'Kolòk Entènasyonal Pou Politik Lengwistik An Ayiti'


[ Kesyon Moun Mande Anpil ]

Emmanuel VEDRINE afiche mesaj sa, jou 17 Jiyè 2000 a 22:19:20:


"Yon refleksyon sou 'Kolòk Entènasyonal Pou Politik Lengwistik An Ayiti' 14 - 19 fevriye 2000"


(Emmanuel W. VEDRINE)


Mwen vin ak kòmantè anba yo apre yon konpatriyòt te voye nòt sa a nan lis VEDRINE LAND: "Alo Védrine, mwen ta renmen konnen refleksyon ou sou Kolòk Entènasyonal Pou Politik Lengwistik An Ayiti a, ki te òganize nan Pòtoprens semèn pase ak sa ou panse de BILENGWIS, yon tèm kèk zotobre itilize pou fè referans a kèk pawòl dwòl."

Mèsi pou nòt la! Se yon sijè ki mande anpil tan pou ta debat li. Bon, dabò mwen pa t Ayiti pou te patisipe ladan pou ta bay plis detay sou sa. Pou rezime kesyon an, nou ka jis poze tèt nou kesyon sa a: kikote finansman konferans lan soti? Èske se nan pòch leta manman lajan an soti? La a, mwen kwè gen yon lojik enpòtan e se apati lojik sa a nou ta kapab antre nan plis deba. E koze politik la menm? Èske konferans sa a pral chanje ‘atitid leta ayisyen vizavi itilizasyon lang kreyòl la' jan sa ta sipoze fèt dapre Konstitisyon 1987 la (sètadi pou kreyòl ta vin egalego, taye banda l kòmsadwa menm jan ak fransè nan tout gwo dokiman k ap ekri)? An menm tan tou, fò n ankouraje tip konferans kiltirèl sa yo fèt (pase pa bliye se Ayiti ki
manman zafè kreyòl la nan lemonn epi malerezman se la yo plis meprize lang sa a) e fò n pote kritik pa nou, menm jan ou mande m pou bay opinyon m la a.

Nou an reta Ayiti nan tout domèn e kòm n ap fè yon ti rale sou lang, nou an reta anpil nan koze lengwistik la. E fò m repete l ankò: majorite rechèch k ap fèt sou kreyòl, nou konnen se pa Ayiti k ap fè yo pase gouvèlman ayisyen pa depanse senk nan avansman lang kreyòl la ak koze kiltirèl. Vye boujwa ayisyen soudevlope, rat do kale wè se yon reyalite ki ka fè yo pèdi pouvwa si tout ti Ayisyen, tout pitit Sòyèt ta ka ekri lang matènèl yo epi lòfini aprann (pale / ekri) lang kolonyal yo (fransè, anglè sitou). Twòp dwa ta gen pou revandike! Pou entelektyèl ayisyen, an majorite, sa pa ekziste menm; si yo ekziste vre, fò n poze tèt nou kesyon sa a: men kisa yo fè nan devopman peyi a? Nan devlopman pwòp lang ak kilti yo?

Se gwo inivèsite etranje ki met lamama deyò, k ap pimpe rechèch kreyòl ak layik (endividi konsa konsa ak kèk òganizasyon kouwè BON NOUVÈL, CIDIHCA, EDISYON LAGOMATIK, EDISYON MAPOU, EDUCA VISION, KIPKAA, ORESJOZÈF PUBLICATIONS... mete sa m rate sou lis la souple, jwenn ak kèk bon grenn jounal ayisyen, aktyèlman nou gen BON NOUVÈL, SICRAD (jounal elektwonik), AYITI FANM, TANBOU (Vèsyon elekwonik, Boston), ribrik «Ti gout pa ti gout ak Jan Mapou», ribrik «Nan peyi d Ayiti» (Haiti Progrès, vèsyon elektwonik) pa ekz. k ap fè yon bèl travay nan lang kreyòl la. Nou ta swete yo kenbe kinalaganach pou pa fè bèk atè.

Nou pa ka bliye yon seri pajwèb kouwè "Windows on Haiti", CreoList elt. ki bay anpil opòtinite pou fè rechèch kreyòl pase atravè foròm Guy Antoine tabli. Anplis, mwen kwè chak Ayisyen ki ta renmen wè bèl pou Ayiti, pou Ayiti ta devlope, fò l ta aprann renmen lang ak kilti lakay tou, ankouraje pwomosyon lang ak kilti lakay (patikilyèman travay pozitif k ap fèt nan lang kreyòl la).

Se yon konbit kote nou bezwen gason ak fanm vanyan. Nou bezwen konsyantize moun nan tout domèn pou envesti nan devlopman lang kreyòl la (pa ekz., medsen ta dwe ekri bon ti liv sante an kreyòl, liv biyoloji, koze ki an rapò ak lasyans; ekriven, enjenyè, agonòm, avoka, pwofesè lekòl... anfen tout pwofesyon ou te ka site ta dwe pote konkou pa yo nan devlopman lang kreyòl la. Epitou mwen kwè li enpòtan pou tout moun k ap pwodui an / sou kreyòl dwe chache konnen youn lòt (kit se sou entènèt la, kit se nan konferans, fè echanj rechèch lè yo pibliye, òganize gwo koudyay literè, youn ankouraje lòt nan travay l ap fè pou pwomote lang kreyòl la.

Nou an reta anpil pase lè m gade avantay pou nou (kreyolis) ta dwe pran sou entènèt la epi n pa pran yo, sa tris! Lè ou kontakte yon moun (sou entènèt la) ki di l nan mouvman kreyòl, si ou gen chans, li reponn ou apre de semèn. An menm tan tou, se yon travay ki mande sakrifis e pou n reyisi, fòk nou kwè nan sakrifis epi bay pwòp tèt nou kòm ekzanp.

Donk an rezime, pa di m choute balon an awoutsay. Ou fè yon bèl pas ban mwen, men gen ti trib mwen te dwe fè anvan m rive nan bouch kan an. Donk, nou menm ti òganizasyon, kreyolis beton, fòk nou fyè de travay nou fè deja e sa n ap fè pou pwomote lang natif natal la epi l enpòtan pou n aprann travay ansanm, ankouraje youn lòt, pase se la fòs koze a chita.

Leta ayisyen demisyone lontan lontan. Anpil nan nou konn sa. Donk nou gen anpil responsablite sou bra nou pou n sove Ayiti Cheri ak jenerasyon tou piti yo e sa ki poko wè koulè solèy Lan 2000. Donk, travay nou nan kad avansman kreyòl la pa dwe gen kanpo ladan, se sige jouk nou pa dibout ankò!

BILENGWIS - -

Anpil fwa, se yon tèm ki mal itilize oubyen yon seri Ayisyen k ap fè bèl diskou analiz gramatikal zewo fot jwe ak li men se yon tèm enpòtan ki merite analize nan bon ti mamit. Dabò, nan tèm sa a, gen nosyon "de lang" e nan kad Ayiti, fransè / kreyòl.

Globalman, sitiyasyon lengwistik Ayiti a pa kapab dekri kòm yon sitiyasyon bileng kote tout moun kapab pale fransè ak kreyòl. Ansòm, se yon peyi monoleng kote se yon ti ponyen nan popilasyon an ki kapab konsidere kòm "yon pòsyon moun bileng". 100% Ayisyen pale kreyòl. Sa pa gen manti ladan l. Li fè sans pou di "Ayiti se yon peyi kreyolofòn". Rezon ki fè majorite pèp la monoleng (pale yon sèl lang) sèke yo pa t gen opòtinite pase lekòl pou te resevwa yon edikasyon nan lang fransè k ap itilize kòm "lang ansèyman" depi digdantan epi Ayisyen pa pale fransè kòm "lang mantènèl". Se yon reyalite, byenke nan anpil ka ou ap jwenn sa k vante di se fransè ki lang matènèl yo, yon deklarasyon yo fè pa mank edikasyon kote yo pa reyèlman konsyan de reyalite lengwistik Ayiti a, jwenn ak yon etikèt "peyi frankofòn" yo bay Ayiti pote. Pa gen anyen mal nan sa si yon pèp monoleng men, ak kondisyon li resevwa yon edikasyon nan lang li pale a epi l gen tout sa l bezwen nan lang sa a tou. Bon ekzanp pèp monoleng nou ka pran se pèp meriken, kote yon ti ponyen ka degaje yo nan lòt lang men yo resevwa yon edikasyon nan lang anglè. (E. W. Védrine, Yon koudèy sou pwoblèm lekòl Ayiti. 1994. pp. 62)

Nou pa p ka janm rive gen yon vrè sitiyasyon bilengwis san ke 100% moun pa ta benefisye de yon edikasyon gratis Ayiti. Èske sa ekziste jounen jodi a? Lè n vire paj Konstitisyon 1987 la, nou wè bèl atik sou edikasyon, founiti, bagay leta dwe bay tout elèv gratis ti cheri men an reyalite, kaka rat dèyè bwèt pase n poko wè anyen serye ki kòmanse fèt! Nou toujou nan yon sitiyasyon diglosik, kote nou jwenn youn nan de lang yo domine lòt la e sa ta pran kèk tan ak bonjan jefò pou n ta rive genyen yon "vrè sitiyasyon bilengwis".

Fò n trè veyatif konsènan pozisyon leta nan koze a, se devwa l pou respekte sa konstitisyon an di. Donk, nou dwe fonksyone an menm tan tou kòm "santinèl" men fò n travay an blòk, fò n òganize kolòk tanzantan, fò n pa ret pèdi tan. Se ta rèv mwen pou m ta wè nan dizan yon bonjan travay fèt nan domèn edikasyon Ayiti kote ide sa yo ta dwe tounen reyalite. Chanjman an tou depann de mwen, de ou e de tout lòt Ayisyen ki konsyan pou ta fòme yon sèl blòk e an gwo, fò n ta eseye penetre òganizasyon de baz Ayiti yo k ap eseye fè travay serye nan sans sa a.

Nou dwe fè yon gwo blòk. Petèt nou ka ranmase tout ide sa yo pou n ta fòme yon konferans manch long. Se t ap sa nèt! Men avan, fò n ta idantifye moun konsekan nou konnen pou ta vin pale, fè prezantasyon, atelye sou tout koze sa yo pase nou menm nan dyaspora a, nou gen yon responsablite tou anvè Ayiti kòm peyi nou epi moun Ayiti gen anpil espwa sou nou. Nou ka jwenn ti lamama epi nou gen aksè a teknoloji a pou n pwodui anpil koze pou lakay.

Teyori yo reyèlman bèl lè ou analize koze sa yo. Men kisa Ayiti Cheri bezwen pou l ta reyèlman rive gen yon estad ‘vrè bilengwis'? Lè ou ap gade, majorite elèv segondè pa ka ekri lang matènèl yo epi malgre 14 lane yo fè ap fè jokorepèt nan lang Voltè a, yo pa ka ni pale l ni ekri l byen. E pwofesè yo menm? Ki bakgrawoun moun sa yo? Èske ou pa panse l ta fè sans pou yon moun k ap anseye nan nivo segondè ta dwe gen yon "lisans inivèsitè" epi pase nan kèk atelye pedagojik anvan li vin dèyè yon tablo? Èske ou pa panse yon moun k ap anseye nan nivo elemantè ta dwe gen diplòm bakaloreya, suiv yon seri atelye
pedagojik anvan l vin dèyè yon tablo? Epitou moun sa yo ta dwe pase bonjan ekzamen an fransè kou an kreyòl?

Ki materyèl didaktik ki ekziste nan lekòl Ayiti (sitou lekòl leta) pou ta rive gen yon bonjan bilengwis oubyen yon "bilengwis ekilibre"? Ki aksè pwofesè lekòl gen a rechèch sou tout fòm, peryodik e tout sa ki ka konte kòm materyèl didaktik pou yo ta li e aprann fè rechèch? Èske nou reyèlman pran tan nou pou n gade kijan lekòl peyi kouwè Almay, Angletè, Etazini, Finlann, Japon, Kanada, Kiba, Lachin, Lafrans, Lasyèd... anfen tout kote nou jwenn yon pousantay moun trè elve ki edike nòmalman nan lang matènèl yo? Donk, pafwa nou mèt bouche zòrèy nou ak koton lè yon seri moun ap fè bèl diskou sou tèm ‘bilengwis' la epi
ofon pa gen anyen serye k ap fèt. Gran van san tan! Nan okenn sitiyasyon nou pa ka reyèlman pale de yon bilengwis Ayiti san ke pa gen "vrè refòm eskolè" ki fèt Ayiti e ki ta dwe enkli tou yon "refòm lengwistik" pou mache opa ak Konstitisyon 1987 la.

Donk pou reponn a deziderata sa a, kesyon n ka poze se: èske nan tout bagay sa yo fò n ret tann leta? - Premyèman, patisipasyon leta trè enpòtan pou ta fè yon travay global nan kad difizyon de lang yo nan tout domèn. Epi fò lalwa pa ta zoukoutak. Dezyèmman, kisa nou ka fè etan Ayisyen ki konsyan? - Repons lan se: òganize nou e kontinye òganize nou, fè konferans pou analize / diskite pwoblèm sa yo epi eseye travay ansanm pou jwenn kèk solisyon.

Men anpil, chay pa lou.

E. W. Védrine, fev. 2000


Repons sou sijè sa: