Bwa Kay Iman (sa gen 209 rekòt kafe)


[ Kesyon Moun Mande Anpil ]



jafrikayiti afiche mesaj sa, jou 18 Dawou 2000 a 16:33:00:

Menmjan ak Plimout (Plymouth) yon Nègmawon ki te òganize gwo rebelyon nan tout grandans lan (Jeremi, Pestèl) nan ane 1730 yo, te vin gen yon dezyèm chèf Nègmawon ki te sòti nan zile Jamayik epi ki debake Ayiti (la a nou rive nan zanviwon ane 1791). Boukmann se yon gwo potorik gason negriye Angle pran nan kontrebann sou zile Jamayik. Li vin chwe sou bitasyon yon blan Franse ki rele Clemant. Gen listwaryen ki di se yon Afriken Mizilman li te ye paske yo te rele li Boukmann, sa vle di: nèg ki konn li. Listwaryen sa yo di, dòdinè se yon non yo te konn bay Afriken Mizilman ki te konn li liv Koran sou zile blan Angle te kontwole yo. Gen lòt ki di se youn Oungan Boukmann te ye epi se nan lang Afriken non li sòti. Listwaryen kontinye ap debat sou dosye sa a, men sa ki klè: nan nuit 14 Dawou 1791 Boukmann te òganize nan yon zòn ki rele Bwa Kay Iman, tou pre Mòn Wouj, yon rasanbleman enpòtan kote tout nèg te sèmante pou yo revòlte paske yo pito mouri tan pou yo kite blan kontinye matirize yo anba mati lesklavaj. Listwaryen yo di nou, nannwit 14 Dawou sa a te gen gwo loray, yon kokenn chenn lapli ki pa ret ak lapli t ap tonbe, gwo van t ap fè pye bwa yo tòdye, zèklè te fè kenken. Afriken yo mete detwa nèg fè santinèl pou veye epi rès makòn lan fè yon gwo wonn epi yo chita atè. Gen youn ki leve kanpe epi li pran rakonte kijan depi twò lontan blan malveyan ap fè nèg soufri yon touman lanfè anba lesklavaj sou zile Ayiti. "Lè a rive pou pitit bondye jwi lalibète. Lè a rive!"…diskou sa a te fè anpil dlo koule nan je nèg ak nègès ki te pote mak soufrans lesklavaj la toufre sou po yo ak nan lespri yo. Konsa, diskou sa te fè san nan venn yo bouyi. - Libète total kapital wi ou di? Libète?

Listwaryen yo rapòte kijan yon seremoni relijye te tanmen lapoula. Yon manbo ki te rele Cécile Fatiman, madanm Louis Michel Pierrot ki te gen pou li vin Prezidan Ayiti pi devan, t ap evolye. Abiye toudeblan, manbo Fatiman touye yon kochon epi li fè wonn lan bay chak Afriken bwè san an tou cho. Ak kominyon sa a tout nèg sèmante pou yo suiv lòd Boukmann epi revòlte pou lalibète.

Anvan yo ale, Boukmann leve kanpe li di: "Bondye ki fè solèy ki klere anwo tèt nou an, Bondye ki soulve lanmè a, ki fè loray gwonde, Bondye sa a, nou tande m? Bondye sa a ki kache nan yon nyaj, li la l ap gade nou. Bondye nou an wè tout sa blan yo fè nou sibi. Blan yo gen yon bondye ki mande krim. Men Bondye pa nou an, se sa ki byen li vle. Bondye sa a, ki bon tout bon an li pase nou lòd pou nou fè vanjans. Se Bondye ki va kondui bra nou, se li ki va ban nou asistans. Jete vye pòtre bondye blan yo ki swaf dlo nan je nou. Koute kijan lalibète ap pale nan kè nou tout. Koute libète k ap pale nan kè nou tout!"

Kit se te pawòl yon Oungan osnon yon Mizilman, koze Afriken sa a ta pral gen konsekans ektraòdinè pou noumenm ak ou, pitit Boukmann, pitit Makandal, pitit Fatiman.

Anvan nou rapousuiv, kite nou souliyen de kesyon enteresan osijè wòl potansyèl plizyè relijyon nan evènman istorik sa a:

1) Fatiman, se yon non ki popilè nan peyi Afriken Mizilman yo. Daprè sa Listwaryen Jean Fouchard rapòte: Cecile Fatiman, Manbo Bwa Kay Iman an te yon milatrès pitit yon nègès Afriken epi yon prens blan peyi «La Corse». Èske Fatiman te Voudouyizan epi Mizilman alafwa menmjan vin gen anpil Ayisyen ki Kretyen Katolik epi Vodounyizan alafwa? Nou pa konnen!

2) Nan zòn Bwa Kay Iman pa genyen e sanble pate janm te genyen bèt ki rele Kayiman an, kidonk sanble se pa la mo a sòti. Daprè kèk fouyapòt, non an sanble wè douvanjou apati prezans Boukmann osnon Fatiman nan zòn nan (Iman, nan relijyon Islam, relijyon Mizilman yo, se yon lidè relijye, kòmkwa yon Oungan/Manbo nan Vodoun). Kidonk Bwa Kay Iman ta ka vle di Bò kote Kay Imann lan ye a osnon Bwa Kay Imann.

(Viv Bondye Aba Relijyon, paj 44 rive 46)

-------

Pawòl pou ou kanmarad...

Èske ou panse Bwa Kayiman sete yon seremoni relijye osnon yon rasanbleman politik?




Repons sou sijè sa: