Estrateji pou REKA bouje


[ Kesyon Moun Mande Anpil ]

Emmanuel VEDRINE afiche mesaj sa, jou 17 Jiyè 2000 a 23:59:40:


"ESTRATEJI POU REKA BOUJE"

(Emmanuel W. VEDRINE)

Premyèman gen yon "aspè legal" pou n panse, sètadi legalize REKA oubyen pou ta foure l anba yon òganizasyon ki anrejistre sou titè l "òganizasyon ki pa p rapòte pwofi". Mwen mete anfaz deja pou REKA kòmanse fonksyone kòm Gwoup Rechèch Kreyòl... Premyèman, gen koze enpòtan pou n diskite konsènan lang Ayiti (kreyòl,fransè, anglè), "reyalite lengwistik la". Gen yon koze NòMALIZASYON kreyòl tou. Kèk moun (ki pa lengwis ou ki pa konn anyen nan lengwistik) panse "dekrè 1979" la sou Minis Bèna ta solisyone tout pwoblèm òtograf la. Aktyèlman nan peyi Lafrans ak Almay, koze pou ta revize òtograf lang sa yo parèt sou tapi a.

Gen yon pwoblèm "tèt ansanm" pami lengwis ayisyen; donk mwen kwè l enpòtan si REKA ta rive legalize l pou l ta òganize yon konferans anyèl kote lengwis ayisyen (ki koni deja yo) ta dwe reponn prezan pou diskite koze enpòtan sou lang kreyòl la, kikote n vle rive ak lang nou an. Lengwis etranje k ap fè rechèch sou kreyòl (tèlke gwoup fransè yo), reyini chak ane. Poukisa yon gwoup lengwis / kreyolis ayisyen pa ka reyini chak ane? Mwen pa kwè vrè rezon an ta LAJAN men pito òGANIZE, PWOBLèM TRAVAY ANSANM. Gen koze enpòtan k pou diskite sou kreyòl. Kreyòl la poko antre nòmalman nan lekòl AYITI ak nan pwogram ALFABETIZASYON. Kisa m vle di pa "antre nan lekòl"? Premyèman, sitiyasyon lengwistik Ayiti a se yon DIGLOSI (kote nou gen de lang ki ekziste kòtakòt an palan de fransè ak kreyòl. Nan yon sitiyasyon diglosik, toujou gen yon LANG DOMINAN. Lang fransè a domine nan kèk sans, pa ekz. majorite liv lekòl, dokiman ofisyèl se nan lang fransè yo ye. Gen yon nesesite pou LETA AYISYEN ta fè tradiksyon plizyè liv lekòl epi pou l ta fè tradui yon seri dokiman ofisyèl nan lang kreyòl la pou ta gen yon "balans lengwistik". Se yon dwa, yon bagay nou sipoze reklame dapre konstitisyon 1987 la ki pwononse de lang ofisyèl repiblik la.

MATERYèL DIDAKTIK -

Ak rate materyèl didaktik ki egziste an kreyòl (sou tout fòm), sa k ekziste an fransè yo ka kontinye itilize lekòl men tout esplikasyon yo ta dwe fèt nan lang kreyòl dekwa pou elèv sezi nannan sijè a men pou sa fèt, fòk ta gen atelye dyanm pou anseyan ayiysen ki an rapò ak PEDAGOJI e SITIYASYON LENGWISTIK AYITI A. Kilès ki pral fè yo? Eske n ap kontinye ret tann leta jouk nou tounen pwatann? Se yon kesyon n dwe panse a li. Gen kèk volontè k al Ayiti ki fè ti atelye pou kèk anseyan ayisyen (pa ekz. nou ka okouran, kèk vwayaj konpatriyòt Yvon Lamour (Ivon Lamou) fè Ayiti nan sans sa a). Nou bezwen ankouraje tip aktivite sa yo e ofri tèt nou kòm volontè tou. Sètadi tip atelye sa yo, nou ta dwe enkli yo nan lòt konferans REKA gen pou l fè a lavni e mwen panse MIYAMI se yon kote trè enpòtan pou REKA panse a li pase l tou pre AYITI. Nan sans sa a si n vle eseye ede anseyan Ayiti, fò n panse fè yon jan pou n ta peye vwayaj kèk anseyan oubyen kòdonatè kèk òganizasyon serye ki sou teren an Ayiti k ap feraye pou yon edikasyon miyò. Lè m ta p panse seryezman a fason oubyen estrateji pou ede anseyan Ayiti (ki pou lamajorite san okenn fòmasyon pedagojik), mwen ekri "YON KOUDèY SOU PWOBLèM LEKòL AYITI", yon liv ki fèt presizeman pou anseyan ayisyen, pou ede yo konprann pwoblèm lekòl lakay e kijan anseyan lakay kapab travay tètatèt ak anseyan ayisyen nan dyaspora a ki gen kèk espètiz nan sans sa a. Se konsa mwen te fè plizyè anseyan ayisyen kado plizyè kopi nan liv sa a men, ak entansyon pou li l epi aplike yon seri prensip ladan pou ede lòt anseyan.

Globalman nan sans sa a, m panse moun ki gen espètiz nan pedagoji kapab panse devlope yon seri manyèl ki kapab ede anseyan ayisyen (patikilyèman sa yo ki Ayiti). - SOU PWOBLèM "KORIKILòM AYITI", se yon tèm ki touche m anpil e ki enterese m alafwa (etan anseyan / chèrchè ayisyen espesyalize an PEDAGOJI e an LENGWISTIK.


KI TIP KORIKILòM NOU (ESPè AYISYEN AN PEDAGOJI) PANSE K AP NAN AVANTAY AYITI NAN VENTEYINYèM SYEèK LA?


R- Pou reponn kesyon sa a, premyèman fò n pa panse nou se yon PEYI SOUDEVLOPE, nou pa ka fè gwo bagay. Nou pa dwe panse konsa e an menm tan tou, nou pa ka bliye REYALITE AYISYèN nan. Kisa m vle di pa sa? Nan sans sa a, premyèman nou dwe takle FAKTè EKONOMIK LAN (lekòl Ayiti koute lajan, oubyen pou resevwa yon bon edikasyon Ayiti se bagay ki koute lajan). Li pa ta dwe konsa selon konstisyon peyi a men kesyon an se: èske leta ayisyen reyèlman kwè nan EDIKASYON kòm premye baz devlopman yon peyi?). Eske nou gen politisyen ki sousye de edikasyon jè n yo lè yo pa ka menm li MANMAN LWA PEYI A epi pou ta entèprete l? Donk lè nou menm nan dyaspora a (ki te gen chans pase nan inivèsite pa bò isit) panse a pwoblèm konplèks sa yo nan edikasyon Ayiti, kisa n ka fè ou pral fè pou pote yon chanjman? Enben, yon premye repons se:
òGANIZE NOU men ak disiplin, diskite pwoblèm sa yo atravè foròm, twoke lide, ann al dèyè espè ayisyen yo, ann chache konnen kilès yo ye e kijan nou ka envite yo (ak sajès) nan konferans / atelye n ap planifye, ann ankouraje / sipòte òganizasyon Ayiti k ap goumen pou pi bon lekòl, pou bay jèn nou yo yon edikasyon kote yo ka itil peyi a, ann ankouraje devlopman lekòl Ayiti o nivo kominotè. Poukisa chak komin Ayiti pa ka gen yon lise ladan? Sa pa koute milyonven men se òGANIZASYON. Moun nan yon komin kab bay tèt yo yon lise san tann leta men, fò yo òGANIZE e nan sans sa a, nou ka panse a OTOSIFIZANS [nan kad devlopman kominotè] ki yon lòt altènatif (chemen kout) pou devlopman Ayiti. Donk diskisyon enpòtan sou tout pwen sa yo m enimere la a ta dwe fèt nan REKA... Ann eseye pale serye, diskite vrè pwoblèm Ayiti (pandan n gen chans fè sa sou entènèt la) e ki estrateji nou menm inivèsitè e espè ka sijere pou devlopman Ayiti Cheri nan venteyinyèm syèk la.

NOU BEZWEN YON LEKòL PRATIK AYITI -

Pa "lekòl pratik", mwen vle di lè elèv la ta fin segondè li ta ka ede nan devlopman peyi a, li gen yon metye nan men l, li konn tape, ki ka sèvi ak yon konpitè, li ka kondi yon traktè, li ka pale plizyè lang, li konn fonksyonnman yon motè de "A - Z", li gen yon konesans nan koze teknik, yon metye li ka viv sou li. Pou reyalize sa, nou dwe rale yon bak ankò pou n revize koze KORIKILòM nan (patikilyèman nan nivo segondè) kote elèv la pran yon seri kou initil pandan sik segondè a ki dire sizan / setan epi lè l fin bakaloreya li pa fouti ede tèt li, li se yon voryen nan sosyete a. Pou amelyore korikilòm lekòl Ayiti (patikilyèman nan nivo segondè), fò n ta revize korikilòm peyi Lafrans (ki enpòtan nan sa a pase Ayiti eseye kopye sou li byenke li pa fè chanjman nesesè Lafrans ap fè yo) epi revize korikilòm nivo segondè lekòl meriken (la a, gen kèk ti parantèz pou ouvri pase gen kèk varyasyon pou n pran an konsiderasyon; sètadi, globalman nou ta ka fè yon rechèch sou korikilòm meriken an o nivo segondè epi gade l tou nan nivo "segondè prive" [ki pi avanse]. Apre analiz sa yo pou n ta fè yon sentèz pou preskripsyon yon nouvo korikilòm ki ta adapte nan kad Ayiti oubyen nou ka menm panse a yon lekòl Ayiti kòm modèl pou ta enplante nouvo korikilòm sa a e ke lekòl sa a ta ka sèvi kòm yon LABORATWA PEDAGOJIK ou PEPINYè pou peyi a. Donk finalman, Ayiti bezwen koutmen nou nan tout sans; konsa ann eseye trè pratik nan sa n ap fè / sa n ka fè e kijan nou kapab mete espètiz nou o sèvis Ayiti nan venteyinyèm syèk la.

(E. W. Védrine, nov. 1999)


Repons sou sijè sa: