Òtograf kreyòl la


[ Kesyon Moun Mande Anpil ]

Emmanuel VEDRINE afiche mesaj sa, jou 01 Dawou 2000 a 11:57:38:


Gen kèk bon pwen nan "Òtograf Ofisyèl Lang Kreyòl La" (1979), mwen gwoup moun ki te chita sou koze sa a pa t reflechi sou pwoblèm koze ‘tirè' ak ‘apwostòf' la ta koze pi devan. Ann gade sa l di:



[ "Nou kapab sèvi ak ti tirè, si nou vle, pou makònen yon mo ak kèk fòm gramè ki vini apre li, tankou :

fòm atik defini yo : "fi-a, nèg-la, mouche-a, fanm-nan..."
fòm adjektif posesif yo : "papa-li, pitit-mwen"
pwonon konpleman retresi yo : "nèg-la di-m li te wè-m yè..."

Apostwòf
Nou kapab sèvi ak apostwòf pou pwonon sijè yo:
"M' vini rele ou epi ou pa vini..."
"Jèda pa la, l' al lekòl..."
m', n', l', se mo tankou lòt mo. Fò nou kite yon ti espas anvan nou kòmanse ekri mo ki vini apre a" ]

Imajine byen pwoblèm sa ka koze pou moun ki apèn ap aprann li / ekri kreyòl epi ki pral grate tèt yo (kilè pou aplike règ sa yo?). Epi pwoblèm sa a ta miltipliye nan "sofwè leksikografik" k ap devlope aktyèlman nan lang kreyòl la. Men nou di Yves Dejean (Iv Dejan) mèsi tou pou eklèsisman l pote sou sa nan yon ti liv ki rele *Ann aprann òtograf kreyòl la* (byenke avan nan tèks li te konn tradui / ekri ak frè l Paul Dejean, yo te sèvi ak yo). Gen bèl ti travay tou k ap fèt nan sans sa a [senplifye ekriti kreyòl la] (pa ekz. lè n ap gade jounal kreyòl kouwè "Bon Nouvèl, Ayiti Fanm, SICRAD..." k ap ekri nan direksyon ‘kreyòl senplifye'.

Donk nan "Pwojè òtograf 2000 la" (ki baze sou yon "corpus kreyòl senplifye"), n ap gen pito:


[eliminasyon 'tirè']

"fi a, nèg la, mouche a, fanm nan..." fòm adjektif posesif yo : "papa li, pitit mwen" pwonon konpleman retresi yo : "nèg la di m li te wè m yè..."


[eliminasyon apwostòf]

"M vini rele ou epi ou pa vini..."
"Jèda pa la, l al lekòl..."
"m, n, l", se mo tankou lòt mo. N ap kite yon ti espas avan nou kòmanse ekri mo ki vin apre a.


Nan 'Pwojè òtograf 2000 la' tou, son "oun" ta konsidere kòm "ka espesyal", tèlke nan mo "mazounbèl, ounsi"; nou ka ekri tou "mazonbèl" "ousi" (varyant). Donk, n ap jwenn kèk mo konsa ak varyant.. Men li ta yon fot si n ta ekri "youn", "moun" ak de "n" paske gen yon konsòn ki suiv son "oun" an e ki imedyatman ba l yon "son long" olye "kout" (lè l pou kont li). Se erè sa a kèk moun ta komèt lè yo ekri "younn", "mounn", olye "youn", "moun".. .


E. W. Vedrine


Repons sou sijè sa: