"TI Kòmantè sou DIKSYONè KREYòL"


[ Kesyon Moun Mande Anpil ]

Emmanuel VEDRINE afiche mesaj sa, jou 17 Jiyè 2000 a 15:01:31:

"TI KòMANTè SOU 'DIKSYONè KREYòL' AK ENTèPRETASYON NATIF"

(Emmanuel W. VEDRINE)


"An Kreyòl mo kontribisyon an vle di yon biwo leta kote moun al peye enpo epi kote moun al achte papye tenbre oswa al fè katdidantite (Haitian Creole Dictionary; Valdman-1981 paj 304). Bonjan mo kreyòl la ta ka kotizasyon, se mo sa a ki sèvi pou kòb moun ap ranmase pou yon bon kòz". (Lionel HOGU)


Diksyonè Valdman nan (Haitian Creole, English, French Dictionary - 1981) bay yon sèl definisyon:
"n/n loc. F bureau de Contributions E tax office. M pral nan Kontribisyon, m pral peye dwa lokatif" (pp. 304). Nan diksyonè Bryant C. Freeman ak Jowel Laguerre (Haitian - English Dictionary, ed. 1998, pp. 315), men sa yo di sou mo 'kontribisyon': "tax office, internal revenue service; pledge; contribution" epi yo ban nou "soutit" (sub entry): ajan kontribisyon (tax collector); biwo kontribisyon (tax office)"

Pwoblèm Hogu, sèke li jis baze definisyon "kontribisyon" sou sa diksyonè Valdman nan di ak kèk fi ransèyman li ajoute men ki pa fin nan plas yo olye li reflechi sou tout semantik mo a (ta ka genyen) epi kisa l gen pou di etan natif ak sa lot diksyonè ta di tou pou l ta analize yo. Donk la a, si Hogu ta panse pibliye yon diksyonè kreyòl fò l ta pran koze sa yo an konsiderasyon; sètadi, nou tout etan natif ki te fè yon pase Pòtoprens oubyen ki te viv la, nou konnen gen yon gwo bilding leta ki rele "Kontribisyon" (nan lang kreyòl) ki okipe l de koze enpo elt. Men, ki lòt fason natif yo itilize mo "kontribisyon" lè y ap pale? Donk, si n ap ekri yon diksyonè kreyòl men kijan nou ta ka defini mo "kontribisyon":

KONTRIBISYON (1). n.p [non pwòp] Biwo leta ki okipe l de revni entèn, enpo. Yo se anplwaye Kontribisyon. 2. n. biwo kote moun peye enpo. M pral peye enpo lokatif la nan Kontribisyon. 2. n. kotizasyon. Yo mande pou chak moun bay yon kontribisyon pou achte teren an. 3. n. kolaborasyon. Anpil kreyolis pote kontribisyon pa yo nan lang kreyòl la.

Nan yon ti bout paragraf, Hogu mande moun soulve yon dal pwen. Pòl Dejan di: "sèl moun ki vrè pwofesè lang kreyòl la se pèp la". Albert Valdman, ak sajès li nan rechèch leksikografik, repete menm fraz la nan Konferans HAS (Haitian Studies Association) nan eta Wisconsin (oktòb 1995).

Sou koze diksyonè a, se bagay ki fè m grate tèt mwen lè y ap pale de li. Bryant C. Freeman ak Jowel Laguerre (F/L) te gen chans pou ta mete yon bonjan diksyonè deyò nan dezyèm edisyon yo pibliye a (1998) men domaj, nivo rechèch yo a montre youn nan yo pa ni lengwis ni leksikograf. Se petèt youn nan rechèch ki ka pran plis tan pou analize depi "A" jiska "Z" (38,00 antre) pou analize bazdone pou nenpòt diksyonè. Donk, diksyonè Valdman 1981 (AV81), toujou rete la kòm sèl kòk chante nan fason
rechèch la te fèt ak kijan ilistrasyon chak kontèks chita nan plas yo. Rayi chen, di dan l blan; diksyonè F/L la ke m rele yon "leksik avanse sou kreyòl" pito, kouvri plis valè mo nan lang kreyòl la ke nenpòt diksyonè ki ta pibliye sou kreyòl anvan Lan 2000 pase F/L itilize yon gwo volim "corpus" ekri, jwenn ak sa yo pran nan Enstiti Lengwistik Aplike (sou direksyon Pierre VERNET), plis majorite zèv kreyòl F/L te ka ranmase nan ane 60 yo an kreyòl. Men gwo pwoblèm diksyonè F/L la se "absans kontèks", "kèk newolojis" ki glise ladan (atravè koleksyon zèv ekri, kote kèk otè envante yon seri mo natif pa
konnen, pa janm tande), kèk "kreyòl fransize" majorite natif pa janm tande, "varyasyon dyalektal" ki pa eklèsi... men kanmèn, yo pote yon gwo kontribisyon nan lang kreyòl la pase kèlkeswa diksyonè yon moun ap ekri kounye a oubyen rechèch k ap fèt sou diksyonè li enposib pou l pa ta gen diksyonè F/L la nan corpus li.

Yo te ka amelyore travay la si apre yo te fin trete bazdone a epi yo t al sou teren an (Ayiti) pou fè yon tès (sètadi teste yon seri mo [ki soti nan corpus ekri a] ak yon gwoup natif pou wè sa yo konnen byenke l enposib pou ta konn tout (si n ap antre nan nannan 'etid dyalektolojik') amwenke nou ta repati ak travay Dominique FATTIER a (tèz doktora deta li prezante desanm 1999 sou 20 kominote lengwistik li chwazi, 6 volim tèz); se yon travay ki pran l 15 lane men se vrèman premye gwo rechèch oral ki fèt sou kreyòl. La a, pa gen dout pou itilize okenn mo nan rechèch sa a epitou li chwazi elèv li nan fakilte a (Faculté de Linguistique Appliquée, Université d'Etat d'Haiti) ki natif natal pou te kondi anrejistreman yo pase li menm li se yon fransèz.

Donk nenpòt vrè diksyonè kreyòl-kreyòl ou menm yon bonjan bileng ki ta gen pou soti, fò l ta gen yon reflè teyori ak pratik sa yo (corpus ekri + corpus oral). Finalman, si n ap pase an revi diksyonè F/L la, nou wè pa gen yon vrè edisyon (travay final) ki fèt apre yo ta fin monte tout bazdone a; sètadi pa gen yon triyay final (ki ta sipoze baze sou corpus oral la dekwa pou rejte kèk leksèm nan corpus ekri a) de "A" - "Z" nan tretman ipèbaz la (hyperbase), teste tout referans kwazman, sinonim (mo tokay), ak mo aparante [globalman, "ipewonim"] ("cross reference").

Si n ap fè yon resansman aktyèl, lis diksyonè sou kreyòl aysiyenl rive nan yon ventèn (enkli kèk leksik) men bonjan kesyon an se: ki pwa yo apre AV81 ki fè yon gwo diferans nan Etid Leksikolojik. Fò n pa janm bliye tou kontribisyon konpatriyòt Jules Faine (prix de l'academie française) ki mouri kite yon maniskri diksyonè "Editions Lemeac" (Kanada) met deyò an 1974 kòm premye diksyonè sou lang kreyòl (gras a devouman e rapidite lengwis kanadyen Gille Lefebvre) byenke Valdman te okouran
rechèch sa a avan men pye kout pran devan. Malgre Faine konsidere kòm yon filològ pito (pa anpil Lengwis), men li fè gwo michan travay nan domèn filoloji ak diksyonè kreyòl la epi nou pa ka bliye defen Pradel POMPILUS ki kaze kòd semèn pase (konsidere kòm yon tòp lengwis ayisyen dapre Albert VALDMAN e dapre plizyè lòt kreyolis).

Sa gen kèk mwa depi m te pase an revi yon atik enpòtan Pompilus te prezante nan yon konferans an Frans (nan ane 70 yo) nan kad "elaborasyon diksyonè kreyòl" kote mwen wè l ouvè tout yon chemen ide nan yon ti atik dis paj epi de tèz li prezante nan "Sorbonne" ("La langue française en Haiti" Université de Paris pibliye an 1961 [278 p.]; "Lexique du patois créole d'Haiti" (246 p, inédit) Thèse complémentaire présentée à la Facultée des Lettres de l'Université de Paris en vue de l'obtention du
titre de 'Docteur ès Lettres', sous la direction du professeur. G. Gougenheim' ) pou tèz doktora l gen anpil valè, anpil pwa pou kreyolis ki nan domèn leksikografik la.

Kesyon diksyonè a rete yon "travay an sispan", yon bwalong toujou nan kad "pi bon diksyonè" (sou tout fòm) malgre mwen konnen gen anpil travay sipriz ki nan wout, travay ki pa janm mansyone men an gwo travay diksyonè a se yon travay san bout ki mande bonjan konesans ak rechèch nan domèn sa a plis metodoloji pou aplike yo.

(E.W.Védrine)


Repons sou sijè sa: