Emmanuel VEDRINE afiche mesaj sa, jou 18 Jiyè 2000 a 01:38:28:
"KREYOLIZASYON LYE JEWOGRAFIK AYITI"(Emmanuel W. VEDRINE)
Kreyolizasyon sèten non rejyon Ayiti, se yon agiman Gary DANIEL soulve nan yon kòmantè l fè sou "rejyon jewografik" Ayiti an palan de "Kapayisyen", se mo / fòm ki pou ta adopte pito dapre li.
Remake Daniel se yon Kapwa tou, petèt yon varyasyon li ka plis tande nan zòn lakay li. La a, nou vin tonbe nan yon kesyon "kontwòl" ke pesonn pa genyen sou devlopman oubyen evolisyon yon lang. Eske pèp la pa kreye pwòp mo l pou refere a sitiyasyon ekonomik lan Ayiti nan ane 90 yo? - Pri manje ki monte bwa, pri tout bagay ki chè, lajan moun pa genyen pou achte sa yo bezwen, elatriye. Nou vin gen mo "lavichè" ki anbrase tout koze sa yo. Se jis yon ekzanp kijan mo yo pase aladous.
Sou kesyon "Okap" la, sa soti nan fraz prepozisyonèl la nan lang fransè, "au Cap". Remake "au" se yon prepozisyon. Lè yo ajoute yon dyegi dèyè l, li vin bay yon ‘fraz prepozisyonèl'. Menm bagay la pou "Okay" ki soti nan "aux Cayes". Sa pwosedi "kreyolizasyon" an fè la a, se kite "fonetik" (son) fraz prepozisyonèl la (an fransè) men an menm tan li ajoute yon kategori gramatikal dèyè l. Sèdike nan transfòmasyon sa a, nou pa genyen yon fraz prepozisyonèl ankò men nou vin gen yon "non" (yon non pwòp nan ka sa a pase "Okap" se yon non vil. Nou pa ka ekri l ak ti "o").
Nou gendwa fè menm analiz la pou tout zòn jewografik Ayiti yo (ki pote an majorite non fransè) men, nan konvèsasyon kreyòl, yo kreyolize otomatikman (gen kote "r", "u" ak lòt eleman tonbe [kouwè: "Mirebalais" (fransè) ---> (ban nou) Mibalè (kreyòl), "Arcahaie" (fransè) ---> Akayè (kreyòl), Petite Rivière de Nippes (fransè) ---> Ti Rivyè de Nip (kreyòl), "Turjeau" (fransè) ---> Tijo (kreyòl), elatriye.]
Nou kapab menm ale pi lwen pou analize yon fenomèn lengwistik ki rele "diglòsi" (sitiyasyon kote yon lang etranje enpoze yon kote, nan yon peyi kote moun peyi sa a pale yon lang natifnatal men lang ki enpoze a se yon ti kras moun ki pale l (e nan kèk ka, se li ki ofisyèl tou); dokiman k ap ekri se nan lang sa a sa fèt oubyen se li k ta lang prefere (nan sans sa a) pandan yo itilize vènakilè a pou lòt koze.
Gen yon "dominans" kèlkonk nan fenomèn diglòsi a. Gen ka tou se lang natifnatal la ki domine nan kèk sans. Pa ekzanp, tout Ayisyen Ayiti pale kreyòl (lang kreyòl la domine nan sans sa a). Majorite dokiman peyi a se nan lang fransè yo ekri (fransè domine nan sans sa a). Majorite chante ayisyen, bagay ki gen pou wè ak lakilti / foklò fèt nan lang kreyòl [byenke o nivo oral an majorite] (kreyòl domine nan sans sa a). Men tou, nan fenomèn sa a de lang yo mache kòtakòt (nan plizyè sikonstans). Tèlke n ap pale yon koze ‘jewografi' nan ti diskisyon sa a kote premyèman tout non yo se an fransè yo (te) ekri. Yo apèn (ap) ekri yo an kreyòl. Non sèlman kreyòl la fè yon prete nan men fransè (pa ekz., lè n vin gade "au Cap", "Cap Haitien" ki vin ban nou "Okap", "Kap Ayisyen", "Kapayisyen" men pafwa nan pwosedi ‘kreyolizasyon' an, konn gen kèk dyegi ki ajoute (kòm nou wè, yon ‘fraz prepozisyonèl' nan yon lang vin ban nou yon "non" nan lòt lang nan).
Nou menm etan moun ki pale lang nan kòm natifnatal, nou pa gen kontwòl sou devlopman leksik, mòfoloji oubyen devlopman lang sa a anjeneral. Kesyon nou ka poze tèt nou se: èske Ayisyen pa itilize tout tèm sa yo nan konvèsasyon? (Okap, Kap Ayisyen, Kapayisyen [jan Gary Daniel ekri l, yon chwa leksikografik]). Donk, se la a li enpòtan si n ap ekri yon diksyonè kreyòl pou n ta ajoute tout varyasyon sa yo men nou pa ka enpoze youn ladan yo kòmkwa pou n ta di se sa a ki pi bon, lòt yo pa bon, sinon n ta vin tonbe nan teyori "pa m pi bon". Se menm jan gen moun ki di "Pòtoprens" epi gen lòt ki di "Pòwoprens" Kilès ki bon? - Repons lan: toulede bon men se nou k pou chwazi sa n vle itilize e pafwa se pa nou ki fè chwa a, li vin tou natirèl (ki kapab montre yon varyasyon nou pale e ki ka konsidere kòm yon "enfliyans rejyonal" ou "sosyal".
Si moun Okap ta prefere itilize "Kap Ayisyen", pa gen pwoblèm. Si moun nan sant lan (depatman lwès), nan sid ta vle itilize "Okap" pa gen pwoblèm nonplis. Oubyen lè n al Okap, sa n ka fè se suiv mo Kapwa / Kapwaz ap itilize nan konvèsasyon (k ap yon varyasyon pou moun ki pa natifnatal la) yo epi nou itilize yo tou. Sa, petèt, ta vin montre plis respè ou apresyasyon pou dyalèk yo a e an menm tan, sa ta ka konsidere kòm yon adaptasyon lengwistik (o pwendevi rejyonal). Pa ekzanp, lè m al pase vakans Kwadèboukè (Laplèn) mwen itilize varyasyon dyalektal yo a (plis o nivo leksik).
(E. W. Védrine, fev. 1999)
- Kreyolizasyon lye jewografik Ayiti Pwofèt Jozèf 19/7/2000