Dahoud Andre afiche mesaj sa, jou 02 Dawou 2000 a 20:17:47:
Koalisyon Ayisyen pou Lajistis1218 Flatbush Avenue, Brooklyn, NY 11226
Tel: 718-284-0889 Fax: 718-284-2545
Nòt pou Laprès
Tanpri Gaye Prese Prese
Kontak:Ernest Banatte, 718-284-0889
Sware Solidarite AYITI-KIBA
Koalisyon Ayisyen pou Lajistis ap envite tout Kominote Ayisyèn nan pou vin patisipe ansanm ak nou nan yon kokenn sware ak gwoup mizikal "Desandann", pitit pitit Ayisyen k ap viv nan peyi Kiba. Sware sa a ap tou sèvi kòm yon "fund raiser" pou ede Koalisyon an vanse nan travay nou antreprann pou kwape maspinay lapolis nan New York epi ride viktim yo jwenn jistis.
Aktivite a ap fèt Mèkredi 9 Out 2000, soti 7pm pou rive 10pm, nan oditoryòm Medgar Evers College, 1650 Bedford Ave. (bet. Crown & Montgomery) nan Brooklyn nan. N ap genyen patisipasyon Miriam Dorismé ak gwoup Rasin Kongo epi n ap prezante reprezantan peyi Kiba nan LONI yo yon bèl plak remèsiman pou kalite sipò peyi Kiba ap bay Ayiti depi plizyè lannen.
Rantre a se $10. Se ap dènye pèfòmans Desandann nan New York kidonk se yon randevou pou tout Brooklyn vin di yo yon bèl OREVWA!
Pou rezève plas ou, rele Koalisyon an nan 718-284-0889.