Emmanuel VEDRINE afiche mesaj sa, jou 20 Jiyè 2000 a 23:55:50:
«REKA : YON FORÒM KREYÒL AN REVI»Nan kad rechèch sou Ayiti, pa bliye n ap fè fas ak twa lang: anglè, fransè, kreyòl. Se lang Ayisyen Ayiti e nan dyaspora a itilize plis. Pa gen manti nan sa e li ra pou ta jwenn yon Ayisyen ki atenn yon nivo lekòl avanse ki pa ta gen yon bakgrawoun nan fransè ou anglè.
Si REKA ta reyèlman vle fonksyone alafwa kòm "gwoup rechèch", fòk li pa ta limite l nèt a itilizasyon yon sèl lang byenke objektif nimewo #1 li ta "kreyòl" kòm sib. Pa ekzanp, yon moun te ka voye yon enfòmasyon sou kreyòl nan "lis diskisyon an" (diferan de sa k ap poste nan "foròm kreyòl" la ki dwe ekri ankreyòl) men se nan lang fransè / anglè enfòmasyon sa a t a ekri (nan lang ki pi alèz pou moun nan ekri); èske REKA ap iyore l pou sa?
Mwen pa di pou REKA ta dwe fè ekzatteman menm bagay kòm dotyen foròm ki gen kèk pwen komen nan objektif yo sou kreyòl e nan kad "presizyon sou itilizasyon lang", men tou fò lis diskisyon an pa ta parèt twò rijid nan sans sa a.
Si n ap reyèlman gade koze lang Ayiti, kijan sa pral ye nan venteyinyèm syèk, twa lang sa yo gen pou jwe yon wòl enpòtan. Sa mande yon ti reflechi sou chapant REKA pou ta kreye yon admosfè ki gen fleksibilite lengwistik pou evite bloke wout rechèch la.
REKA ta sipoze fonksyone tou kòm lis diskisyon pou bay enfòmasyon sou kreyòl (pa ekz. aspè leksikal, semantik, etimolojik, elt.), fè kòmantè sou zèv kreyòl ki pibliye e k ap pibliye, elt.; pa ekz., te gen yon abòne REKA (nan peyi lòtbò dlo) ki te mande yon referans sou zèv Frankétienne ekri an kreyòl, sa te pran ti tan pou l te rive jwenn yon repons (satisfezan ou pa).
Lòt koze ki ka debat, se: MO KREYÒL, FRAZ KREYÒL, NOUVO MO, AKWONIM... Te m bay yon ti lòsyè nan ekzanp kèk abòne lis la bay e mwen panse yo ka kontinye fè bon ti travay konsa:
KONPITÈ. – "Mo konpitè a te deja fè chita li Ayiti depi anvan mwen te kite peyi a dis ane pase. Sa te fèt gras a yon lekòl kominotè k te rele COMPUTEC, si m pa twonpe m, se te premye lekòl konpitè ki te louvri sou Lalue a nan ansyen 'Market Lincoln' la. Ayisyen gen tandans bay mo ak son anglè yo plis chans paske sa reponn a santiman esnòb boujwa yo. M pa di gen kèk admiratè ki pa sèvi ak mo fransè a". (Lyonèl HOGU, 1998)Bon, ‘mo nouvo' yo pa vle di nonplis mo ki fèk parèt. Nou gendwa fè yon gade mo k antre nan lang kreyòl la soti ane 80, 90 yo (pa tèlman gen rechèch, kòmantè ki fèt sou yo pou ta anrichi leksik kreyòl la (o nivo ekri) epi pa gen yon jounal syantifik ayisyen (fransè ou kreyòl) k ap pibliye koze enpòtan.
O nivo teknolojik, m kwè plis mo etranje k ap antre nan lang kreyòl la (Ayiti) ta plis soti nan lang anglè. Se pa yon kesyon chwa, men sanble ta gen plis kontak ak Ameriken (o nivo komèsyal). De tan twa mouvman, madansara plonje Miyami al achte batanklan (tout sòt), mo yo ateri Macheanba, pase bò Katedral epi kontinye wout yo. Ekzanp Pradel POMPILUS bay nan yon pati liv li a, *La langue française en Haïti*, se yon bèl ekzanp (byenke se yon tèz ki te prezante nan "Université Sorbonne" nan kòmansman ane 60 yo, men sa montre dominans yon seri mo anglè ki pèse lang kreyòl la akoz relasyon komèsyal ant de peyi yo (Ayiti, Etazini).
Nan menm diskisyon ‘mo nouvo a', Jude GARDY te fè yon ti rale sou mo "estrès" kote l di: "Apre mwen te fin li repons Kaptenn Koukourouj, E. W. VEDRINE ak Nekita LAMOUR, lafyèv refleksyon tonbe sou mwen lè mwen vin pran konsyans se pa yon bagay konsa konsa (chache ekivalans) yon mo etranje nan yon lòt lang, se yon bèl defi! Mwen kwè nou pa kapab pèmèt yon mo etranje vin taye banda nan lakou a konsa san nou pa pase l an revi pou nou wè kouman l va jwenn plas li nan mitan kreyòl la. Kilè n ap gen moun k ap pran responsablite sa a? Akademi kreyòl...!"
Mwen kwè se yon bèl ekzèsis, sa m ka rele "travay ekip" pou boukante lide, analize lide, pran lide... Mèsi Bondye nou gen aksè a entènèt la pou n mete rechèch nou nan galata pou yo pa pèdi. Li enpòtan pou yo pibliye tou nan jounal pou bay lòt moun k ap fè rechèch aksè. Nou ka voye yo bay plizyè jounal; lè yo gen espas, y a lage yo (si yo vle). Nou ka panse tou a yon ti leksik, kote n ka pran yon seri mo, mo akayik (mo ansyen ki nan lang nan men ou pa tande yo fasil nan konvèsasyon toulejou) nou fè yon konpilasyon (asanblay) ak yo e sa ka rann li pi fasil nan kad yon "corpus" pou abouti a yon diksyonè totalkapital nan lang vènakilè a. Men, se depi kounye a pou n aprann fè koleksyon konsa, diskite sou yo dekwa pou gen plis brase lide.
AKADEMI - Sou koze ‘akademi' an, mwen mansyone sa deja nan *Gramè Kreyòl Védrine* (1996) atravè yon powèm ki rele «Lè rèv kreyòl mwen an va reyalize» men apre lè m gade jan nèg kreyolis nan manman peyi a ap fonksyone nan epòk Mwayennaj, yo pa gen bon zouti pou fè rechèch, menm yon konpitè pou antre enfòmasyon oubyen data, donk mwen poze tèt mwen kesyon sa a: èske fò n reyèlman tann yon akademi kreyòl pou n fè bagay estraòdinè ak lang kreyòl la? Absoliman non! Poukisa gen pajwèb? Men li enpòtan pou n aprann travay ansanm, boukante lide, travay sou pwojè akoutèm. Pou reyalize sa, nou pa bezwen lajan men sa mande tan, devouman ak lanmou epi kwè ladan l tou, pase travay k ap fèt yo se pa nou ki pral benefisye yo men se jenerasyon k ap vini yo. Non sèlman yo pral bat bravo, men tou y ap kalonnen moun ki pa t kite anyen pou yo. Se konsa yon vrè atis dwe fonksyone pou l eseye atenn yon nivo maksimòm nan pwodiksyon zèv li. Lajan va vin apre (si l rive alè).
Sou "aspè leksikal" la, yon aspè ki neglije nan deba REKA, se kòmsi lang nan pa t pou nou, nou pa eseye esplwate l kòmsadwa pou diskite sou evolisyon l (pa ekz., kòman yon seri mo devlope, kilè yo te kòmanse itilize, nesans yon seri mo ki sot nan chante kanaval, chante yon mizisyen, yon gwoup patikilye..., lòt sous kèlkonk). Pa ekzanp, ki sans mo "Madan Masèl" genyen pou yon Ayisyen? (ref. nan yon chante Koupe Kloure); "Vin met sik sou bonbon m... pou m pa revoke w..." (ref. Anna Pierre), elt.; ki sans sa gen pou nou natif ki konnen reyalite kilti lakay?Lòt bagay pou n pa bliye, se "sajès". Lefèt nou pale kreyòl, sa pa vle di pou otan nou konn tout bagay, tout vire tounen lang nan sou dis dwèt. Petèt REKA ka pran kèk nan ti pwen sa yo an konsiderasyon pou devlopman l kòm lis diskisyon / fowòm kreyòl (ki ta ka ede l fè yon travay dyanm nan avansman lang vènakilè a).
Gen yon karans jeneral tou mwen remake sou plan "rechèch" e mwen ka site yon kòmantè Jafrikayiti, konsènan fonksyonnman lis diskisyon an: "...Tabli prensip pa divilge mesaj lis diskisyon REKA aleksteryè san pèmisyon otè mesaj la...referans a non endividi an patikilye ta dwe rantre nan kad 'prive' a, menmsi se pa otè mesaj la li ye..".Bon mwen dakò san pou san pou pa devilge pesonn oubyen nou dwe respekte kote prive moun nan (ki pa gen pou wè ak rechèch). Men nan sitasyon sa a tou, Jafrikayiti pa fin klè kote l sanble l ta plis eseye fwennen machin rechèch la olye l akselere l. Pa bliye yon lis diskisyon se tankou yon odyans vizyèl kote plizyè moun ap diskite. Sètadi, premye objektif yon lis diskisyon se ta tabli yon baz rechèch, ouvè wout rechèch ak diskisyon pou pwomote rechèch. Nou ka pran nenpòt lis diskisyon nou konnen kòm modèl. Sa nou di nan yon lis diskisyon (fiksyon ou pa) nou di l nèt sou entènet la men se moun k ap pran ki dwe fè yon triyay, yon bagay ki varye selon deziderata chak endividi. Pa bliye tou pawòl se van, lekriti se testaman.
Men li deferan si moun nan pran ide otè a jan l ekri a epi l sèvi ak li kòmsi se li k te di sa. La a se yon lòt koze. Kategorikman si moun nan fè sa, y ap konsidere l yon vòlè. Pa ekzanp si m ta di: "Ask not what your country can do for you, but what you can do for your country" (pa mande sa peyi w ka fè pou ou men pito sa ou ka fè pou peyi w) epi m siyen non m anba l, la a, nenpòt moun ki familye ak sitasyon sa a (ki soti nan yon diskou prezidan John F. Kennedy) ta konsidere m yon vòlè (e nan kèlkeswa lang m ta tradui l, osilontan pa gen referans JFK). Men si m di: "Pa mande sa kreyòl fè pou ou men sa ou ka fè pou kreyòl", la a mwen ka siyen non m anba l kòm otè ki di sa byenke gen yon paralèl ki ekziste ak ide Kennedy a, men gen yon adaptasyon ki fèt. Pou moun ki li "Pèlen tèt" (otè: Frankétienne), plizoumwen y ap gen yon ide paralèl ak ide m ap eseye devlope a. Frankétienne di:
"I created Pèlen tèt, an original adaptation of Les Emigrés by Slamowir Mrozek. It has been a resounding success. The play got an explosive reaction completely new in the history of the Haitian theater…" (Frankétienne); ref., An interview with Callaloo (1992), pp. 392. English translation by Mohamed B. Taleb-Khyar.
[Mwen kreye ‘Pèlen tè't, yon adaptasyon orijinal "Les Emigrés", zèv Slamowir Mrozek. Se yon siksè pwout. Pyèsteyat sa a jwenn yon reyaksyon vòlkanik total kapital tounèf nan istwa teyat ayisyen...Tradiksyon kreyòl pawòl Frankétienne. - Ref. yon entèvyou ak revi *Callaloo*. 1992, pp. 392]
Mwen sonje mwen te nan yon atelye ekriven entènasyonal, sa gen dezan. Enstriktè a t ap pale de yon zanmi l ki pibliye yon roman. Apre liv la fin soti, msye voye nòt bay lòt zanmi pou bife yon fraz nan tèl paj. Se yon bagay ki te fè n pete yon ekla ri. Kòmante sou yon lis diskisyon diferan de lè se de moun k ap kominike atravè imel kote enfòmasyon sa a pa dwe al jwenn yon twazyèm moun san konsantman youn nan de moun yo. La a se kote prive a nou dwe respekte.
Nou pa gen kontwòl sou moun ki resevwa enfòmasyon ki sikile nan yon lis diskisyon e nonplis nou pa konnen kisa yo ka fè ak li ou kijan enfòmasyon sa yo ka itilize. Se ekzakteman menm bagay lè yon otè pibliye yon liv. Kèk dwa li genyen sèke l ka di se li k ekri liv la, se li k di tèl ou tèl bagay... men li pa ka bloke difisyon pawòl ki ladan ak fason yo ta entèprete yo yon fwa l pibliye.
An rezime, se yon ti jefò kanmèn kòm "premye lis diskisyon e foròm kreyòl an kreyòl" ki ekziste depi ennan edmi malgre gen ti estrikti k manke. Epi pa bliye premye bi yon lis diskisyon ta dwe la pou bay aksè a rechèch, motive rechèch e tande plizyè opinyon alafwa. Si n ta pran an konsiderasyon kèk pwen nan sa m diskite yo, sa ta ka oryante nou nan granchemen rechèch kreyòl nan venteyinyèm syèk la.
E. W. Védrine, okt., 1999,