An repons a: Petisyon 193 "Sitwayen" yo jafrikayiti te ekri a,
Marc-Arthur Georges afiche mesaj sa, jou 28 Dawou 2000 a 09:33:07:
Onè, respè Jafrikayiti,
Fòk mwen di ou ke gen lontan m’ap swiv intèvansyon ou nan anpil fowum, mwen kwè ke ou gen reson. Gen yon mo nan sa ou ekri a ki atire latansyon mwen anpil : « atitid ti klan ». Sa fè mwen sonje yon gwoup zanmi mwen ki medsen, ki te vin wè mwen en Allemagne, kote map feraye, se te epòk lè yo te tiye medsen nan lopital Kanapevè a. Sa te etonne mwen anpil pou wè kòman tou te fè tout yon sware ap diskite sou evénman sa a. Zanmi yo te twouve se yon eskandal lè mwen te di yo, ke mwen pa komprann pouki sa nap trakase tèt nou pou yon moun ki mouri, alò ke se chak jou moun ap mouri krangou, mal swen nan Site Solèy ak latriye.. Natirèlman nan pwen yon kite dakò avèk mwen.
Natirèlmann mwen kont lamò Doktè a, paske mwen se yon moun tou, e lanmò tout moun konsène mwen e rann mwen pi piti. Atitid « ti klan » tankou ou di se sa kap kraze nou. An nou ale pi lwen, annou eseye wè ki sa ki koz atitid « ti klan » sa. Pou kisa zanmi mwen medsen sa yo santi yo pi touche pa lanmò yon Medsen, ke yo pa menn konnen ke pa lanmò yon Moun Site Solèy. Nap viv nan yo peyi kote tout moun gen klan pa yo, kit se fanmiy ou, kit se zanmi etc..Lwayalite nou gen visavi de moun sa yo se pa yon bagay ki gen ni yon logik sozial ak ekonomik ki ka esplike li. Map pran yon ekzamp pou mwen esplike sa. Imagine ou ke yon pitit ou komét yon krim. Mwen kwè ke se yon bagay nòmal si ou ta gen tandans pran defans ti moun ou. Kouliè ya vinn gen yon pwoblèm antre sa nou rele Lwayalite ak dwa (lwa). An nou imagine yon lòt senaryo kote yo pini yon moun, ki se zanmi ou, pou krim pitit ou an komèt la. Koulye a vin gen yon konfli antre lwayalite pa rapò ak timoun ou an ak lwayalite pa rapò ak zanmi ou an. Men si se yon lòt moun, ke ou pa menn konnen, ke yo te pini nan plas pitit ou an, ou tap genyen mwens pwoblèm ak sa.
Nou wè ke pwoblèm antre Lwayalite ak lwa (dwa) se yon pwoblèm antre lwayalite ou gen pou de bagay. Pou mwen ta rive fè zanmi mwen medsen sa yo gen yon ti « lòsyè santiman » pou moun kap mouri Site Soley sa yo (ki se yonpakèt moun) pa rapò a Medsen yo te tiye a (ki se yon sèl grann moun) , fò premyèman yo ta gen yon sòt de « lwayalité » pa rapò ak moun site solèy yo. Mwen pa kwè yo menn konnen kote site solèy ye.
E bagay sa tou gen dwa pwojete li sou yo pli gro plan: antre lwayalite pa rapò a peyi ou e lwayalite pa rapò ak moun pa ou. Ti atitid „ti klan“ ta kap resoud lé tout moun mete nou dakò ke gen yon domèn ki pi enpòtan pase tout santiman ou gen pou zanmi ou, ak famiy ou, se sa mwen rele „lwa kap fé yon peyi fonktyone“. E fò tout moun respekte li. Mwen konnen ke sa mwen sòt di a ka leve endinyasyon yon pakèt moun. Kòman ou vle pou mwen renmen peyi mwen plis pase fanmiy mwen, sitou nan yon peyi tankou Ayti, kote majorite moun se peysan, ki gen ankò sa nou rele anpil respè pou valè familial. Mwen twouve sa se yon bon bagay, men si nou vle rive a sa nou rele yon peyi « de dwa » fò nou resigne nou mete anpil valè nou geyen an kèksyon ! Maleresman se konsa. Menm si mwen pa kwè ke gen yon kontradiksyon antre renmen fanmiy ou e renmen peyi ou. Pwoblèm la pose, se lè ou dwe fè yon chwa antre yo. Pi gwo pwoblèm Ayiti genyen se Santiman Aisyen genyen pa rapò ak peyi li (sa nou rele an fransè civisme), e patikilyèman « elit intèlektyel » la. Lè nou tout a genyen yon « feeling », ke pèp Aisyen se yon gran fanmiy, ke nasyon aisyènn nan se kay fanmiy sa, ke leta aisyen se yon manman ou byen yon papa kap pwan swen de fanmiy sa, alò na wè ke Ayiti ap mache. Pou sa, chak moun gen devwa li pou li fé.
An nou kòmanse pa papa ak manman fanmiy la : Mwen kwè ke jan strikti leta a ye koulyè a li pa gen yon strikti lafanmiy. Li twò okzidental e li twò repwesif. Ki relasyon yon sitoyen genyen avek leta aisyen sinon ke pa la polis, biwo kontribisyon etc. Yon leta ki legitim pa bezwen yon sistem repwesif. Leta aisyen pa menn okipe li de ledikasyon sivik, de sante e sekirite sosyal pèp la. Se sa ki wòl leta, se asire sekirite sosyal ak fisik chak sitoyen. Leta pa fèt pou gen lòt lambisyon ke kreye kondisyon pou sosyete politik la fonktyone, e fé jan li kapab pou gen yon yon sòt de tèt ansamm nan mitan tout sitoyen. Leta dwe òganise yon sòt de patenaria aktif e pèmanan avèk tout moun ki vle kontribiye a rann lavi sitoyen pi si nan peyi Dayiti.Fò dirijan nou yo met nan tèt yo ke yon nasyon se pa yon bagay politik ou imaginè, se yon realite sosial. Fò yo kreye yon èspas politik ki gen lwa kisoti nan diskisyon ak tout moun, ke tout moun ap respekte e se ak lwa sa yo nap arive kraze desakó ak konfli.
An nou vire nan klas politik la, kanta limennmenn, se bouch be. Peyi a malad akoz de yo. Se yon fleo, se yon pés, yon maladi sida kap ronje zo kòt nou, ap rann nou fèb et kap fini ak nou ti grenn pa ti grenn. Yon sèl bagay mwen ta renemn di yo. Mesye nou gen dwa pa gen men lide, men nou oblije gen menn ideal, menn bi : se sove Ayiti.
Sosyete sivil lanmenn ki gen nan tét li „elit intèlektyel ak ekonomik“ la, se yo ki pi desevwa mwen nan tout sa kap pase an Ayiti. Elit yon peyi se machin ki fabrike visyon pou yon peyi, li se mouche marye, kap fè bel rèv pou madanm li santili byen. Li dwe marye ak nasyon ayisiènn nan. Men si yon élit pa santi li konsène “lè rezilta ekzamen bakaloreya montre 80% elèv yo pa vo nivo 3 zyèm segondè” , lè moun a mouri Kafoufèy, lè peyizan ap pran kantè, lè jèn inivèsitè ap chèche tout moiyen pou kite peyi a, lè etidyan kap etidye nan peyi etranje pè mete pye nan peyi Dayiti, lè lavi ap vinn pi chè, lè jantimoun ap prann zamm pou yo fè brappiyan sou moun, lè mesye politisyen yo pa ka jwann antant antre yo…si pa gen yon kominyon espirityel antre elit ak nasyon ayisiènn, mwen komprann ke peyi a nan sal ye a. Se yon bato ki san bousòl.
Mwen komprann ke enterè yon ti gwoup se yon kòd ki ka kembe ti gwoup sa trè janm, men yon mariaj ki fonde sou enterè pa ka dire. Pou fonde yon nasyon fò gen santiman ajoute ak enterè. Yon nasyon se yon bagay espirityel ki fòme a pati de tout eksperyans , tout soufrans, tout bon momen ke yon pakèt moun viv ansamm. Gen de bagay fi fòme zantray yon nasyon, an fèt 2 bagay sa yo se yon sèl yo ye. Yon nan bagay sa yo se pase nou et lòt la se sa nap viv koulyèa (tan presan an). Yon se tout richès an komen, ak tout souvni nou gen de ansèt nou yo et lòt la se volonte nou dwe genyen pou nou kontinye fè richès sa yo evolye. Yon Nasyon se yon rezilta anpil soufrans, anpil efò ak anpil devouman. E mwen kwè ke kilt ki pi lejitim nan tout sa, se kilt Zansèt nou yo. Sa nou ye koulyè a se gras a yo. Nou gen yon pase eroik, anpil gwo fanm ak gwo gason, yon pase ki chaje ak moman ke nou dwe fyè de yo : se sa ki kapital sosyal sou kisa nou kap bati nasyon aisyènn nan. Se moun ki gen men rèv, ki vle arive a menn bagay se moun konsa ki fonde yon nasyon. Yon nasyon, mwen te ka di, se tout sakrifis ke nou te fè e ke nou konsenti fè ankò. Pou kreye li fòk nou gen dèzòm ki kapap, ki gen yon bònn volonte, ki gen anpil chalè nan kè yo e ki moun serye tou, ki pou fè sa mwen ta rele yon « konsyans moral ». Se pa enstitisyon ki fè yon peyi mache, men se moun kap viv nan peyi a. Nou gen yon tijan trò nayiv nan sans sa. Lè nou kwè ke nou dwe mete enstisyon an plas e apre tout bagay pral mache byen. Nap twompe tèt nou. Fòk nou kompwann yon bagay byen : Bon enstitisyion pa vle di demokrasi. Nan peyi lòt bo dlo demokrasi vle di nasyonalism. Se menm man paréy man. Nou pa oblije swiv yo. Gen anpil lòt fason ke pèp la ka patisipe nan bagay ki konséne li.
Tou dabò fòk gen sa blan franse rele « homogénéité sociale », sa vle di fòk pa gen anpil diferans (sosyal, kiltirèl, ekonomik) antre moun kap viv nan yon peyi. Lè sa lap gen mwens krim. Se disparite sosyal ki kreye insekirite nan yon peyi. Kijan nou ka kreye „homogénéité sociale“ nan yon peyi? Tou dabò pou mwen reponn keksyon sa, fó nou konnen sa ki kreye diferans antre de moun. Sa ki kreye diferans antre de moun se sa nou rele « byen materièl ». Si nou arive fè ke byen materièl sa pase nan men tout moun, de men an men, lè sa li pap gen menm valè malefik, divisyon li genyen an. Nou dwe « demistifye » sa yo rele lajan an. Se lè sa ap gen mwens lambisyon, mwens krim, mwens sekirite. Nan sosyete peisan, nou jwenn jèm sa, kote sa mou nan ye, pi enpòtan pase sali posede. Men malerezman nou gen yon tandans devalorise sosyete peyisann nou yo, pou nou adopte bagay mesye peyi lòt bò dlo yo, sou pretèsk ke yo pi bon. Atitid sa se yon atitid tout moun ki pase anba maladi rèstavèk.
Dezyém bagay mwen wè ki enpòtan pou dirijan nou yo, fòk yo mete nan tèt yo ke yo pa dirije yon peyi pa sa blan fransè rele « le rationnel », sa vle di tout bagay ke ou bezwen demontre ; dimensyon sa a trò primè, trò ba. Se pa « espirityalité » ke yo gouvènen yon peyi. Pou sa nou dwe retwouve kilt Zansèt nou yo. Se bagay sakre. Nou gen twòp tandans a itilise sèlman je nou pou nou gade sa kap pase otou de nou. Lè jennòm yo bay pou Descartes la tap pale de « évidence », lè yo tap pale de « siècle des lumières », se twompe yo tap twompe nou. Yo mande nou pou nou itilise je nou pou nou gade, alò ke je nou ka wè sèlamn yon seri de bagay ki « géométriques, donc quantifiables ». Tout sa je nou pa wè, yo mande nou pou nou blye li. Yo mande nou pou nou bliye lòt 4 sans nou genyen yo. Yo mande nou pou nou bliye zansèt nou. Mwen sonje ke mwen te li yon chante nèg yo rele « Spartes » te konn chante nan memwa Zansèt yo. Chante a te di konsa: „Nous sommes ce que vous fûtes et nous serons ce que vous êtes ». Se ta dwe ideal nou sa. E pou nou ta rive la fòk nou kòmanse ak edikasyon sivik nan lekòl yo. Fòk tou aprann pitit nou yo ke nou tout fome yon menn nasyon, nou gen menn valè ak menn devwa devan nasyon sa a .
An nou fè tout efò nou, an nou patisipe ansanm pou nou devlope lakay nou e lakay timoun nou yo santiman ke nou tout nou se pitit yon menn nasyon, yon menn peyi yo rele Aiyiti. An nou sansibilise sitoyen aisyen ke lè yo ap bati ti katye kote yo rete a, lè yo ap defann enterè yon voisen, yonmoun bò lakay yo ke yo pa men bezwen konnen, se Ayiti yap bati, se Ayiti yap defann. Annou patisipe pou rekonsilyasyon leta aisyen ak pèp aisyen, lè nap sansibilise sitoyen aisyen pou li prann konsyans ke laveni peyi li kole mare tan kou kòt lonbrit ak laveni pitit pali.
Mwen kwè ke yon lòt Ayiti posib
Kenbe FèmMarco
- Petisyon 193 "Sitwayen" yo jafrikayiti 29/8/2000
- Petisyon 193 "Sitwayen" yo Marc-Arthur Georges 04/9/2000
- Kote Livre Blanc FL disponib pou achte? jafrikayiti 06/9/2000
- Kote Livre Blanc FL disponib pou achte? Marc-Arthur Georges 09/9/2000