jafrikayiti afiche mesaj sa, jou 15 Dawou 2000 a 22:18:09:
Onè Kanmarad,Jodi a mwen deside mete yon aktyalite cho nan lakou a pou kapab diskite li san lapèrèz, san demagoji.
Nou tout okouran gen yon gwoup fanm ak gason k ap viv Ayiti ki pibliye yon petisyon ki kritike gouvènman an plas la ak bonjan ladrès.
Lè mwen analize fòm petisyon sa a, mwen rann mwen kont gen kichòy ki nèf ladan li.
1) Tèks mesyedam disponib nan toulede lang ofisyèl peyi a
2) mesyedam yo pa voye monte kont yon moun anpatikilye
3) Yo lonji dwèt sou plizyè pwoblèm sosyete a ap konfwonte, nan diferan kouch sosyal
4) Yo siyen petisyon an kòmsadwaTout eleman sa yo, se bagay ki fè mwen bay moun sa yo kredi. Demach yo antreprann la a sanble yon bagay ki sòti nan pwòp lespri yo. Kontrèman ak kèk koze kremòl nou abitye tande kolon yo di palentèmedyè bouch politisyen pèpè swadizan lopozisyon an.
Bon!
Gen moun ki di poukisa mesyedam sa yo ki selon kèk moun reprezante yon ti sèk "entèlektyèl Pòtoprens" se kounye a yo resi pran lapawòl kolektivman nan zafè peyi yo?
Pou kisa, yo pat leve kanpe alepòk koudeta, alepòk masak peyizan Jan Rabèl, alepòk masak Izmeri, Malary, Ti-Philogène, masak 11 jenn gason nan Kafoufèy, masak Jean Dominique elatriye...
Gen moun ki mande tèt yo tou nan 193 "sitwayen" sa yo konbyen ki te pran tan ale vote jou 21 me 2000 la.
Men tout sa, se bon kesyon pou fè braselide a vanse.
Li klè, deklarasyon 193 swadizan "entèlektyèl Pòtoprens" pa gen anpil valè politik nan peyi nou oaske pandan plis pase 200 lane, peyi nou sanble ap degringole san okenn enfliyans konkrè nan men yon kategori moun yo ta kapab rele entèlektyèl. Konstitisyon peyi a, Eskanp Leta, Sistèm Edikasyon Peyi a, Lavi kiltirèl Peyi a, sanble ap degaje li san okenn direksyon reyèl. Okontrè se sou woulib tout sistèm kolonyal akayik yo n ap debat.
Siman, se sa ki eksplike jan mesyedam yo evite (entèlijaman) itilize mo entèlektyèl la.
Men, kanmenm, gen anpil koze ki soulve nan tèks sa a, ki merite refleksyon chak grenn Ayisyen epi atansyon ekip ki alatèt Leta Ayisyen jounen jodia.
Nou remake anpil nan moun ki siyen petisyon sa a, se majòjon yo te ye nan mouvman Lavalas la (nan tan anvan destabilizasyon an). Men, olye nou chita sou pèsonalite X osnon Y; èske nou ka tanmen yon diskisyon sou enpòtans epi kontni petisyon sa a.
Li, reflechi, reyaji.....
Men kisa mesyedam yo te ekri:
---------
Nou se yon gwoup sitwayen, ki gen yon grenn bagay nan têt nou : fè sa n kapab
pou anpeche peyi a kontinye glise desann nan yon twou san fon. Nou kwè se
obligasyon nou kòm pitit peyi a pou nou di tout moun ki pa kontan yo pa pou kont
pa yo.Nou denonse tounen nou tounen nan sitiyasyon kote chak jou pi plis frè nou, pi
plis sè nou, pi plis ti fanmi nou ap kouri kite kote yo tabli, al mete lavi yo an danje
pou wè si yo kap jwenn yon swadizan alemye nan peyi etranje;Nou pwoteste kont move mès epòk militè ak defakto k ap tounen alamòd ankò e
ki fè moun debyen oblije kite lakay yo pou al chache sekirite nan kache;Nou gen tèt chaje lè nou wè moun ap rekòmanse pran egzil, kit se fòse yo fòse
yo, kit se prekosyon yo oblije pran prekosyonNou pa t janm kwè nou ta bezwen mande chèf yo, kit se politisyen opouvwa
kit se lapolis, pou yo sispann badinen ak lavi moun andeyò, nan pwovens, lavil,
nan katye pòv osnon nan katye moun alèz, e pou yo pran dispozisyon pou mete
yon pwen final nan ensikirite ak vag ansasinay k ap simen dèy nan fanmi nou, san
okenn kriminèl pa menin rive konparèt devan lajistisNou pwoteste kont jan otorite opouvwa yo ak konpayi k ap vann sekirite ap fè,
gwo lajounen nan bab tout moun, demonstrasyon gwo zam fannfwa;Nou rele aba manifestasyon ki pran egzanp sou manifestsyon FRAHP te envante
nan tan defakto kote tout kretyen vivan vin prizonye chimè ak sanmanman k ap
kraze brize tout moun ki pa dakò avè yo, k ap enpoze elèv lekòl al nan kou, k ap
gate ekzamen bakaloreya, k ap konpwomèt nan yon ti moman tout sacrifis papa
ak manman pitit konsanti pou voye pitit yo lekòl, k ap enpoze machann fresko,
revandèz, komèsan, chofè taptap, ouvriye..., tout moun chache lavi yo jan yo pi
pitoNou mete men nan tèt lè nou wè resous biwo Leta ap fè sèvis gouvènman, tan
pou yo fè sèvis Leta;Nou di NON devan abi ki lage kontwòl eleksyon yo nan men gwo ponyèt lapolis,
menm jan sa te konn fèt lè lame d Ayiti te mèt peyi a;Nou twouve se yon radiyès pran bilten vòt pèp souvren pou simaye yo nan lari
tankou fatra pou lakomin voye ranmase ak pèl, swadizan se pou lapè ak
lademokrasi, alòske odasye ki fè zak sa a ak moun k ap peye yo pa gen respé ni
lakrentif pou vòt pèp souvren;Nou rele chalbari dèyè efwonte ki pa ka fè politik gran jounen men dèyè do pèp
souvren e k ap naje nan manti, koutba, konplo, koutlang, gwo ponyèt biwo Leta,
san okenn respè pou kretyen vivan;Nou rele anmwe kont fason manfouben dirijan Leta yo ap kite peyi a ale aladriv
avèk anpil ensolans ak derespektans pou tout tribilasyon nou sibi pou nou te kap
rive kote nou rive la jodi a;Nou envite tout moun nan peyi a
Ki gen fanmi yo k ap oblije pran kanntè brave danje;
K ap oblije travèse nan panyòl fè yo touye yo osnon manke yo dega pou granmesi;
Ki gen sè yo ak frè yo ki pa ka fè komès poutèt zenglendo pran pwovens pou yo;
Ki pran egzil oubyen sou bò pran egzil pase otorite fawouche yo;
Ki te viktim abi epi ki tonbe nan lankèt se pousui san rete;
Ki wè manti ak movèz fwa ap sènen yo toupatou.
Nou envite tout moun ki pa kontan
Pou fè kou yo konnen pou nou bare wout dezòd, anachi, diktati,
Pou nou bay kaponnay yon bon pinga,
Pou nou bati yon peyi kote tout moun respekte tout moun,
Kote tout moun ka wè ak de grenn je yo lajistis ap fè travay li.
- Petisyon 193 "Sitwayen" yo Guy S. Antoine 16/8/2000
- Petisyon 193 "Sitwayen" yo jafrikayiti 16/8/2000
- Petisyon 193 "Sitwayen" yo Marc-Arthur Georges 17/8/2000
- Petisyon 193 "Sitwayen" yo jafrikayiti 26/8/2000
- Petisyon 193 "Sitwayen" yo Marc-Arthur Georges 28/8/2000
- Petisyon 193 "Sitwayen" yo jafrikayiti 29/8/2000
- Petisyon 193 "Sitwayen" yo Marc-Arthur Georges 04/9/2000
- Kote Livre Blanc FL disponib pou achte? jafrikayiti 06/9/2000
- Kote Livre Blanc FL disponib pou achte? Marc-Arthur Georges 09/9/2000