Sou pwoblèm 'Anviwonnman' Ayiti


[ Kesyon Moun Mande Anpil ]

Emmanuel W. VEDRINE afiche mesaj sa, jou 05 Septanm 2000 a 20:56:32:


"AYITI, YON PEYI RAVAJE NOU DWE SISPANN DETWI"


Youn nan diferans ant Ayiti ak Sendomeng se nan koulè peyizaj (ekolojik) de repiblik sa yo: Ayiti jòn, Sendomeng ble.

Pwoblèm anviwonnman an Ayiti se pa ti zafè. "Èske gen moun ki fè rechèch sou valè espès zwazo nou te genyen ki disparèt?", se yon kesyon Guy Antoine poze nan youn nan deba li yo sou pwoblèm anviwonnman Ayiti. Anpil nan zwazo Ayiti yo al Sendomeng. Peyizan ayisyen travèse fwontyè a, zwazo yo fè menm bagay. Poukisa? - Paske peyi a debwaze; pifò pyebwa ki te genyen, yo koupe, met sou sa, agrikilti a pòv.

Nan yon woman mwen ekri ki rele *Sezon sechrès Ayiti* (1994), mwen konsakre yon bon pati pou debat pwoblèm anviwonnman an kote peyizan yo blije koupe pyebwa pou fè chabon pou fè yon ti kòb, akoz latè pa bay. Men se pa pwoblèm lajan sèlman ki fè peyizan koupe pyebwa. Pifò moun Pòtoprens, se chabon yo boule. Nou deja gen yon lide sou pwoblèm elektrisite nan kapital la depi plizyè dizèn ane. Se yon pwoblèm senp ki pa ka rezoud, epi nou gen enjenyè ak teknisyen Ayiti. Kidonk, chabon an se yon nesesite pou popilasyon an. Moun yo bezwen l, e se pa sèlman nan Pòtoprens, men nan tout kwen peyi a.

Dtè Gerald Murray, yon gwo entelektyèl / antwopològ ki fè dizan nan Tomazo, kouvri yon bon pati sou pwoblèm anviwonnman an nan kèk dokiman li pibliye. Li te patisipe nan yon pwogram rebwazman ki te gen objektif plante yon milyon pyebwa. Sa gen prèske ventan. Nan yon konferans li te fè nan "University of Massachusetts-Boston" (Etazini) nan ane 80 yo, li te pale sou jan gen moun ki koupe nan pyebwa sa yo apre pou fè chabon, menm sa yo ki pote fri. Poukisa yo fè sa? - Paske yo pa ka fè lòt jan. Paske yo pa ka konte ankò sou travay latè. Tè yo pa wouze. Anpil nan peyizan yo pa gen tè pou travay. Yo pa gen machin pou travay tè a. Se ak menm vye zouti lontan yo, menm vye teknik yo kontinye sèvi.

Èske gwo pwoblèm sa a se jis yon pwoblèm anviwonnman oubyen èske li gen pou wè ak politik? M ap atire atansyon nou sou mo "Politik" la. Sa vin fè pati kilti ayisyèn nan pou tande anpil Ayisyen di "mwen pa nan politik" oubyen pou rann sa pi komik, "mwen pa nan polutuk". Sa se yon enfliyans diktati Divalye a ki te fè kwè politik se yon peche mòtèl, yon fason pou te kite koze sa a entouchab pandan tout rèy trantan li an.

Youn nan koze ki alamòd kounye a, lè y ap pale sou pwoblèm anviwonnman se pawòl "resiklaj boutèy plastik". Kounye a an Ayiti, ti po jina, tanmpiko, twopik, bousta, elatriye, se youn nan pi gwo sous fatra nan lari. Lide ‘resiklaj' la se ta pran boutèy plastik sa yo pou sèvi ak yo ankò, yon fason ou yon lòt. Mwen te li yon koze sou sa nan yon fowòm ayisyen. Mwen pa di sa pa enpòtan, men m ta ankouraje nenpòt fowòm ayisyen ak lòt fowòm sou Ayiti pou chita sou vrè pwoblèm Ayiti ap travèse tankou pwoblèm ekoloji, ewozyon, agrikilti ak nenpòt bagay ki detwi anviwonnman an.


Yon paradi ki sou wout pou tounen lanfè. --

Mwen fèt e grandi nan yon ti kanton nan sid. Mwen panse se nan yon paradi mwen t ap viv lè m te jèn. Se vre pa t gen zanj nan zòn lan, men mwen te ka wè diferan espès zwazo, twa larivyè pase twa minit ak lakay mwen, mòn yo te ble epi moun te ka manje. Mwen te kontante m de lanati ak tout sa ki te nan antouraj mwen. Nou te gen chen ki t ap ban nou sekirite 24 sou 24 (24/24), kabrit, kochon, poul ak lòt bèt domestik nan lakou a. Mwen te konsidere yo kòm zanmi m menm lè yo pa t ka pale avè m men yo ta gade m, vin santi m. Yon fason, mwen te santi yon kalite "kominikasyon" ant nou. M ta kriye lè yo vann oubyen
tiye kèk ladan yo.

Dènye fwa mwen t al vizite kanton sa a an 1980, li te tou jòn. Pa prèske gen plant ak pyebwa mwen te konn wè yo lè m te piti. Zwazo yo kite zòn nan. Pa gen kote pou yo fè nich oubyen pou yo repoze. Lapli pa tonbe. Larivyè yo prèske seche. Vwazen m yo kite zòn nan, y al rete lòt kote. Kèk al Pòtoprens pou lavi miyò. Anpil moun mwen te konnen, jenn kou granmoun, mouri. Se tankou yon dezè. Mwen panse gen lòt kote Ayiti ki gen menm pwoblèm sa a.

Si gouvènman ayisyen pa pran sa oserye, nou ka pale, kontinye pale, bay tout bèl lide pou devlopman Ayiti, men si nou kite "agrikilti" ak "anviwonnman" dèyè, Ayiti pa p fè yon pa kita yon pa nago. Bèl lide k ap sikile sou touris, envestisman, pi bon lekòl, lekòl gratis, alfabetizasyon, wout, elt… pou yon pi bon avni pou peyi a, si yo pa mache ak agrikilti, yo pa p janm pote yon vrè solisyon.

Kle solisyon pwoblèm peyi a. --

‘Agrikilti' se premye bagay ki pou fè Ayiti mache. Yon moun pa bezwen ekonomis pou l konprann enpòtans agrikilti. Ann kite 'resiklaj' vin apre. Moun Ayiti pa ka manje boutèy lè yo grangou. Peyizan ayisyen bezwen tè pou travay, dlo pou wouze ti moso tè yo genyen; yo bezwen fè jaden pou plante tout sa yo ka pwodui pou manje, pou sipòte fanmi yo, vann ladan yo pou jwenn kòb pou lòt bagay yo bezwen.

Pou fini, devlope agrikilti atravè peyi a ap youn nan repons pou fè peyizan ayisyen sispann janbe fwontyè a (ilegalman ou legalman, ansanm ak tout mache nwa biznis sa a gen ladan). Epitou, sa va youn nan bagay ki pi enpòtan nan batay pou chanje figi Ayiti. Peyizan nou yo pa p bezwen deplase al Pòtoprens pou yon dyòb ki pa menm peye kat dola pa jou. Menm jan tou, yo pa p kontinye riske vi yo nan gwo lanmè pou ateri Baamas ou Miyami pou al chache lavi miyò.

Tout moun dwe met men! --

Pwoblèm peyi a pa konsène Ayisyen k ap viv ladan l sèlman. M ap mande tout moun, chak Ayisyen pou ta pran yon moman pou reflechi sou kanton, vil oubyen kominote yo soti a. Wè kijan ou ka mete ansanm ak moun ki soti menm kote ak ou Ayiti, k ap viv kounye a nan dyaspora a pou fè yon bagay pou kominote ou a. Jwenn ak yo pou diskite pwoblèm moun nan kominote ou soti Ayiti a, epi kisa ou ka fè pou ede yo.

Ou se doktè, pwofesè, enfimyè, komèsan, biznismann, edikatè? Kèlkeswa sa ou ye a, kisa ou ka fè pou ede pwòp kanton, vil ou soti Ayiti a? Èske kanton ou an, vil ou a gen youn nan sa yo: klinik, lopital, bibliyotèk, lekòl, lise, mòg, bank, legliz, boulanje…? Konbyen timoun la ki pa ka al lekòl? Sa k pa ka al lekòl yo, chache konnen poukisa epi kijan ou ta ede kèk ladan yo. Vizite pwòp kanton, vil kote ou soti a lè ou al Ayiti. Pa jis ret pran plezi nan plaj ak nayklib. Montre moun nan kominote ou soti a ou avèk yo, ou atache ak yo, ou konekte ak yo nan lespri. Montre yo ou solidè ak yo. Chache konn sa yo bezwen, sa yo ta renmen genyen nan kominote a, menmsi ou pa ka founi yo li. Pran nòt, ale ak yon tep pou anrejistre sa yo di epi pataje yo ak yon zanmi, ak yon moun ki vle ede kominote ou a.

Mwen gen espwa Ayisyen lòtbò dlo jwenn ak sa ki lakay ka sove Ayiti nan venteyinyèm syèk la. Yo dwe jis kwè nan kapasite yo, sa yo ka fè (piti kou l ta ye nan je yo ak nan je zòt, yo dwe fyè de sa yo akonpli) pou chanje Ayiti Cheri.

(Emmanuel W. Védrine)
Bon Nouvèl, #352. Jen 1999


Repons sou sijè sa: