ANMWE - FONKOZE BEZWEN SIPÒ PIBLIK LA


[ Kesyon Moun Mande Anpil ]

FONKOZE afiche mesaj sa, jou 08 Septanm 2000 a 08:47:42:


TANPRI SOUPLE FÈ TEKS SA A SIKILE
________________________________
________________________________
YON APÈL POU PIBLIK LA SIPÒTE N
FONKOZE BEZWEN SIPÒ PIBLIK LA

7 Septanm 2000

Nan mèkredi 6 septanm 2000, yon kòmando dis moun
ak zam pran kontwòl biwo santral Fondasyon Kole Zepòl
(FONKOZE) nan Pòtoprens. Yo fè gadyen FONKOZE yo
kwè se lapolis yo ye.

Yo maspinen anplwaye yo, yo volè lajan yo, epi yo fè yo
kouche atè; yo fòse direktè FONKOZE a louvri kòfrefò
biwo a epi yo pran tout sa k te ladan l.

Sa k pi grav la, yo maspinen epi kidnape yon anplwaye
FONKOZE ki rele Amos JANO (Amos JEANNOT).

Na p mande manm òganizasyon entènasyonal dwamoun,
zanmi ak sipòtè FONKOZE, epi tout lòt sitwayen ameriken
oubyen ayisyen pou yo pran senk aksyon nan lis ki pi ba
sou paj la, yon fason pou y kenbe kòn solidarite ak malere
ann Ayiti:

1. Mande pou malfektè yo lage Amos JANO,

2. Mande Gouvènman Ayisyen an pou l fè bonjan ankèt
sou ka sa a epi bay FONKOZE ak lòt òganizasyon k ap
travay ak pèp la pwoteksyon,

3. Pran kontak ak reprezantan yo nan Kongrè Ameriken
an pou yo mande Gouvènman Ayisyen an pou l fè ankèt
sou ka sa a epi bay FONKOZE sipò,

4. Mobilize rezo pa yo sou ka sa a, epi

5. Fè bonjan lapriyè pou nou, espesyalman pou Amos JANO
ki anba kòd malfektè yo.

Souple, rele oubyen voye faks bay:

Rene Preval
Prezidan Repiblik d Ayiti
Faks : 011 509 223-2530

Pyè Denize
Chèf Lapolis
Faks : 011 509 245-7374

Anbasad d Ayiti nan Wachintonn
Telefòn : 202 332-4090
Faks : 202 328-6375

Santral Kongrè Ameriken
Telefòn : 202 224-3121

Mèsi anpil,

Leigh Carter
Direktè egzekitif
FONKOZE USA
Telefòn : 202 667-1277
E-Mail : FONKOZEUSA@cs.com


Repons sou sijè sa: