An repons a: Tantativ pou ekri diksyonè kreyòl Evahim Pierre Louis te ekri a,
Emmanuel VEDRINE afiche mesaj sa, jou 22 Jiyè 2000 a 12:24:14:
Pou "aplikasyon rechèch leksikolojik la", bon se mete an aplikasyon teyori leksikografik yo (ki an rapò ak rechèch sou diksyonè). Si ou li lòt atik m poste sou "leksik", "diksyonè", m kwè ou ap gen yon lide jeneral. Mwen ta renmen wè konpatriyòt yo pran san yo pou ekri, aprann kijan rechèch fèt, pa jis voye-monte, gade kijan espesyalis nan yon domèn fè rechèch. Mwen pa ka kòmante sou liv Doktè David Werner a. Mwen poko genyen l. Men mo nou ta twouve "vilgè" yo, kesyon n ka poze se: èske yo pa nan lang lan tou? Donk si yo ekziste nan lang lan, yo fè pati leksik lang lan. Kounyeya se kijan n ap itilize yo? Epi m ta renmen ou vin ak kèk ekzanp kòm ilistrasyon pou analize.