An repons a: Ki lè n a devlope yon èv fondamantal sou sentaks kreyòl la ki kapab gide tout moun ki ta renmen ekri kreyòl la kòmsadwa? Benn Hèbèltwèt te ekri a,
Jan Wobè Plasid afiche mesaj sa, jou 11 Mas 2001 a 08:58:37:
Nan Sosyete Koukouy Seksyon Kanada, nou kontan dèske nou pran pant analiz semantik ak analiz gramatikal mo yo, pou nou konnen ki jan n’ap ekri yo, sitou lè nou mete mo sila yo nan kontèks youn fraz. Gen ankò kèk doktè lengwistik patante ki bloke toujou epi ki vle bay aspè fonetik la plis enpòtans. Men nou kwè, analiz sentaksik ak semantik yo, se youn bon demach sa ye, si nou konekte yo ak règleman fonetik kreyòl yo. Konsa, n’ap kapab devlope youn òtograf ki kòdyòm ak fonoloji, ni ak leksik , ni ak sentaks kreyòl baz la.
PREMYÈ PATI
Anvan nou kòmanse, nou ta vle chita 3 koze. Gen lèt, fonèm, sekans fonetik ki pa mòfèm ditou, ki toujou kole. Gen lèt, fonèm, sekans fonetik ki se mòfèm lib, ki ekri detache, dekole. Gen lèt, fonèm, sekans fonetik ki pa mòfèm lib, ki se mòfèm atache, ki se afiks ( cf. prefiks, enfiks, sifiks ), ki ekri kole osnon atache. Annou konsidere kreyòl nou pale a.1- Nan " onivo / oserye / okouran ", ( cf Hèbèltwèt ), analiz pa nou pa pèmèt nou di gen youn mòfèm toutis ki ekri k ole, ki se youn afiks prefiks epi ki kapab prepozisyonalizan, oswa advèbyal, osnon adjektival.
Yoùn, se paske, nan kreyòl ayisyen an, afiks prefiks yo gen youn sans pou tèt yo, epi se sa ki pèmèt yo chanje sans mo baz yo soude ak li a, men sepandan, yo pa chanje kategori gramatikal mo a.
Ann amize nou avèk afiks prefiks tankou " de " ak " re " ki ta dwe gen menm konpòtman ak tout lòt afiks prefiks yo, piske yo chanje sans men yo pa chanje kategori gramatikal mo a, nan kreyòl baz la. Paregzanp, vèb yo toujou rete vèb, epi adjektif yo toujou rete adjektif. Egzanp :
- monte, demonte, remonte / plase, deplase, replase
- rebyen, remalad, refè, rechita, rekanpe, redebou, rewè, revini,
- depafini, devide, dechalbore, depatcha, dewete, derefize,De, se paske, lè nou aplike tès Hèbèltwèt la, nou remake, nan kreyòl ayisyen an, lèt " o " a kapab gen youn adjektif ki separe li ak baz ki akonpaye li a. Egzanp :
- Jamè / o gran jamè. Egzanp : O gran jamè, nou pa vle diktati ankò.
- Moman / o dènye moman. Egzanp : O dènye moman, yo rantre.
- Konplè / o gran konplè. Egzanp : Ayiti ap klin nèt, o gran konplè.
- Jès / o premye jès. Egzanp : O premye jès sispèk li fè, mete li deyò.Deplis, si lèt " o " a gen youn sans lokatif ou pa lokatif, si lèt " o " pa gen okenn sans ditou, ( si yo ekri li lib dekole osnon si yo ekri li kole atache ) , sanble fraz la pa gen menm sans lan. Egzanp :
- " Ofon ", msye pa youn move prezidan pase sa.
- " O fon " lakou a , / " nan fon " lakou a, fatra pil sou pil.
- Msye pran travay li "o serye"/Msye pran tavay li avèk serye.
- Se pa premye fwa m' prale "o kabinè"/" nan kabinè twalèt ".
- Poutèt pa gen youn politik latrìn sanitè pou tout kay Ayiti, gen moùn Pòtoprens ki " okabinè " atè / ki " fè kaka " atè.
- Ou kapab achte youn djip o youn kamyon. ( o = oswa = osnon = ou = oubyen )
- Ede mwen peye kay la o ou mèt mache pòs ou.Kòmantè :
Nan de dènye fraz sa yo, nou gen youn mòfèm lib " o ", ki gen pwòp sans pa li, ki se youn konjonk syon , epi ki sèvi pou konekte de non osnon de fraz.2- Pakonsekan, nan analiz pa nou, nou abouti ak twa konklizyon :
1) Nou gen youn mòfèm lib " o " , ki gen sans " ou = oubyen = osnon = oswa ", ki sèvi kòm konektè, konjonksyon. Tcheke de dènye fraz pi wo yo. Mòfèm lib " o " sa a gen rasin li nan lanng Pòtigè o nan lanng Panyòl, kote li gen menm sans avèk sans li genyen nan kreyòl la.
2) Nou pa gen okenn mòfèm atache " o ", ki pa lib, ki ekri kole, epitou ki pou ta jwe wòl afiks prefiks nominal, vèbal, advèbyal, adjektival, konjonksyonèl. Men nou jwenn youn lèt " o " ki ekri kole, san okenn sans espesyal pou tèt li, epi ki chita nan kòmansman plizyè non, nan divès kalite konjonksyon, nan kèk vèb .... Nou ka jwenn li tou nan mitan youn mo. Egzanp : " sizoka, mizopwen ... "
3) Nan kreyòl franse a, nou kapab genyen youn mòfèm lib " o ", ki pafwa gen oun sans lokatif (cf. " o Kanada / nan Kanada ", " o nivo / nan nivo " ), ki pafwa gen youn sans ki pa lokatif ( cf. " o serye / avèk serye "). Èske nou ka aplike li nan tout kreyòl la nèt?, nan tout nivo?
Degi :
3- Men lis yon seri non peyi ak lòt non ki kòmanse ak lèt " o ", san okenn sans espesyal.
Okay, Okap, Ozetazini, Okalbas, Ozanana, Ovaz, Obòy, Okadè, Ozanglè,
onondipè, orevwa, obivèt … Egzanp :
- Ozetazini, Katolik yo fè onondipè menm jan ak Okap.
- Nan bal Okalbas, kavalye chèlbè mennen dam li obivèt.
- Cheri, mwen prale Ozanana. Ositou, m’ap di ou orevwa.
Kòmantè :
Malgre lèt " o " ekri kole, san okenn ti jwen pou ta rantre ekri youn lòt mo, men nan ka sa yo, li pa gen okenn sans poukont li. Donk, nou pa jwenn okenn evidans pou nou ta konsidere li tankou youn mòfèm afiks prefiks nominal.4- Men lis yon seri konjonksyon ( osnon konektè ) ki kòmanse ak lèt " o ":
o, oswa, osnon, olye, ojis, ofon, okontrè, omwen, ositou ...Egzanp :
- Fè travay serye olye ou fè medizan malpalan.
- Ojis, ki sa touye moùn bay ? Okontrè, pwoteje lavi pi bèl.
- Omwen, si tout timoùn te al lekòl, pa t' ap gen kokorat ankò.
Kòmantè :
Nan twa fraz sa yo, nou jwenn lèt " o " nan kèk konektè tankou " olye, okontrè, ojis ". Men li pa gen pyès sans ditou pou tèt li. Ositou, nan twa fraz sa yo, nou pa gen okenn mòfèm kole " o " ki se youn afiks prefiks, alewè pou li ta konjonksyonèl ( ? ) . Pakont, pa bliye, nan lis konektè nou site anwo yo, nou gen youn mòfèm lib " o ", ki vle di " ou = oubyen = osnon = oswa ", epi ki se youn konjonksyon poukont li.Piske nou pa gen youn mòfèm atache " o " kole, ositou, n’ap mande nou èske nou pa ta ka konsidere lèt " o " sa a tankou youn prepozisyon nan kreyòl ( nan kreyòl franse a ) ? Olye pou nou ta konsidere li kòm youn afiks prefiks prepozisyonalizan, ... tankou jan Hèbèltwèt ta pwopoze li a.
Sizoka n' ap konsidere lèt " o " tankou youn mòfèm lib, ki ta kapab youn prepozisyon ki lokatif ou ki pa lokatif nan kreyòl franse a, nou ta renmen tande pozisyon pa Nikola Andre, piske li te pwopoze pou nou te ekri " o Kanada ", epi li poko janm retounen sou sa ankò.
Jan Wob è Plasid
Pwofesè kreyòl, manm Sosyete Koukouy Seksyon Kanada
-->