nan pwogram
alfabetizasyon nan tout rakwen peyi a (ak anfaz pou alfabetize popilasyon k pi jèn yo kòm pepinyè) e nan yon seri pwojè nan
kad devlopman peyi a.


5. EKOLOJI -- Rebwazman nan peyi a, rebwazman mòn yo, pwoteksyon lanati, plantasyon pyebwa tout kote pou pwoteje krèm tè yo,
pou konbat ewozyon ak plantasyon pyebwa ki pwodui fri.


6. ENDISTRI -- (ekz. Endistri touris - Estrateji pou remete endistri touris la sou pye pou pote kapital nan peyi a e pou
kreye anplwa [ekz., amenajman plaj yo, bèlte tout kote, bèl peyizaj, tout sa k fè pati enfrastrikti endistri sa a...],
ankourajman devlopman endistri agrikòl & atizanal nan tout peyi a pou ogmante aktivite travay].


7. ENEJI -- Yon bonjan pwogram enèji tèlke sibvansyon gaz nan tout peyi a pou ranplase chabon (ki konsititye plis pase 80%
sous enèji k ap boule e ki kreye an menm tan gwo pwoblèm debwazman ki fè tè yo ale nan dlo epi ki koze sechrès), pwoblèm
ekolojik, pwoblèm sante (ak gwo lafimen bwa k ap boule pou fè chabon) - simaye kouran tout kote, konstwi baraj, nouvo tibin
ak aparèy idwolik pou solisyone pwoblèm blakawout, itilizasyon enèji solè (kote l aplikab).


8. ENFRASTRIKTI MINIMAL -- Yon enfrastrikti pou met Ayiti sou ray, pou ede l kòmanse soti nan kriz ekonomik li ye a (ekz.,
bonjan wout, ekoloji, sekirite, elektrisite, dlo potab, ijyèn, lopital...).


9. LANG -- Itilizasyon lang kreyòl la (lang tout Ayisyen pale) a 100% (nan nivo ekri / oral) e nan tout domèn, e respè pou
li kòm youn nan de lang ofisyèl peyi a, ankoure anseyman lang vwazen yo (ekz: anglè, panyòl kòm lang etranje nan lekòl),
ankourajman materyèl didaktik an kreyòl pou itilize lekòl e nan pwogram alfabetizasyon, revizyon tout materyèl didaktik ki
devlope deja nan lang kreyòl (an Ayiti kou nan dyaspora a) e kijan pou sèvi ak yo anndan lekòl, bon metòd pou anseye fransè
kòm dezyèm lang e youn nan de lang ofisyèl peyi a, estrateji pou itilize materyèl didaktik ki ekri an fransè anndan lekòl ak
esplikasyon an kreyòl (sitou liv syans yo pa ekz.).


10. LAPRES (pale e ekri) -- Wòl laprès dwe genyen nan devlopman peyi a - yon près endepandan ki dwe fonksyone san okenn
baboukèt, san okenn entimidasyon, yon près ki dwe net e ki dwe pwofesyonèl an menm tan).


11. LWA -- Bonjan lwa k pou pase nan palman an (kòm amannman nan konstitisyon an), lwa k ka ede nan devlopman peyi a, - mete
lalwa an aplikasyon (pa kite l kouche sou papye sèlman) epi l pa dwe gen paskouki .


12. PATRIMWAN -- Valorizasyon tout sa k fè pati patrimwàn peyi a (ekz., kreyasyon mize pou pwoteje yo), respè pou engredyan
k fè pati kilti ayisyèn nan.


13. POLITIK -- Admosfè pou tout pati politik fonksyone libreman (san okenn entimidasyon) e nan respè youn pou lòt, pou
evite difamasyon, pou yo aprann travay nan avantay peyi a olye yo kite kèk peyi etranje ap manipile yo pou kreye zigzani k
ap kraze Ayiti, devwa laprès pou l ta kreye deba pou diferan reprezantan pati politik ta parèt nan radyo / televizyon anvan
eleksyon (tèlke pandan kanpay elektoral) pou yo ta di sa yo gen nan dyakout yo pou devlopman peyi a, pou gen dyalòg ak pèp
la, di kisa yo fè deja (de pozitif) nan sosyete a pou pèp ki pral jete bilten vot yo ta wè nan yo sitwayen ki sousye de
avansman peyi a, rapò politisyen yo ta dwe bay pèp la (sou sa yo akonpli pandan yo sou pouvwa ou pandan manda yo), bonjan
politik pwogresis (pou tyalenj lòt pati).


14. RECHECH -- Kreyasyon yon bonjan bibliyotèk santral ak plizyè branch (nan diferan depatman, awondisman, komin) ak
itilizasyon sistèm konpitè pou ede nan dokimantasyon materyèl, ankourajman rechèch (sou tout fòm) nan lekòl yo (tout nivo),
kreyasyon sant rechèch pou ede nan dokimantasyon / aprann envestige, enpòtans pou etidyan ayisyen ki nan kolèj / inivèsite
nan dyaspora a aprann fè rechèch sou Ayiti, sou kominote yo (tout sijè) epi mete rechèch sa yo disponib pou Ayisyen / Ayiti
ka gen aksè a yo (ekz., kopi tèz, atik, papye yo ekri,), enpòtans pou tout ekriven, chèrchè (blan kou Ayisyen) aprann fè
sant rechèch ayisyen, bibliyotèk ayisyen kado nan liv / dokiman y ap pwodui, mete yon seri rechèch sou pajwèb dekwa pou
Ayisyen gen aksè a yo (pa sèlman eksplwate Ayiti kòm sijè pou jwenn fon pou fè lajan), nesesite pou tabli yon bonjan
laboratwa konpitè nan Inivèsite Leta Ayisyen pou elèv gen plis aksè nan fè rechèch epi pou gen aksè a dokiman ki disponib
sou entènèt la, seminè pou antrene moun nan fè rechèch pou ede nan devlopman Ayiti e nan kwasans entelektyèl yo.


15. RESOUS IMEN – Valorizasyon Resous Imèn (filozi ‘grès kochon an kwit kochon an') nan devlopman peyi a, patisipasyon chak
Ayisyen nan devlopman peyi a (patikilyèman sa k kapab yo: pwofesyonèl, entelektyèl, moun ki gen mwayen finansye, biznismann,
syantis, chèrchè, teknisyen...), motivasyon dyaspora a pou ede / met men nan devlopman Ayiti (estrateji pou sa fèt).


16. SANTE -- Bati bonjan lopital, dispansè nan chak depatman, awondisman, komin - òganize woumble (kolòk) sou pwoblèm
sante, maladi k ap ravaje moun (epidemi) - edikasyon pou tout prevansyon posib, ogmantasyon to de vi an Ayiti, pou fini ak
to timoun k ap mouri (akoz mankman swen), bonjan pwogram sante pou tout moun, zouti pou ede doktè, aparèy lopital yo bezwen
pou fonksyone byen, ijyèn nan lopital yo, pwogram pou edike moun fè mwens pitit (planing).

(E. W. Védrine, ete 2000)


Repons sou sijè sa: