Emmanuel VEDRINE afiche mesaj sa, jou 19 Jiyè 2000 a 21:33:11:
"LEKSIK KREYÒL: YON MODÈL"
1. CHADA (n), tèlke nan espresyon "lajan chada", "manje lajan chada". 'Lajan chada' (lajan ki la pou yon bi). Si w pran nan ‘lajan chada', ou gen pou peye. [fr: Yon nèg k ap bay yon fanm kòb se ‘lajan chada' l ba li.]
2. FWACHIN (n): Ti branch bwa sèk tou piti pou limen dife. Yo di tou 'fwachin bwa'. [fr: 'Fwachin' fè gwo fago dife.]; [fr: Sanble 'fwachin bwa' yo.]
3. LAFYANT (n): kaka, malpwòpte, poukou, watè, okabine,. [fr: Mwen wè kochon an ap manje 'lafyant'.]
4. MASÒKÒ (n): Yon tip yanm yo kiltive kote ki gen mòn. An palan de 'yanm', an Ayiti nou jwenn: yanm blan, yanm franse, yanm jòn, yanm iral, yanm toutan. [fr: Ou manje 'masòkò' deja?]; [‘Masòkò' bon lè l boukannen.]
5. TOUTOU (n): Non yo bay ti gason. Pou itilize tèm sa a, fò ti gason an prezan pou fè referans a li. a) [fr: Kouman manman ou ye 'toutou'?]; b) [fr: ‘Toutou', vini m pale ou!]; c) [fr: Vini m pale ou ‘toutou'!]
(Remak: Fraz "b" ak "c" gen menm sans, esepte konstriksyon fraz yo ki pa parèt nan menm lòd.)
6. TOUTOUN (n): feminen 'toutou'. [fr. Kijan ou ye ‘toutoun'?]
7. TRENG (n): Yon gòl long. Yo ka itilize l pou kenbe klisay yon panno (lè y ap klise kay); yo itilize l tou lè y ap kouvri kay (swa kay an tòl ou an pay). Gen 3 tip 'treng': youn ki fèt ak banbou, youn se yon gòl ki tou koupe (yon ti pyebwa byen wo yo koupe), youn se yon ti fèy planch ki siye byen long. [fr: Anpile tout ‘treng' yo la a.]; [fr: ‘Treng' ki kenbe klisay panno a pa fò.]
abreviyasyon:
fr: fraz, kòman mo a itilize nan fraz.
{n): non
* N.B (Note Byen): Ekzanp "Mo Kreyòl" mwen toujou bay yo, genyen ki ka itilize nan kèk zòn patikilye Ayiti. Sa pa vle di yon mo nou itilize nan sid ka itilize l nan zòn nò (akoz "varyasyon dyalektal" o nivo leksik). Li enpòtan pou n ta presize nan ki zòn tèl mo itilize, nan sans li (ka) itilize, varyant li ka genyen, sinonim (enkli sinonim li ka gen nan yon zòn patikilye).
(E. W.Védrine, me 1999)